Radio Télé Christo

Itinéraire

Radio Télé Christo Misyon nou se edike w, enfòme w ak divèti w. Pa neglije pataje travay yo pou ede lòt moun aprann ak enfòme tou!

27/09/2026

Men kijan tan an ye pou jodi Dimanch 27 Septanm 2026 la!
(PREVIZYON METEYO)

Prezantasyon: Madame Chrisnette Saint-Georges

Pataje pou ede lòt moun enfòme!!

Radio Télé Christo

Claudette Antoine Werleigh, avoka ki te gen chans dirije CARITAS HAÏTI, ansyèn minis afè etranje (1994-1995), ansyèn dir...
26/09/2026

Claudette Antoine Werleigh, avoka ki te gen chans dirije CARITAS HAÏTI, ansyèn minis afè etranje (1994-1995), ansyèn direktris Institut Life & Peace nan peyi Syèd ak Sekretè Jeneral Pax Christi International, te vin premye fanm ki rive okipe pòs premye minis nan peyi Dayiti soti 7 Novanm 1995 pou rive 7 Fevriye 1996.
Jodi 26 Septanm 2026 la, li ap selebre 80 lane egzistans li sou latè paske li te fèt jou ki te 26 Septanm nan lane 1946 la nan vil Okap.

"YON DAT, YON TI MOSO NAN LISTWA A"

Radio Télé Christo

26/09/2026

Men kijan tan an ye pou jodi Samdi 26 Septanm 2026 la!
(PREVIZYON METEYO)

Prezantasyon: Madame Chrisnette Saint-Georges

Pataje pou ede lòt moun enfòme!!!

Radio Télé Christo

26/09/2026

Jodi Samdi 26 Septanm 2026 la Otorite nan vil Bangkok, peyi Tayiland, deklare eta katastwòf sou tout 50 distrik ki nan kapital la akoz gwo inondasyon ki genyen kote dlo moute ak bouche tout lari pou anpeche gen sikilasyon, antre anndan prèske tout kay moun epi anvayi anndan plizyè èpòt pou anpeche avyon ateri ak dekole. Yon sitiyasyon ki rive akoz yon lapli ki fèmen san bay souf depi Jedi ki pase a la epi pouse otorite yo pran mezi ijans pou si tout fwa sa ta vin pi grav.

Sous: gouvènè Bangkok la, Chadchart Sittipunt.

Radio Télé Christo


25/09/2026

Yon avyon militè ki te an difikilte al kraze epi pran dife tou pre Tenge, Repiblik Demokratik Kongo jodi Vandredi 25 Septanm 2026 la apre pilòt la t al tante fè yon aterisaj men li pat ka jwenn p*s. Gen pou pi piti 13 moun ki pèdi lavi yo, pami yo gen gwo ofisye siperyè lame a, dapre sa plizyè jounal lokal fè konnen!




Radio Télé Christo

25/09/2026

Yon mi nan yon legliz efondre nan katye El Carmen, nan Manizales, peyi Kolonbi, jodi Vandredi 25 Septanm 2026 la pandan kèk ouvriye t ap travay nan demoli yon pati anndan li. Ouvriye yo te gen chans kouri retire kò yo anba edifis sa ki te fisire anpil nan tranbleman tè ki te sekwe peyi a jou ki te 10 Dawou a.




Radio Télé Christo

Politisyen, Istoryen, ekriven dominiken Juan Bosch ki te gen ti non "El Profesor" (ki te fèt nan lane 1909) se te premye...
25/09/2026

Politisyen, Istoryen, ekriven dominiken Juan Bosch ki te gen ti non "El Profesor" (ki te fèt nan lane 1909) se te premye prezidan ki te eli demokratikman (nan lane 1963) apre 30 lane feray diktati Rafael Trujillo a. Juan Bosch, fondatè pati Revolisyon Dominiken an (PRD) nan lane 1939 ak pati Liberasyon Dominiken an (PLD) nan lane 1973 (apre koudeta li), se te youn nan opozan strik rejim Trujillo a. Li ta pral eli kòm prezidan nan eleksyon ki te fèt nan lane 1962 ak gran majorite a (apre rejim Trujillo a te fin tonbe), epi manda li a ta pral kanpe akoz yon koudeta militè Dominiken yo te ba li nan 24/25 Septanm nan lane 1963 (7 mwa apre li te fin antre nan fonksyon li kòm prezidan).

Nan pakou literè Juan Bosch, yo te konsidere li kòm youn nan pi gwo mèt nouvo Repiblik Dominikèn ak Latino-amerikèn nan. Zèv li yo, ki souvan pale de lavi riral ak enjistis sosyal, enfliyanse anpil gwo otè sitou Gabriel Garcia Marquez.

N ap fè w konnen Juan Bosch ta pral mouri nan Repiblik Dominikèn jou ki te 1e Novanm nan lane 2001.

"YON DAT, YON TI MOSO NAN LISTWA A"

Radio Télé Christo

25/09/2026

Men kijan tan an ye pou jodi Vandredi 25 Septanm 2026 la!
(PREVIZYON METEYO)

Prezantasyon: Madame Chrisnette Saint-Georges

Pataje pou ede lòt moun enfòme!!!

Radio Télé Christo

"AYITI-JISTIS"Radio Télé Christo
24/09/2026

"AYITI-JISTIS"

Radio Télé Christo

Apre dezyèm debakman sòlda blan meriken sou teritwa nasyonal Ayisyen an (yo te vini ak lide remete Jean Bertrand Aristid...
24/09/2026

Apre dezyèm debakman sòlda blan meriken sou teritwa nasyonal Ayisyen an (yo te vini ak lide remete Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a ki li menm te pran koudeta an 1991), yo ta pral komèt premye aksyon grav yo nan Okap Ayisyen kote jou ki te 24 Septanm nan lanne 1994 la, yo ta pral touye 10 Ayisyen sou pretèks yo te ak zam nan men yo.

"YON DAT, YON TI MOSO NAN LISTWA A"

Radio Télé Christo

Adresse

Les Cayes

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Christo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Catégorie