Valéry Ricardi

Valéry Ricardi Bienvenue dans mon monde 🥺♥️
Designer - Photographe - Entrepreneur
Pour Collaboration : +509 5597-3578
(6)

OEA kondane. Nasyonzini kondane. Leta ayisyen kondane. Atis ak pèsonalite piblik kondane.Ok, Kenskòf resevwa senpati. Li...
26/08/2026

OEA kondane. Nasyonzini kondane. Leta ayisyen kondane. Atis ak pèsonalite piblik kondane.

Ok, Kenskòf resevwa senpati. Li fout resevwa yo, paske sa k pase a grav anpil. Plis pase 40 moun pèdi lavi yo, san konte moun bandi yo kenbe kòm otaj.

Men apre tout kondoleyans sa yo, kisa n ap fè?

Se la fristrasyon an ye. Chak fwa yon zòn tonbe, nou kondane, nou voye senpati, nou fè deklarasyon, epi apre kèk jou, tout bagay retounen nòmal tankou anyen pa t rive.

Jiskaske yon lòt zòn tonbe ankò.

Ann pran mezi pou sa pa repete nan lòt zòn. Ann pran mezi pou nou pa bezwen voye menm senpati sa yo ankò.

Pou mwen, Ayiti gen de gwo chimen pou evite pi mal la.

Premye a se yon vrè lapè nasyonal. Nou dwe jwenn yon fason pou pale, rekonsilye, korije sa ki dwe korije, epi bay moun ki vle chanje yo yon lòt opsyon. Men rekonsilyasyon pa vle di bliye krim, ni retire responsabilite moun ki fè lòt moun mal.

Dezyèm lan se yon gwo mobilizasyon nasyonal. Tout moun ki vle wè Ayiti viv dwe leve kanpe, òganize yo epi mande sekirite, jistis ak yon Leta ki pran responsabilite l.

Mwen konnen anpil moun pap dakò. Gen moun ki lwen reyalite nou ap viv la. Men moun k ap viv nan laperèz chak jou yo konnen doulè a.

Ayiti pa ka kontinye konsa.

Nou pa ka tann yon lòt masak pou nou kondane ankò. Nou pa ka tann yon lòt kominote pou nou voye senpati ankò.

Pèp la fatige.

Ayiti bezwen aksyon. Li bezwen desizyon. Li bezwen yon solisyon ki ka anpeche nou kontinye konte mò.

Kouraj ak tout moun Kenskòf !

😌
25/08/2026

😌

Tellement vrai 😌
23/08/2026

Tellement vrai 😌

20/08/2026
Je suis heureux de vous annoncer officiellement l’ouverture de mon agence de communication visuelle VR design communicat...
13/08/2026

Je suis heureux de vous annoncer officiellement l’ouverture de mon agence de communication visuelle VR design communication visuels .

Une nouvelle aventure commence, avec une vision claire, de l’ambition et l’envie de créer un véritable impact.

J’ai hâte de la voir évoluer, grandir et surtout, contribuer à la réussite de ceux qui nous feront confiance.

Le meilleur reste à venir.

Rendez-vous au sommet.

VR Design Communication Visuels est officiellement disponible !

Design graphique, marketing digital et photographie professionnelle : nous donnons vie à vos idées et valorisons votre image de marque.

Bèl Nègès ✨📷❤️Nati-Rèl Ayiti
12/08/2026

Bèl Nègès ✨📷❤️
Nati-Rèl Ayiti

Afro Festival 2026 ✨📸
11/08/2026

Afro Festival 2026 ✨📸

M pa anyen ke yon senp pasyone ✨📷
06/08/2026

M pa anyen ke yon senp pasyone ✨📷

Adresse

Croix Des Bouquets

Téléphone

+50948523690

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Valéry Ricardi publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager