Le temps du changement pour la nouvelle vision

Le temps du changement pour la nouvelle vision Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Le temps du changement pour la nouvelle vision, Société de médias/d’actualités, Port-au-Prince.

23/03/2024

Gen yon GWO pwoblèm ki egziste. E, ki PWOBLÈM li ye ? Kòd riral Dr François DUVALIER a fè de ASEC yo ak CASEC yo dè gwoup de moun ki responsab DEVLOPMAN peyi a. Poutan, kategori moun sa yo jeneralman pa rive lwen KEKÒL. Atansyon! Paske mwen vle pale de Syans devlopman, e, etid sila se nan inivèsite yon nonm oubyen yon fanm ta dwe ale pou l aprann li.

Kidonk, ASEC ak CASEC yo ki pa fè syans sa a, li difisil pou yo ta fè devlopman peyi a. Paske Politik la se yon " Syans " li ye. Kounya, fòk gen JENN fanm ak JENN gason ki pou pran responsabilite yo; kòmanse nan pi piti a pou rive nan pi gran an. Mwen, pèsonèlman, mwen KWÈ ke JENN yo ka bay AYITI kout men nan sans sa a.

Manman nou ( AYITI ) bezwen tout pitit li pou reprann FYÈTE l antan ke PREMYE REPIBLIK NWA LIB e ENDEPANDAN!

Viv yon lòt AYITI !

Otè : Dalex VALERYS ak Olsen MOÏSE

23/03/2024

Mwen pap fè apoloji pou " Rejim diktati a ". Men, mwen jis vle fè senpleman yon pwen Jiridik sou kijan rejim diktati a ak rejim Demokratik la wè fanm ak nonm kap rive nan tèt LETA a.

Lè n pran kòd riral François DUVALIER a
nan lespwi li, li estipile : " Pou yon kandida pou pòs Prezidan, li pa dwe ni komèt yon kontravasyon ni yon yon de li, ni yon krime. Poutan, Manman Lwa peyi a (Konstitisyon 29 mas1987 la) li menm pran an kont senpleman deli ak krim.

Se youn nan rezon, ki fè n gen vòlò, chat mimi myayyy ki rive nan tèt LETA kap koupe kap rache. Jou nou vle fè peyi, nap konnen ki kote pou n atake pwoblèm yo.

Yon lòt Ayiti posib !

Otè : Dalex VALERYS

23/03/2024

Nouvèl s*k sa ki pral louvri a la, prale ak tout fanm ak nèg ki te fè Peyi sa mal.

23/03/2024

Se yon cycle kap fèmen pou yon lòt cycle louvri.

23/03/2024

Une nouvelle Haïti est possible !

23/03/2024

Gade jan swadizan lidè pitit Desalin nan piti mesyeee!

23/03/2024

Si gen youn nan swadizan LIDÈ politique ke sèten moun nan sosyete a te fè yon ti KREDI, se te ansyen SENATÈ Moïse Jean-Charles. Yon diskou anti- impérialisme, poutan, madanm li ak pitit li ap VIV lakay OKSIDAN an.

Sa pa etone m pou reviman ke ANSYEN SENATÈ a fè a! Ou konn poukisa? Paske, tout batay kap menmen, ou wè ki gen yon sanblan kote se enterè PÈP kap defann, se pa janm vre, paske, chodyè a toujou monte sou NON PÈP epi desann sou NON pa yo.

Karikòm fè yon pakèt moun wè vrè FIGI ansyen Senatè Nó a ki se: Moïse Jean-Charles. Gen yon pakèt politisyen ki pran diskou kont enperyalis yo jis pou yo ka fè BÈ yo. Map di PÈP la, se pa diskou nèg ak fanm sa yo ki dwe gen FOKIS la, men si pito AKSYON moun sila yo ap Poze.

Yon nouvèl Ayiti posib avèk yon lòt klas politiko-ekonomik !

Ekri: Dalex VALERYS

23/03/2024

" Fòk nou senserize politik la an Ayiti "

11/03/2024

Tèt Dwat nan lakou kasasyon, epi yon premye minis ki pat nan politik aktif la. Epi, nan 18 mwa pou eleksyon fèt.

Paske, ou pap ka ap negosye MOUN ki pou fè PATI nouvo GOUVÈNEMAN an, epi w pral nan eleksyon. Sa sa ye la!

11/03/2024

Si son KONPLO NEGATIF ki mete Ayiti nan sitiyasyon malouk ke l ye la. Ebyen, se yon KONPLO POZITIF ki pou retire peyi a kote l ye la. Se rezon sa ki fè jenn yo nou pa dwe espektatè, fòk nou patisipe nan tout dyalòg ki vize chanjman peyi nou!

Yon pakèt PATI POLITIK, ki pa menm REPREZANTATIF menm ki chita yon kote kap pran desizyon TÈT ANBA pou tout yon Nasyon. Tout SEKTÈ yo nou gen pou DEVWA fè tande VWA nou!

Nou vle yon SOLISYON ki reflete ISTWA n antanke PREMYE PÈP NWA LIB et ENDEPANDAN!

Sous: Dalex VALERYS, juriste, communicateur, Jounalis

09/03/2024

Ki KATEGORI moun ki pi viktim de sitiyasyon aktyèl peyi a?

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50931678876

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Le temps du changement pour la nouvelle vision publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager