Rooby Jean Charles Live

Rooby Jean Charles Live Yon mikwo pou vwa jèn yo, yon espas pou teknoloji, sosyete ak politik pou bati lavni Ayiti.

31/03/2026

Emisyon YON LOT VIZYON | DIMANCHE 29-03-2026 | Kisa dekrè elektoral oktob 2025 lan di?

18/03/2026

Lè map pran sanm byen poum koute entèvansyon Pierre Espérance fè maten an nan emisyon KISA NOU VLE AK ROODY SANON sou Dosye revokasyon Jacques Ader a, finalman Mwen rive konprann ke se enterè nèg yo Jacques Ader manyen, selon Pierre Espérance yo revoke Jacques Ader pou mank disiplin (paske li rive anreta lè chèf wo eta majò a konvokel) AK pou mank pèfòmans ( sa vle di li pa bay rezilta) kesyon map poze se ki rezilta nèg yo te bezwen lè nou konnen se sou Jacques Ader ke Bel air rekipere se sou Jacques Ader Moun ka fè yon ti kanpe sou channmas la e se sou Jacques Ader tou nan nwit 11 pou rive 12 mas yon gwo operasyon lapolis te tanmen kò li kote operasyon an tap byen dewoule pandan semèn nan ebyen yo revokel toujou selon Pierre Espérance Jacques Ader fatige yo bal ti repo, Mèsi leta peyim sitiyasyon sa repete plizyè fwa pandan dènye 10zan sa yo chak fwa yon Moun vle bay rezilta swa yo touyel swa yo revokel

18/03/2026

Jacques Adere just entansifye operasyon yo lapolis ap mennen sou vilaj la.
Ebyen PM Alix Didier Fils Aimé revokel
Lèm di nou, nou pa bezwen mete espwa sou sekirite nan peyi sa nou dim se pa vre

18/03/2026

PHTK ki pa enskri nan 320 pati politik yo, se pa la PHTK pa la non lidè li yo just enskri sou yon lot pati paske yo konnen ki dega yo fè sou peyi a, yo wont parèt tèt yo sou banyè PHTK a, pèp la kale je nou pou nou pa pran gòl AK men👀

Ou menm Ki Okap branche chak dimanche midi pou 2 heures sou Radio Translation FM 88.5
11/03/2026

Ou menm Ki Okap branche chak dimanche midi pou 2 heures sou Radio Translation FM 88.5

🚨Etazini fè konnen yo pa dakò ak okenn chanjman gouvènman pou kounye a ann Ayiti, paske sa ka mennen plis enstabilite.Da...
22/01/2026

🚨Etazini fè konnen yo pa dakò ak okenn chanjman gouvènman pou kounye a ann Ayiti, paske sa ka mennen plis enstabilite.
Dapre yo, pi gwo priyorite a se retabli sekirite ak lòd nan peyi a.

Yon gwoup nèg AK zam deside ouvri kout bal sou lapolis AK jounalis nan perimèt ri Magloire Amboise AK channmas pandan la...
15/01/2026

Yon gwoup nèg AK zam deside ouvri kout bal sou lapolis AK jounalis nan perimèt ri Magloire Amboise AK channmas pandan lapolis tap fè netwayaj nan zòn nan.

Anyen direktè general (MICT) a kise Fednel Monchery debake al siyen petisyon yo lanse kont Pierre Esperance lan.
15/01/2026

Anyen direktè general (MICT) a kise Fednel Monchery debake al siyen petisyon yo lanse kont Pierre Esperance lan.

Deklarasyon Anbasad ameriken an an Ayiti: An 2025, pandan gang teroris yo t ap eseye destabilize peyi D Ayiti, Etazini t...
15/01/2026

Deklarasyon Anbasad ameriken an an Ayiti: An 2025, pandan gang teroris yo t ap eseye destabilize peyi D Ayiti, Etazini te kanpe bò kote pèp ayisyen an. Nou te pote yon sipò konkrè epi nou te ede Ayisyen yo travay pou yon lavni ki pi an sekirite ak ki gen plis pwomès lespwa. Nan 2026, Etazini pral kontinye sipòte Ayisyen yo. Lavni Ayiti pral ekri pa Ayisyen ki konn travay di, e non pa ak gang teroris yo.
___

En 2025, alors que des groupes armés terroristes cherchaient à déstabiliser Haïti, les États-Unis ont réaffirmé leur solidarité avec le peuple haïtien. Un appui tangible a été apporté afin d’accompagner les Haïtiens dans leurs efforts pour bâtir un avenir plus sûr et porteur d’espoir. En 2026, les États-Unis poursuivront leur engagement aux côtés des Haïtiens. L’avenir du pays sera façonné par de rudes travailleurs Haïtiens, et non par la violence des gangs terroristes.

___

In 2025, while terrorist gangs tried to tear Haiti apart, the United States stood with Haitians. We delivered real support and helped Haitians work for a safer, brighter future. In 2026, the United States will keep supporting Haitians. Haiti’s future will be written by hard-working Haitians, not the terrorist gangs.

📢 Gwo Emisyon Dimanch Sa a!🎙️ Nan Radio Télé Pèp La — 104.5 FM (Cap-Haïtien)🗓️ Dimanch 1h PM - 3h PM“Enjerans diplomatik...
30/11/2025

📢 Gwo Emisyon Dimanch Sa a!

🎙️ Nan Radio Télé Pèp La — 104.5 FM (Cap-Haïtien)
🗓️ Dimanch 1h PM - 3h PM

“Enjerans diplomatik nan zafè ayiti a: ka Fritz Alphonse Jean ak diplomat yo.”

Èske envazyon diplomatik ap enfliyanse politik peyi a twòp? Ki verite ki kache dèyè presyon entènasyonal yo? Dimanch sa a, n ap trete sijè a an pwofondè!

👉 Pa rate sa! Pataje, envite yon zanmi.

🎙 Dimanch 23 Novanm 2025 – 1h PM pou 3h PM sou Radio Télé Pep La 104.5 FM💡 Tèm : “Travay sou entènèt : Opòtinite oswa il...
21/11/2025

🎙 Dimanch 23 Novanm 2025 – 1h PM pou 3h PM sou Radio Télé Pep La 104.5 FM
💡 Tèm : “Travay sou entènèt : Opòtinite oswa ilizyon pou jèn ayisyen ?”

Dimanch sa a, n ap resevwa envite espesyal nou Rood Design HT, youn nan editè videyo ki plis ap enspire jèn yo sou rezo yo.
Nou pral fouye fon nan mond travay sou entènèt la : èske se yon veritab chans pou jèn ayiti yo, oswa sèlman yon rèv san fondman ?
Pa rate emisyon an—konesans sa yo ka chanje laviw

Adresse

#24 Carrefour Feuilles
Port-au-Prince
HT6110

Téléphone

+50934599265

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Rooby Jean Charles Live publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Rooby Jean Charles Live:

Partager