20/02/2022
DE : Jherry le combattant
A : Olivier Martelly
Chè Olivier Martelly,
Menm jan ak anpil moun mwen wè kijan long metraj ou apèn sòti a simaye sou entenèt kote moun yo mete li sou anpil platfòm gratis, poutan li pa ta dwe konsa paske mwen sipoze youn nan objektif ki te pouse ou te fè li se pou ou te ka benefisye de li ekonomikman. Anpil moun pran plezi pataje l, gade l gratis epi y ap rejwi de sa, pami yo mwen menm JHERRY ki adrese w lèt sila. Mwen fè chwa pa gade bagay ou, men mwen pa neglije simaye l tout kote.
An efè, ou petèt ap mande tèt ou poukisa Ayisyen mechan konsa ? Poukisa yo egri konsa ? Poukisa nou rayi w konsa ? Men veritab kesyon ou ta dwe poze tèt ou se :
> Kisa mwen ye nan sosyete a ?
> Kijan moun yo wè m ?
> Kisa mwen vo ?
> Kisa mwen itil ?
Pou ou jwenn repons sa yo, premye bagay pou ou pa janm bliye ou se Pitit Michel Joseph Martelly (ou konnen tout sa sosyete panse de papa w)
Si ou menm ak antouraj ou ka ap bay tèt nou manti, banm ede w konprann kijan fristre parèy mwen yo wè w :
Si pou ou, ou se YON CHANTÈ
Ou ka wè w kòm MIZISYEN, ANTREPRENÈ, PWODIKTÈ, PWOMOTÈ, SINEYAS, AKTÈ, REYALIZATÈ KI GEN YON MASTÈ... Ebyen pou sila ki nan mas pèp la nou jis wè w tankou yon vòlè.
Ou ka petèt wè w nan kategori BIC, ROODY ROODBOY, JIMMY JEAN LOUIS, RICHARD SENECAL, K-LIB poutan an reyalite fanmi w fè nou fè referans ak IZO, TI LAPLI, LANMÒ SAN JOU vèsyon po klè.
Si ou panse se yon pwoblèm fristrasyon, gade pou wè kijan nou te kontan wè JESSICA GENEUS ki t ap fè gran eksplwa Nan sinema, gade kijan nou toujou la pou Wendyyy ak anpil lòt jèn.
Lè mwen menm Jherry le combattant, mwen gen istwa (senaryo ekri) k ap dòmi nan tiwa depi 6 zan, ou panse fristrasyon ap pèmèt mwen sipòte yon jèn parèy mwen k ap reyalize pwojè pa l ak fon petwokaribe ? Kote ekilib la ? Kòman m ap janm fè konnen ou gen talan sinema pase m lè papa w gen chèk 3 milyon dola chak mwa nan leta a san li pa nan okenn pòs ? Èske mwen bezwen