02/08/2026
Ayè samdi 01 dawout 2026 la.
Nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo ki dire kèk segond, Stevenson Jean Alyas Sherif44 , pale fas-a-fas ak Jerry Bien-Aimé sou akizasyon ak menas ki t ap sikile yo. Daprè deklarasyon polisye a, Jerry Bien-Aimé te akize li kòm moun ki tap tire l. Sherif44 rejte akizasyon sa a epi li deklare li konnen Jerry Bien-Aimé kòm moun Gonayiv, pandan l presize objektif li se te sèlman sezi zam nan.
Kèk minit apre entèvansyon an, Vis-Delege Gonayiv la ansanm ak Delege Depatmantal Latibonit la te voye chache zam nan. Dapre enfòmasyon yo, demach sa a te fèt nan objektif pou diminye tansyon an epi evite yon eskalad vyolans ki te kòmanse devlope anba lavil Gonayiv ,sikonstans la te lakoz anpil tire mache vil la te prese lage.
Selon plizyè obsèvatè ,ensidan sa ka debouche sou gwo tansyon nan jou kap vini yo.
✅️🖊