06/11/2025
🚨Tout jèn nan Cap-Haïtien ak tout kote nan peyi a, gen yon nouvo espas pou nou pale, reflechi, epi enspire youn lòt!
Depi dimanch a 1è PM, pa rate emisyon “Ki Avni Jèn Yo an Ayiti jodia?”,anime pa Ing Rooby Jean Charles.
Yon emisyon ki pote sou teknoloji, sosyal ak politik sou lavni jèn ayisyen yo.
Nou pral poze gwo kesyon tankou :
💡 Èske teknoloji ka sove jèn ayisyen yo?
🎓 Ki plas edikasyon ak inovasyon genyen nan chanjman Ayiti ?
🤝 Kisa nou menm jèn yo ka fè pou konstwi yon lòt Ayiti ?
📍 Radio Télé Pèp La 104.5 FM – Cap-Haïtien
🕐 Chak Dimanch | 1:00 PM
🎧 Koute, reaji, pataje ide w!
Paske lavni Ayiti, se jèn yo k ap ekri l. ✊