
18/05/2025
Frankenstein 2.0 : yon refleksyon sou konyisyon, pwogramasyon ak limit entèlijans atifisyèl
Nan kòmansman mwa me 2025, yon videyo te viral sou rezo sosyal yo kote yon wobo imanitè t ap aji an deyò kontwòl, tankou li t a “fou”. Wobo sa a te sou yon estrikti sekirite, men li te kòmanse bat bra li, frape tèt li, epi frape teknisyen ki bò kote li. Espektatè yo te sezi. Anpil te panse a yon rebelyon machin oswa a sinema “Terminator”. Men si nou pran tan pou reflechi, nou ka mande tèt nou : èske yon wobo ka “fou” vre? E si reyaksyon sa se pa erè, men yon refleksyon sou erè moun?
1. Lè nou prete emosyon bay sa ki pa vivan
Premye konfizyon moun konn genyen lè yo wè yon wobo aji san kontwòl, se panse li ka "fou" menm jan ak yon moun. Sa a se yon mekanis konyitif byen koni nan syans moun yo rele antwopomòfis – sa vle di, nou prete panse, santiman, oswa volonte bay sa ki pa moun, tankou bèt oswa machin. Nou fè sa paske sistèm mantal nou gen yon ensten oswa reflèks pou detekte entansyon (Baron-Cohen, 1995). Lè nou wè yon wobo ki sanble ak yon moun epi ki bouje bridsoukou, sèvo nou reponn tankou si nou te an danje fas ak yon lòt moun ki pèdi kontwòl li.
An reyalite, jan Gopnik (2010) ak Dennett (1997) mete l klè, wo pa gen "entansyon" oswa "volonte" tankou moun. Sa yo fè, se swa rezilta yon sekans enfòmasyon yo te pwograme ladan yo, oswa yon erè sistèm. Yo pa gen konyisyon, ni santiman.
Men sa ki pi enpòtan, tandans pou fè antwopomòfis lan pa sèlman kreye konfizyon, li montre yon aspè fondamantal nan konyisyon sosyal. Moun atire pa sa ki sanble ak yo. Yo bay sans rapid vit, pafwa san analiz. Sa a se sa Landau ak Gleitman (2009) montre nan travay sou aprantisaj lang lan : moun itilize aparans ak konpòtman vizyèl pou fè enfòmasyon vin gen sans. Se poutèt sa wobo a ki sanble ak yon moun epi ki aji dwòl, mete moun sou vijilans, menm si yo konnen li pa vivan.
Se pa danje wobo a ki pi enkyetan; se pito jan nou konprann li. Lè nou konfonn imitasyon ak entansyon, nou bay teknoloji plis pouvwa pase sa li genyen an reyalite.
2. Èske yon machin ka panse oswa reflechi?
Sa nou te wè nan videyo a pa t yon reyaksyon ki soti nan entansyon oswa santiman wobo a menm, men pito yon echèk nan pwogramasyon yo ba li. Sa fè nou poze yon kesyon fondamantal sou kalite konyisyon nou ap eseye mete nan machin sa yo. Konsa, nou ka mande èske wobo sa yo “panse” menm jan ak moun? Èske yo gen yon konesans oswa yon konpreyansyon? Pou n ale pi lwen, nou ka jis mande èske sa yon genyen kòm pwogramasyon an ka pèmèt yo panse?
Filozòf tankou John Searle (1980) te mete sa byen klè nan sa li rele “Chinese Room Argument”: menm si yon machin kapab simile konpòtman entelijan — tankou reponn nan yon lang li pa konnen — sa pa vle di li gen yon konprann reyèl. Li jis manipile senbòl dapre règ yo ba li san li pa konnen sans sa li ap travay sou yo. Sa a se yon limit fondamantal nan AI jodi a : li ka simile, men li pa gen konesans.
Nan lòt bò, syantis tankou Stanislas Dehaene (2020) konsidere sèvo moun kòm yon "machin bay sans" — yon sistèm ki pa sèlman trete enfòmasyon, men ki kapab atribye siyifikasyon, reflechi, epi konprann. Dehaene kwè nou kapab simile kèk aspè nan konyisyon atravè machin, tankou kapasite pou trete enfòmasyon vit, men nou poko rive kreye yon entèlijans atifisyèl ki kapab vrèman konprann oubyen pran desizyon konsyan.
Se sa ki mete yon limit klè ant entèlijans moun ak entèlijans machin : wobo kapab detekte mouvman, reponn ak kòmand, oswa fè kalkil konplike, men li pa ka reflechi sou konsekans aksyon li yo. Se nan espas sa a pwoblèm moral ak syantifik parèt : ki jan nou asire ke pwogramasyon pa mennen nan aksyon danjere? Ki nivo responsablite nou genyen kòm kreyatè?
3. Pwogramasyon ak erè moun
Lè yon robòt aji an deyò kontwòl, se pa paske li “fou” oswa gen yon panse ki dezòdone tankou yon moun. Se plis paske kreyatè li yo pa fin metrize tout eleman yo te mete nan pwogramasyon li. Nan domèn syans konyitif — patikilyèman nan PNL yo— gen yon konsèp ki rele sistèm emèjan — sa vle di, konpòtman ki parèt kòm rezilta entèraksyon konplèks ant plizyè règ ki senp. Sa vle di mouvman wobo a te ka yon efè ki soti nan yon konbinezon enprevizib règ yo pa t teste ase pandan pwogramasyon an.
Kidonk, wobo a pa t gen okenn entansyon oswa volonte; se yon efè kaskad ki soti nan yon sistèm konplèks ki gen règ ki pa byen ajiste. Sa poze yon gwo kesyon etik ak syantifik: èske nou dwe kontinye pwograme sistèm ki nou menm moun pa fin konprann nèt? Tankou Bostrom (2014) mete aksan sou li nan travay li sou entèlijans atifisyèl avanse, gen yon risk nan kreye sistèm emèjan ke nou pa ka kontwole ni prevwa tout efè yo. Sa mande yon refleksyon pwofon sou limit nou kòm kreyatè teknoloji epi sou responsablite nou genyen pou asire sekirite ak etik nan devlopman AI.
4. Sosyete, laperèz, ak teknoloji : Yon leson sou nou menm
Reyaksyon ke anpil moun genyen lè yo wè yon wobo ki "deyò kontwòl" soti nan yon konbinezon de faktè konyitif ak emosyonèl. Konyisyon sosyal fèt pou idantifye entansyon, emosyon, ak volonte nan lòt moun. Lè yon wobo pran mouvman moun pa t atann oswa agresif, menm si li pa gen okenn entansyon, sèvo moun entèprete l tankou yon menas potansyèl. Sa eksplike poukisa moun santi yon repons emosyonèl menm lè yo konnen ke se jis yon machin. Sa rele yon erè konyitif adaptatif, kote nou plis prevni yon danje potansyèl pase nou rate yon reyèl menas (Barrett, 2017). Nan ka teknoloji avanse tankou wobotik, sa ka kreye yon konfizyon ant sa ki reyèlman danjere ak sa ki senpleman sanble danjere.
Yon lòt aspè enpòtan se mank edikasyon syantifik ak konyitif nan sosyete a sou sa ki konpoze entèlijans atifisyèl. Anpil moun pa konprann diferans ki genyen ant yon sistèm pwograme ki reyaji dapre algoritm, epi yon sistèm ki gen yon konesans oswa yon refleksyon reyèl. Sa lakoz yon gap konyitif ki agrandi pè ak mepri pou teknoloji. Si nou vle diminye tansyon sosyal ak emosyonèl sou teknoloji, fòk gen plis edikasyon ak transparans sou fason AI fonksyone, limit li, ak potansyèl li. Sa ap ede moun devlope yon konesans plis reyalis epi fè fas ak nouvo teknoloji yo ak plis kalm ak konfyans (Brynjolfsson & McAfee, 2014).
Nan sans sa a, pè moun santi lè yo ap konfwonte teknoloji ki sanble yo men ki depase yo se yon refleksyon pwofon sou kriz idantite ak kontwòl nan peryòd nimerik la. Moun pè pèdi kapasite pou domine kreyasyon yo, pou pèdi otorite sou sa pwòp moun te mete nan yon sistèm oswa yon wobo. Sa ka lakoz yon rezistans ki fè devlopman teknolojik vin pi difisil epi mete etik ak sekirite nan danje. Pou sa, gen yon bezwen pou yon dyalòg ouvè ki angaje syantis, filozòf, teknològ, ak sosyete an jeneral pou defini limit, règleman, ak prensip ki garanti ke teknoloji rete nan sèvis limanite, san li pa vin yon sous laperèz oswa danje (Floridi, 2018).
Konklizyon
Nan kontèks Ayiti, kote teknoloji entèlijans atifisyèl ak wobòtik poko devlope anpil, videyo sa a ka parèt kòm yon bagay swa misterye oswa menm menasan. Men li enpòtan pou nou pa panike ni pèdi tèt nou; olye de sa, videyo sa a ta dwe sèvi kòm yon apèl pou n kòmanse reflechi sou jan nou ka entegre teknoloji avèk plis konesans, responsablite, ak kritik. Pandan nou toujou ap aprann sou nouvo teknoloji sa yo, li nesesè pou devlope yon baz edikasyonèl ki ka fè tout moun konprann sa ki reyèlman ap pase nan sistèm sa yo, kisa ki limit yo, epi ki jan pou nou itilize yo san danje.
Nan yon peyi kote aksè ak teknoloji modèn limite, gen yon gwo chans pou kwayans erè tankou antwopomòfis pran plis plas – sa ki lakoz pè ki pa nesesè oswa move entèpretasyon sou wobo ak AI. Se pou sa, plis pase janm, Ayiti bezwen yon edikasyon syantifik ki adapte ak reyalite lokal la, ki pa sèlman pale de teknoloji sofistike, men ki mete aksan sou jan nou ka konprann ak jere teknoloji menm si li pa nan yon nivo avanse.
Finalman, videyo sa a montre ke kèlkeswa nivo teknoloji a, nou dwe toujou rete vijilan sou fason nou pwograme epi kontwole sistèm sa yo, pou evite efè emèjan ki ka mennen nan dezòd oswa ensekirite. Sa mande pou yon dyalòg lokal ki angaje syantifik, edikatè, ak kominote a pou n bati yon fondasyon konesans ak etik ki pèmèt Ayiti avanse avèk konfyans nan yon mond ki ap evolye rapidman. Se nan konpreyansyon, kritik, ak kolaborasyon ke nou ka itilize teknoloji pou byennèt pèp la, san nou pa kite l tounen yon sous krent oswa konfizyon.
Se Veraldo Saint Louis ki ekri atik sa a
Referans
Bostrom, N. (2014). Superintelligence: Paths, dangers, strategies. Oxford University Press.
Dehaene, S. (2020). How we learn: Why brains learn better than any machine... for now. Viking Press.
Dennett, D. C. (1997). Kinds of minds: Toward an understanding of consciousness. Basic Books.
Floridi, L. (2013). The ethics of information. Oxford University Press.
Gopnik, A. (2010). The philosophical baby: What children's minds tell us about truth, love, and the meaning of life. Picador.
Landau, B., & Gleitman, L. R. (2009). Language and experience: Evidence from the blind child. Harvard University Press.
Miller, G. A. (2003). The cognitive revolution: A historical perspective. Trends in Cognitive Sciences, 7(3), 141–144. https://doi.org/10.1016/S1364-6613(03)00029-9
Mitchell, M. (2019). Artificial intelligence: A guide for thinking humans. Farrar, Straus and Giroux.
Searle, J. R. (1980). Minds, brains, and programs. Behavioral and Brain Sciences, 3(3), 417–424. https://doi.org/10.1017/S0140525X00005756
TF1 INFO. (2024, mai). VIDÉO LCI - Un robot devient "fou" et attaque ses ingénieurs. https://www.tf1info.fr/high-tech/video-lci-un-robot-devient-fou-et-attaque-ses-ingenieurs-2371012.html
Turing, A. M. (1950). Computing machinery and intelligence. Mind, 59(236), 433–460. https://doi.org/10.1093/mind/LIX.236.433
KF: TF1