Douvanjou Web Media

Douvanjou Web Media Douvanjou Web Media se yon platfòm enfòmasyon miltimedya k ap fè pwomosyon lang kreyòl la.

💔😔Gen blese ki tèlman fon, ou pa menm ka jwenn mo pou dekri li. Gen separasyon ki tonbe sou ou tankou yon gwo kout mato,...
18/06/2025

💔😔Gen blese ki tèlman fon, ou pa menm ka jwenn mo pou dekri li. Gen separasyon ki tonbe sou ou tankou yon gwo kout mato, ki kite dèyè yon gwo doulè, ou pa menm ka eksplike. Gen kèk moun, blese sa louvri yon gwo branch dife nan fon kè yo. Gen lòt ki jis chwazi rete nan silans yo. Se nan silans sa Luc segur jwenn yon echapatwa. E se la ABIZE pran nesans. Yon ti fim tou kout men ki boulvèse w lè w gade l.

Li atik la pou w konnen plis...

ABIZE, premye reyalizasyon Luc Ségur, se finalis nan Toronto International Nollywood Film Festival (TINFF) pou ane 2025 lan nan peyi Kanada. Fim sa, ki mete aksan sou doulè emosyonèl ak silans kè brize, ap gen premye prezantasyon li nan Pòtoprens. Soti finalis nan TINFF se yon rekonesans enpòt...

🇭🇹Konseye -Prezidan Louis Gérald Gilles te patisipe, Jounen mèkredi 9 avril 2025 lan, nan selebrasyon Jounen Nasyonal Mo...
09/04/2025

🇭🇹Konseye -Prezidan Louis Gérald Gilles te patisipe, Jounen mèkredi 9 avril 2025 lan, nan selebrasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo. Seremoni sa a te fèt nan prezans divès ansyen minis fanm avèk òganizasyon feminis ki te rasanble pou mete aksan sou batay, reyalizasyon ak defi fanm yo nan peyi a.

Nan diskou l pou sikonstans lan, Konseye-Prezidan an renouvle angajman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou soutni dwa ak demand fanm ayisyèn yo, ki pa janm sispann leve vwa yo pou mande jistis sosyal, respè, ak plis enklizyon nan tout domèn lavi nasyonal la.

Toutfwa, li mete aksan sou wòl esansyèl fanm yo nan konstriksyon yon sosyete ki pi jis e ki pi ekitab.

🖤🇭🇹Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ansanm ak Konseye-Prezidan Edgard Leblanc F...
28/02/2025

🖤🇭🇹Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ansanm ak Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, plizyè lòt manm nan gouvènman an, reprezantan Akademi Kreyòl Ayisyen an ak lòt manm enpòtan nan sosyete a, te patisipe, jounen vandredi 28 fevriye 2025 lan, nan fineray Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d'Argent, ki te dewoule nan Legliz Sen Pyè nan Petyonvil.

Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias te pran lapawòl nan non ministè Kilti ak Kominikasyon pou eksprime rekonesans li anvè Frankétienne ki te reprezante yon gwo potorik gason nan literati peyi a. Ekriven an ale, men zèv li yo ap rete imòtèl.

Madanm defen an, nan entèvansyon pa li an, te li yon lèt lanmou pou mari l. Li te tou pwofite pataje anpil bèl souvni ki make lavi koup la. Li fè konnen li te gen yon bon mari.

Pè selebran an, bò kote pa l, li fè konnen Frankétienne se te yon moun ki te gen yon gwo sans kreyativite ak yon angajman san fen. Li te gen kouraj pou l te lite nan fason pa l, kont diktati ak tout enjistis nan sosyete a.

Lavi ansyen Ekriven an ap sèvi yon sous enspirasyon pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou l ka kontinye goumen pou libète chak grenn Ayisyen ki ap viv gwo moman kriz k ap ravaje peyi a.

🖤💔Frankétienne mouri, li ale kite nou jedi sa a nan laj 89 lane, li kite dèyè l yon eritaj literè ak atistik san parèy. ...
21/02/2025

🖤💔Frankétienne mouri, li ale kite nou jedi sa a nan laj 89 lane, li kite dèyè l yon eritaj literè ak atistik san parèy.

Powèt, ekriven, pent, pwofesè entelektyèl ak vizyonè, li te mete lang kreyòl la nan yon lòt nivo.

Li te fè lonè pèp Ayisyen an epi li defye fènwa ak pouvwa pawòl li.

Ayiti pèdi yon jeyan, men zèv li ap rete etènèl, tankou yon zetwal k ap klere nan mitan fènwa.

Nou voye tout kondoleyans sensè nou bay fanmi li ak tout moun li te enspire

Vole wo lejann 🕊️🕊️🕊️🕊️

🥳🎉Pou make 33yèm anivèsè Komedi San Fwontyè d'Ayiti (COSAFH) pwezi dramatik Béleck Georges la, "Souvenirs & Dialogues", ...
17/02/2025

🥳🎉Pou make 33yèm anivèsè Komedi San Fwontyè d'Ayiti (COSAFH) pwezi dramatik Béleck Georges la, "Souvenirs & Dialogues", te jwenn yon bèl entèpretasyon dimanch 15 fevriye nan otèl El Rancho. Pyès sa ki te kreye nan lane 2000 pandan sesyon "Samdi Pwezi" nan Bibliyotèk COSAFH la, jwe deja plizyè kote ann Ayiti ak lòt bò dlo.

Pwezi dramatik sa a ki an twa ak tounen yon pèfòmans teyat vivan, rich ak emosyon ak senbòl, ki transpòte odyans lan nan yon inivè memorab ak pasyone. 🎊

🎈Jou samdi 15 fevriye 2025 lan, 20 aktè, dansè, ak chantè te bay tout yo menm pou ofri yon pèfòmans gwo kalib.

🎭Yo devlope twa sèn diferan ak yon seri dyalòg pwofon ak emosyon, ki eksplore tèm tankou lanmou, nostalji, ak soufrans. Chak koup te eksprime emosyon ak eksperyans yo yon fason powetik, revele aspè entim lavi yo ak relasyon yo.

Aktè yo te bay yon pèfòmans anraje, piblik la te plis pase satisfè. Ant chak sèn, chantè ak dansè yo te pran sèn nan e transpòte piblik la nan yon vwayaj kiltirèl yo vanse fin bliye.💃🕺

Reviv evenman sa atravè imaj sa yo🤗

📌An Ayiti, se pa tout aktivite ekonomik ki rapòte lajan. Sa fè li difisil pou anpil Ayisyen sere ti kòbnan sa y ap antre...
05/02/2025

📌An Ayiti, se pa tout aktivite ekonomik ki rapòte lajan. Sa fè li difisil pou anpil Ayisyen sere ti kòb
nan sa y ap antre chak jou.

Sèl mwayen pou yo fè sa se mete l nan yon sòl oubyen yon sabotay. Yon aktivite ki penmèt anpil nan yo reyalize gwo pwojè tankou bati kay, achte machin, peye lekòl, pran swen fanmi, elatriye.

Gade videyo sa sou YouTube pou konprann koze sòl ak Sabotay la pi byen

Pa bliye abòne, se youn nan pi bèl fason ou ka soutni travay nou🫶



🇭🇹Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ansanm ak Direktè Jeneral Polis nasyonal la ...
05/02/2025

🇭🇹Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ansanm ak Direktè Jeneral Polis nasyonal la Normil Rameau, responsab Misyon miltinasyonal la Jeneral Godfrey Otunge, anbasadè Kanada an Ayiti a André François Giroux, anbasadè Lafrans nan peyi a Antoine Michon, resevwa jounen madi 4 fevriye 2025 lan, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, plizyè dizèn polisye ki soti nan peyi Salvadò.

📍Polisye sa yo vini ogmante epi ranfòse Fòs miltinasyonal la nan batay kont nèg ak zam yo nan peyi a.

‼️Nan okazyon sila a, Prezidan KPT a salye vini polisye salvadoryen yo epi swete yo byenvini nan peyi a. Pi lwen, Ekselans Leslie Voltaire fè konnen li konte sou sipò yo pou mete ansanm ak Fòs lòd Ayiti yo epi lòt manm Misyon miltinasyonal la pou tabli lapè nan peyi a.

📌Gen yon antrepriz yo rele RECYCLAPH ki transfòme dechè biyoòganik yo an biyogaz, angrè òganik, ak plizyè lòt pwodwi pou...
03/02/2025

📌Gen yon antrepriz yo rele RECYCLAPH ki transfòme dechè biyoòganik yo an biyogaz, angrè òganik, ak plizyè lòt pwodwi pou ba yo yon nouvo itilite.

Youn nan pilye travay antrepriz sila se biyodijestè yo. Teknoloji sa se yon zouti modèn ki transfòme fatra òganik an biyogaz, yon sous enèji renouvlab ki ka itilize nan kwit manje, mete limyè nan kay, oswa menm nan pwosesis endistriyèl yo.

Gade tout videyo a la pou konnen plis👇

Pa bliye abòne, pataje, kòmante 🫶

Èske w te konnen ou kapab transfòme fatra an enèji ak gaz pou fè manje? RECYCLAPH ap ba w tout detay

🇭🇹🇨🇴Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ak Ekselans Gustavo Petro te bay yon konfe...
24/01/2025

🇭🇹🇨🇴Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ak Ekselans Gustavo Petro te bay yon konferans pou laprès sou Pò touristik Jakmèl la nan okazyon vizit Prezidan kolonbyen an nan peyi a.

♦️Ekselans Leslie Voltaire, nan kòmansman entèvansyon li an, te pran yon minit silans nan memwa tout viktim nan kriz k ap travèse peyi Kolonbi an. Li remèsye Prezidan Petro pou vizit li nan vil Jakmèl epi fè konnen kowoperasyon Ayiti ak Kolonbi an pral trè benefik pou peyi a. Li tou pwofite anonse kowoperasyon sa a pral kontinye ak tout lòt peyi Simon Bolivar te ede libere yo.

🎉Prezidan Gustavo Petro, bò kote pa li, salye epi remèsye Leta ayisyen pou bèl akèy sila a. Li konsidere relasyon Ayiti ak Kolonbi an kòm youn nan pi gwo kowoperasyon ki genyen nan mond lan. Li eksprime rekonesans li pou gwo batay istorik Ayiti te ede peyi l mennen pou te rive libere Kolonbi ak kèk lòt peyi nan rejyon an.

♦️Nan okazyon konferans de près sila a, delegasyon Kolonbi an te ofri Ayiti yon kolonb ki senbolize lapè. Ekselans Leslie Voltaire anonse peyi a pral gen sekirite, se pi gwo objektif KPT a.

Kredi foto : CLZ

😍🔥Twoup dans Teyat nasyonal peyi Ayiti te pote anpil koulè nan lansman 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl...
23/01/2025

😍🔥Twoup dans Teyat nasyonal peyi Ayiti te pote anpil koulè nan lansman 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, madi 21 janvye, nan otèl El Rancho.

Avèk yon palèt koulè vivan, twoup dans Teyat Nasyonal peyi Ayiti te enspire tout moun pandan lansman 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la.

Nou pwofite okazyon sa a pou remèsye epi felisite tout ekip festival la pou travay eksepsyonèl yo, sitou Anivince Jean-baptiste ak atis yo.

Reviv evenman sa atravè imaj sa yo.

Adresse

30 Rue Louverture Delmas 33
Port-au-Prince
HT6120

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Douvanjou Web Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Douvanjou Web Media:

Partager