Réalité Haïti media

Réalité Haïti media nou se yon media an ligne
(1)

17/07/2026

Je suis sur la liste des interactions hebdomadaires de Roussenel Bataille et de 3 autres personnes.

30/06/2026

Avec Kerline Jerome – Je fais désormais partie de ses super fans !

*Nouvo Katèl Magistra yo nan Grangwav : Yon Nouvo Espwa pou Komin nan*Jodia 22 me 2026, komin Grangwav la antre nan yon ...
22/05/2026

*Nouvo Katèl Magistra yo nan Grangwav : Yon Nouvo Espwa pou Komin nan*

Jodia 22 me 2026, komin Grangwav la antre nan yon nouvo etap avèk enstalasyon nouvo katèl magistra yo. Chanjman sa rive nan yon moman kote anpil sitwayen ap tann gwo amelyorasyon nan fason komin nan ap jere ak devlope. Pandan plizyè moun ap salye nouvo ekip la, gen anpil kestyon ak espwa ki leve sou direksyon nouvo administrasyon sa ap pran.
Nou konnen ansyen magistra Salam li te jwenn anpil kritik sou fason li t ap dirije komin nan. Anpil moun te reproche li pou move fonksyònman administrasyon an, mank aksyon konkrè, ak absans pwojè reyèl pou amelyore lavi popilasyon an. Se poutèt sa, anpil sitwayen swete nouvo responsab yo aprann nan erè pase yo pou yo pa repete menm bagay yo ankò.
Pami twa nouvo magistra yo, youn ki deja fè anpil moun pale se Jean L. Gelin, anpil moun konnen sou non “Edesse”. Pou anpil sitwayen, misye se yon moun ki gen pawòl, vizyon ak kapasite leadership. Gen moun ki kwe prezans li nan katèl la kapab pote yon nouvo dinamik nan jesyon komin nan. Menmsi pawòl sèlman pa sifi, anpil moun espere li pral montre nan aksyon li vrèman pare pou sèvi enterè popilasyon an.
Jounen jodia, Grangwav bezwen plis pase bèl diskou. Komin nan bezwen devlopman reyèl : bon wout, plis sekirite, pwòpte, sipò pou jèn yo, ankourajman pou touris ak amelyorasyon sèvis piblik yo. Se sou kestyon sa yo popilasyon an pral jije nouvo administrasyon an.
Katèl tranzisyon sa gen yon gwo responsablite sou zepòl li. Li dwe travay nan transparans, mete enterè komin nan anvan enterè pèsonèl, epi kreye yon relasyon konfyans ak popilasyon an. Se sèlman konsa yo kapab fè diferans epi kite yon bon tras nan listwa Grangwav.
Nou swete nouvo ekip sa konprann tan an pa pou pwomès ankò, men pou aksyon konkrè. Grangwav merite devlopman, epi popilasyon an merite wè chanjman li ka santi nan lavi chak jou li. Nou espere katèl tranzisyon sa ap pote yon nouvo van espwa pou tout komin nan.

*Henry Sonel pou Réalité Haïti Média.*

*Wout Tayino a: Yon Richès Touristik Grangwav Bezwen Sove*Nan komin Grangwav, genyen anpil bèl kote ki fè fyète zòn nan,...
17/05/2026

*Wout Tayino a: Yon Richès Touristik Grangwav Bezwen Sove*

Nan komin Grangwav, genyen anpil bèl kote ki fè fyète zòn nan, men youn nan kote ki plis atire moun se wout Tayino a. Se yon espas ki gen anpil valè touristik, yon kote moun renmen vizite pou bote natirèl li, anbyans li ak tout sa li reprezante pou komin nan. Chak ane, anpil moun soti nan diferan kote pou vini dekouvri zòn sa a, men malerezman kondisyon wout la pa bay bon imaj ditou.
Jounen jodi a, wout Tayino a prèske pa aksesib. Chak fwa lapli tonbe, se gwo labou, gwo twou ak dlo k ap kouvri tout chemen an. Moun ki itilize wout la ap soufri anpil. Machin konn bloke, motosiklèt konn glise, epi pyeton yo menm oblije pase anpil mizè pou rive kote yo prale. Sa vin fè anpil moun dekouraje vizite zòn nan, malgre tout potansyèl touristik li genyen.
Depi plizyè ane, anpil politisyen itilize kestyon wout Tayino a kòm zouti kanpay. Yo toujou pwomèt y ap fè wout la, y ap bay zòn nan yon lòt figi, men apre eleksyon tout pwomès disparèt. Popilasyon an kontinye ap tann pandan sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou. Sa fè anpil moun pèdi konfyans nan pawòl responsab yo.
Wout Tayino a pa sèlman enpòtan pou touris. Li enpòtan tou pou devlopman ekonomik Grangwav. Lè yon wout bon, sa fasilite komès, deplasman moun ak antre vizitè nan komin nan. Ti machann, chofè ak tout moun k ap travay nan zòn nan ta jwenn plis opòtinite si wout la te nan bon kondisyon.
Pandan Premye Minis lan ap chanje katèl yo, popilasyon Grangwav la gen gwo espwa. Nou swete nouvo katèl sa a mete wout Tayino a kòm premye priyorite li. Se pa sèlman yon kestyon politik, men yon kestyon devlopman ak respè pou yon komin ki merite pi bon kondisyon lavi.
Li lè pou otorite yo sispann fè pwomès sèlman. Wout Tayino a bezwen aksyon konkret. Grangwav merite yon wout ki pwòp, ki modèn, epi ki kapab resevwa tout moun k ap vin dekouvri bèlte komin nan san soufrans.

Henry Sonel pou Réalité Haïti Média.

Wout Grangwav yo: Devlopman oubyen gaspiyaj lajan piblik?Nan dènye tan sa yo, anpil moun nan vil Grand-Goâve ap pale sou...
07/05/2026

Wout Grangwav yo: Devlopman oubyen gaspiyaj lajan piblik?

Nan dènye tan sa yo, anpil moun nan vil Grand-Goâve ap pale sou kestyon kèk rout kap fèt nan komin nan. Yon pwojè ki te dwe pote espwa ak soulajman pou popilasyon an sanble ap tounen yon lòt sous dezespwa ak kestyonman. Paske olye travay yo fèt ak transparans ak pwofesyonalis, anpil sitwayen ap denonse fason otorite yo ap jere dosye a.
Daprè plizyè temwayaj, moun ki jwenn kontra pou fè rout yo pa sanble gen ase konpetans ni eksperyans pou reyalize yon travay ki solid e dirab. Sa ki fè anpil moun ap poze kestyon sou kijan kontra sa yo bay, epi sou ki baz yo chwazi moun sa yo. Genyen menm ki kwè pwojè a plis sanble ak yon fason pou blanchiman lajan pase yon veritab travay devlopman pou komin nan.
Nan yon pwojè konsa, ta dwe gen yon estrikti serye kap sipèvize travay la. Yon enstitisyon oubyen yon fòm jesyon teknik ki kapab verifye kalite materyo yo itilize, nivo travay la, ak respè estanda konstriksyon yo. Men daprè sa popilasyon an ap obsève, sanble pa gen okenn vrè siveyans sou chantier yo. Pi grav ankò, anpil moun ap kritike meri a paske yo estime se menm otorite lokal yo ki ap fè aranjman ak moun kap travay yo, san okenn transparans.
Yon rout pa fèt sèlman pou bèl aparans pandan kèk mwa. Li dwe fèt pou reziste ak tan, lapli, ak itilizasyon chak jou. Lè travay la pa fèt nan estanda, se popilasyon an ki vin peye konsekans yo pita: rout kraze rapid, pousyè anvayi zòn yo, machin ap sibi domaj, epi aksidan ka ogmante.
Sa ki pi tris nan sitiyasyon sa a, se kantite bezwen komin nan genyen. Chak goud leta oubyen komin nan depanse ta dwe sèvi ak sajès. Paske pandan pèp la ap lite ak lavi chè ak chomaj, li pa nòmal pou yo gaspiye lajan piblik nan travay ki pa menm garanti kalite.
Jodi a, anpil sitwayen nan Grand-Goâve ap mande plis transparans, plis kontwòl, ak plis respè pou komin nan. Devlopman pa fèt ak pale sèlman; li fèt ak bon jan travay, moun konpetan, ak responsablite. Si otorite yo vle vrèman ede vil la avanse, yo dwe mete enterè popilasyon an an premye olye enterè pèsonèl ak politik.

Henry sonel pou Réalité Haïti Média

01/05/2026

Deklarasyon Dr Erlandy DEMAS nan moman li t ap remèt Materyèl Medikal a Responsab Lopital Kominotè Geoges GAUVIN de Grand-Goâve, lakay li. Yon lo Materyèl ke li te pran nan Men Kominote Diaspora Grand-Goâve la ak divès Kòlèg Zanmi li pandan pasaj li aux États-Unis.

*Potoprens sou tansyon!!*Jounen jodi a nan Pòtoprens, sitiyasyon an te vin chofe apre plizyè polisye deside bloke wout p...
28/04/2026

*Potoprens sou tansyon!!*

Jounen jodi a nan Pòtoprens, sitiyasyon an te vin chofe apre plizyè polisye deside bloke wout pou manifeste kont arestasyon youn nan konfrè yo. Dapre enfòmasyon k ap sikile, polisye sa a ta enplike nan yon ensidan kote li te tire sou yon machin yo sispèk ki te gen mèsenè ladan l. Yo di tou machin sa a te deja sou alèt kidnaping.
Reyaksyon polisye yo pa t pran tan pou parèt: baryè leve nan plizyè zòn, mouvman paralize, epi tansyon monte nan mitan popilasyon an. Sitiyasyon sa a soulve anpil kestyon sou fason enstitisyon yo fonksyone, sitou lè se pwòp ajan leta yo ki ap konteste desizyon jistis la.
Yon lòt pwen ki pa ka pase anba silans, se diferans nan fason entèvansyon fèt selon moun ki enplike. Gen anpil sitwayen k ap fè remake ke, nan lòt okazyon kote se senp pèp la ki desann nan lari, repons lan souvan sevè: gaz lakrimojèn, dispèsyon fòse, pafwa menm vyolans. Men jodi a, malgre blokis ak dezòd yo, pa gen menm nivo reyaksyon sa a ki te obsève.
Sa vin mete aksan sou yon pwoblèm ki pi laj: kestyon sou egalite devan lalwa ak sou konfyans popilasyon an nan enstitisyon sekirite yo. Lè gen enpresyon ke règ yo pa aplike menm jan pou tout moun, sa fragilize plis relasyon ant pèp la ak moun ki sipoze pwoteje li.
Nan yon peyi ki deja ap fè fas ak anpil defi sekirite, sitiyasyon konsa mande plis pase reyaksyon emosyonèl. Li mande transparans sou sa ki pase a, ankèt serye, epi desizyon ki baze sou lalwa, pa sou presyon oswa solidarite gwoup.
Finalman, kestyon ki rete poze se: èske gen yon sèl jistis pou tout moun, oswa èske gen plizyè mezi selon kiyès ou ye? Repons kestyon sa a ap gen gwo enpak sou lavni konfyans nan sistèm nan ak sou estabilite sosyal nan peyi a.

Henry Sonel pou Réalité Haïti Média.

Zòn pa m pi bèl la: yon bèl inisyativ, men èske li ka dire?Nan dènye tan sa yo, nou wè yon mouvman k ap pran fòs sou rez...
26/04/2026

Zòn pa m pi bèl la: yon bèl inisyativ, men èske li ka dire?

Nan dènye tan sa yo, nou wè yon mouvman k ap pran fòs sou rezo sosyal yo ak nan plizyè katye nan peyi a: “Zòn pa m pi bèl la”. Se pa yon pwojè leta, ni yon gwo òganizasyon entènasyonal, men pito yon inisyativ ki soti nan men enfliyansè yo, sitou gras ak efò Josma Stanley ki mete lide sa a devan pou ankouraje jèn yo pran responsabilite pou anviwònman yo.
Objektif la senp men enpòtan: fè chak moun pran swen espas kote yo ap viv la, netwaye li, mete lòd, epi fè l vin yon kote ki agreyab pou tout moun. Nan yon peyi kote pwoblèm salte ak mank jesyon fatra souvan poze gwo kestyon, yon mouvman konsa vini tankou yon ti limyè espwa.
Mwen pèsonèlman wè sa kòm yon bèl inisyativ. Si chak katye ta vrèman pran sa oserye, sa ta ka chanje figi anpil zòn nan peyi a. Pa egzanp, lari ki te konn sal ta ka vin pwòp, moun ta santi yo pi alèz lakay yo, e menm imaj peyi a ta ka amelyore. Se yon aksyon ki pa mande gwo mwayen, men ki mande volonte ak disiplin.
Men kestyon ki rete a se: èske sa ap dire?
Nou konnen pèp ayisyen an gen yon tandans antre fò nan yon bagay lè emosyon cho, men kite l tonbe lè tan pase. Gen anpil fwa nou wè yon mouvman pran dife, tout moun ap pale de li, tout moun motive… epi kèk semèn apre, li disparèt tankou li pa t janm egziste.
Gen moun ki di se emosyon ki dèyè mouvman sa a tou, sitou ak enfliyans lòt figi piblik tankou Ariana ki fè plis moun antre ladan l. Sa pa yon move bagay, paske emosyon ka sèvi kòm pouse pou kòmanse yon bon chanjman. Men si pa gen disiplin dèyè li, mouvman an ka pa dire.
Pou “Zòn pa m pi bèl la” reyisi vrèman, li pa dwe rete yon tandans sou rezo sosyal. Li dwe tounen yon abitid, yon kilti. Chak moun dwe santi se devwa pa yo pou kenbe espas yo pwòp, menm lè pa gen kamera, menm lè pa gen “challenge”.
An rezime, se yon inisyativ ki gen anpil valè pou peyi a. Li ka ede bati yon Ayiti ki pi pwòp ak pi bèl. Men siksè li pap depann sèlman de moun ki lanse li yo, men sitou de kapasite pèp la pou kenbe menm enèji a sou long tèm.
Paske finalman, kestyon an pa sèlman “ki moun ki kòmanse li?”, men pito: èske nou pare pou fè li dire?

Henry Sonel pou Réalité Haïti Média.

Gaz la monte ankò: yon chòk nou pa pran oserye.Nan kèk jou ki sot pase yo, ogmantasyon pri gaz la nan peyi a vin frape p...
24/04/2026

Gaz la monte ankò: yon chòk nou pa pran oserye.

Nan kèk jou ki sot pase yo, ogmantasyon pri gaz la nan peyi a vin frape popilasyon an yon lòt fwa ankò. Kòm dabitid, gen kèk ti mouvman reyaksyon: isit la ou wè yon tantativ pou boule kawotchou, lòt kote moun pran lari pou fè bri. Men sa pa dire lontan. Apre 2 ou 3 ti tansyon, lavi tounen “nòmal” tankou pa gen anyen ki pase. Moun reprann aktivite yo, transpò kontinye mache, epi piti piti, tout moun sanble aksepte nouvo pri a.
Men kestyon an se: èske nou vrèman konprann sa k ap vini dèyè ogmantasyon sa a?
Reyalite a se, nou poko santi tout enpak la. Gaz se youn nan motè prensipal ekonomi an. Lè li monte, li pa rete nan ponp lan sèlman. Li antre nan tout bagay: pri transpò ap monte, machandiz ap vin pi chè, manje ap ogmante, sèvis ap vin pi difisil pou peye. Sa vle di lavi chè a ki deja ap toufe popilasyon an, pral vin pi rèd ankò nan jou kap vini yo.
Pwoblèm nan pa sèlman nan ogmantasyon an, men nan fason nou reaji ak li. Nou fè ti bri, epi nou lage. Nou adapte nou rapidman, pafwa san reflechi, san plan, san presyon reyèl pou chanjman. Sa bay enpresyon ke nenpòt desizyon ka pase, menm si li pa nan enterè majorite a.
Jodi a nou di “ann sipòte”, men demen, se nou menm ankò ki pral plenyen paske lavi vin enposib. Se pa kestyon pou fè dezòd sèlman, men kestyon pou konprann, analize, epi mande solisyon ki dirab.
Si nou kontinye ak menm atitid sa a, chak ogmantasyon ap vin yon lòt chèn sou kou nou. Epi yon jou, li ka twò ta pou nou di ase.
Se pa sèlman gaz la ki monte. Se presyon sou lavi nou ki ap ogmante tou.

Henry Sonel pou Réalité Haïti Média.

Adresse

Celin
Port-au-Prince

Téléphone

+50939390384

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Réalité Haïti media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Réalité Haïti media:

Raccourcis

Partager