11/06/2023
: Blenblen
Non la syans ba li: Averroha bilimbi
Non fanmi an se : Oxalidaceae
*Ki bò plant sa soti?*
Blenblen se yon plant ki soti nan zile molik nan peyi Endonezi.Apre sa lal devlope nan tout peyi ki fe cho sou la tè , men blenblen se pa yon plant ki popilè ditou.
*Plant sila a nan peyi dAyiti*
Blenblen se yon plant itil ki pouse byn anpil kote nan depatman Grandans peyi a , yo jwenn li tou kek kote nan komin Tigwav, depatman Lwès.
: *Deskripsyon Botanik*
Blenblen grandi tou dwat e li rive jiska 60 pye sa vle di 20 mèt wotè sil jwenn bon kondisyon pul devlope , men anpil kote li pa depase 10 mèt , li gn fey knpoze ki gwo anpil.
Grap flè ak fwi yo parèt sou tij ak branch pye bwa u byn nan kò pye bwa menm jan sa fet sou pye kakayo, djaka , kalbas, karanmbòl fenomèn sa rele (Cauliflorie).
Ki itilite plant sila a?*
Blenblen se yon fwi ki telman Asid moun gn difikilte pu mnje knsa , yo k konsève li nan vinèg: Blenblen sèvi pou sizonnen vyann, pwason, yo sevi ak li tou pou retire tach lank, tach sou rad , pou netwaye zouti ak materyèl ki fet ak kwiv ak fè.
*Valè almantè plant sila a?*
Blenblen bay fwi ki gn fosfò, fè, ak anpil vitamin C ak kalsyòm
Ki pi bon kondisyon poul devlope?*
Blenblen pouse nan nenpot kalite tè men selman li difisil poul devlope byen nan tè ki pi wo pase 500 mèt altitid
*Kijan yo repwodwi plant sila a?*
Sel jan nou k repwodwi plant sila se sèvi ak grenn yo pu fe pepinyè .men nou dwe pran pran grenn sa yo nan fwi ki mi, yo pa fasil pu jème men nou dwe byn fe seleksyon grenn yo.
Nou pa dwe antere yo two fon , le yo leve repike yo nan sachè plastik, apre 5 ou 6 mwa nou k transplante yo , yo komanse donnen depil gn 4 lane se yon plant ki donnen tout lane a .