22/08/2026
lapolis Florida jwenn $3180 dola andedan Bouboun Dame Sá byen plwaye ke li te retire sou kont bank yon ti granmoun
Moniquie Love Turnbull, 31 an, kite fè tèt li pase pou anplwaye bank, te prezante fizikman lakay viktim nan aprè yon nèg kite prezante tèt li kòm travayè bank te fin rele viktim nan pou yon kesyon fwod li wè sou kont li. Selon lapolis, Moniquie te kase kat bank lan devan dam nan, kòmkwa, li bloke tout fwod. Sepandan, aprè kèk minit, viktim nan te wè $3,180 te disparèt sou kont li. Touswit, li te rele lapolis pou enfòme yo de sitiyasyon an. Nan kad yon ankèt preliminè lapolis nan Martin,Florida, kote aksyon an te pase a te fè, yo te dekouvri se Moniquie kite fè tranzaksyon an. Aprè arestasyon l, lapolis fè konnen pandan yo ta pral fèmen l nan prizon, yo te jwenn andedan bouboun li lajan egzat kite soti sou kont viktim nan ($3,180). Dam sa kifè fas ak akizasyon fwod, izipasyon ap gen pou l prezante l de yon jij florida, pou al reponn ak ansanm akizasyon yo. Pandan ke lapolis nan Martin kontinye ap ankete sou dosye sa pouta jwenn lòt konplis yo.