24/08/2022
AYITI : Plizyè moun ak materyèl boule anba ponp gaz DNC a ki bon repo.
Jodi mèkrèdi 24 dawout 2022 a ,plizyè moun ak materyèl boule anba ponp gaz DNC a ki nan bon repo ki twouvel nan depatman lwès peyi a spesyalman nan komin kwadèboulè,daprè sa kolaboratè Kinsley Saint Jour,fè konnen.
Genyen plizyè motosiklèt ki boule anba ponp lan,dife sa te rive eklate nan moman yon divès moun te prezan pou vin fè gaz.
Daprè tout enfòmasyon nou jwenn genyen yon divès moun ki blese men pa gen moun ki mouri nan moman nap pale a,te deja genyen yon anbilans ki te vin pran viktim yo pou mennen yo lopital.
Jean Williams Pierre ( Pitit Mas La)