Nouvèl Gaye

Nouvèl Gaye Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Nouvèl Gaye, Société de médias/d’actualités, Ville de Port-au-Prince.
(1)

17/11/2024

Pati politik Fanmi Lavalas voye yon mesaj klè tankou dlo kòk bay nouvo gouvènman.
Nouvèl Gaye

Jodi samdi 16 novanm 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) enstale ofisyèlman  Gouvènman Premye Minis Alix Di...
17/11/2024

Jodi samdi 16 novanm 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) enstale ofisyèlman Gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé a. Seremoni an te dewoule an prezans plizyè pèsonalite nasyonal tankou entènasyonal, pami yo : manm ansyen gouvènman an, chèf lame a, Direktè Jeneral Polis la, aktè nan Sosyete Sivil la, ak nan kò diplomatik.

Aprè piblikasyon kabinè ministeryèl PM Didier Fils-Aimé a, Òganizasyon Fòs Fanm Ayiti (OFFA) salye arive Madam Pedrica S...
15/11/2024

Aprè piblikasyon kabinè ministeryèl PM Didier Fils-Aimé a, Òganizasyon Fòs Fanm Ayiti (OFFA) salye arive Madam Pedrica Saint-Jean nan tèt Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm. Pou OFFA chwa sa se yon pa enpòtan nan batay pou egalite ak pwomosyon dwa fanm nan peyi Dayiti.

Moinsard/Anse-à-Veau selebre Fèt Gede ane sa tankou chak ane ak yon rasanbleman chaje enèji pou onore zansèt yo. Yon mom...
01/11/2024

Moinsard/Anse-à-Veau selebre Fèt Gede ane sa tankou chak ane ak yon rasanbleman chaje enèji pou onore zansèt yo. Yon moman inik kote kilti ak tradisyon nou pran tout plas yo!

Kredi foto 📸 : Luckner Alcéné, CASEC

31/10/2024
Mouvman Patriyotik Pou Lavi (MOPAL) eksprime endiyasyon l kont move tretman Dominiken ap bay sitwayen Ayisyen yo. MOPAL ...
25/10/2024

Mouvman Patriyotik Pou Lavi (MOPAL) eksprime endiyasyon l kont move tretman Dominiken ap bay sitwayen Ayisyen yo. MOPAL kondane pratik rasis sa yo ki vyole akò entènasyonal sou dwa moun. Malgre kontribisyon ekonomik enpòtan Ayisyen fè nan Sendomeng, sitwayen yo ap depòte san respè, sa ki lakoz anpil soufrans pou fanmi yo.

Òganizasyon Fòs Fanm Ayiti (OFFA)  eksprime doulè ak kòlè li aprè zak asasinay  ki fèt sou Frannsès ak manman li Vyèjemè...
25/10/2024

Òganizasyon Fòs Fanm Ayiti (OFFA) eksprime doulè ak kòlè li aprè zak asasinay ki fèt sou Frannsès ak manman li Vyèjemèn.

Nan yon nòt ki pote dat 15 oktòb 2024 la, Òganizasyon  Fòs Fanm Ayiti (OFFA) denonse asasina Béatrice Cajoux nan kan lyc...
15/10/2024

Nan yon nòt ki pote dat 15 oktòb 2024 la, Òganizasyon Fòs Fanm Ayiti (OFFA) denonse asasina Béatrice Cajoux nan kan lycée Marie-Jeanne la, kote yon gwoup moun bandi fè kouri kite lakay yo, pran refij.
OFFA pwofite de nòt sila pou mande plis pwoteksyon pou fanm ki nan kan refijye yo.

Ribrik anivèsè/ Bon anivèsè madam Rose Laure SEVERIN, Kòdonatris jeneral Òganizasyon Fòs Fanm Ayiti (OFFA)
15/10/2024

Ribrik anivèsè/ Bon anivèsè madam Rose Laure SEVERIN, Kòdonatris jeneral Òganizasyon Fòs Fanm Ayiti (OFFA)

Reprezantan Fanmi Lavalas nan KPT a pa kache fyète li, aprè li fin rantre nan fonksyon li kòm nouvo prezidan estrikti si...
08/10/2024

Reprezantan Fanmi Lavalas nan KPT a pa kache fyète li, aprè li fin rantre nan fonksyon li kòm nouvo prezidan estrikti sila.
Retabli sekirite nan tout peyi a se youn nan priyorite yo, si n ta vle fè pawòl nou prezidan KPT a konfyans.

Edgard Leblanc Fils anonse lap prepare l pou li  adrese l nasyon an aswè a nan yon mesaj kap gen pou difize sou antèn te...
07/10/2024

Edgard Leblanc Fils anonse lap prepare l pou li adrese l nasyon an aswè a nan yon mesaj kap gen pou difize sou antèn televizyon nasyona la ak sou kont ofisyèl Prezidans lan.
Li enpòtan poun soulinye ke manda Edgard Leblanc Fils kòm prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, ap fini pandan lannwit 6-7 oktòb la, a minwi.

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Téléphone

+50932242711

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Nouvèl Gaye publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Nouvèl Gaye:

Partager