21/01/2022
"Banda a la wonn "
Banda oubyen ( Gbanda ) se yon pèp ki soti nan Afrik santral, nou jwenn yo sitou nan repiblik santrafrikèn, kote yo fè pati pifò gwoup etnik yo, ou jwenn yo nan Repiblik demokratik Kongo, avèk Kamewoun tou.
Prezans kilti banda a nan amerik la spesyalman Ayiti sòti nan kolonizasyon, ak sa yo rele trèt negriyè kote yo te konn depòte moun nwa pou mennen yo sou kontinan amerik la kòm esklav, se youn nan rezon ki fè jounen jodia nou ka tande pale de rit Banda nan depatman latibonit, pi presizeman nan plenn Gonayiv, avèk depatman lwès spesyalman Akayè ki te gen yon bon valè nan banda yo ki te okipe zòn sa a, men banda yo pat rive anpil nan koloni an menmjan avèk lòt gwoup yo, Kòm vodou plis nan oraliti sa nou ka rele tradisyon bouch ak zòrèy la, nou ka pran chante vodou yo kòm referans
Ekzanp yon chan ke Grann Gitonn te konpoze ki se
Banda eh banda ale Lakayè🎶 voye rele banda pou mwen🎶 banda ale Lakayè
Grann Giton li menm te soti nan tribi banda a tou
Banda se te yon tribi twoubadou ki te renmen mache chante, danse tout kote
Si nou fè yon ti kout pye sou kontinan ewop la tou, nan sid-wes peyi lafrans nou ka jwenn non banda a tou ki se yon fanfa ki la pou anime defile nan lari yo, mouvman sa a kòmanse fè pale de li, zòn lane 1930 - 1940 yo, kounya li antre nan kilti yo tou, e menm vin gen plizyè gwoup banda ki mete ansanm pou yo fè festival banda prèske menmjan tribi banda a afriken an te abitye konn fè li a depi byen lontan avan kolonizasyon fransèz la, sèl diferans se enstriman yo ki chanje, kote nan peyi lafrans enstriman yo prensipalman