Jean Actu

Jean Actu Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Jean Actu, Société de médias/d’actualités, Port-au-Prince.

Mèt Caleb Jean Baptiste mande CPT a sispann avèk demagoji sa nan figi moun.______________________Konsèy Prezidansyèl Tra...
24/01/2026

Mèt Caleb Jean Baptiste mande CPT a sispann avèk demagoji sa nan figi moun.
______________________

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) te etabli kòm yon mekanis pwovizwa pou jere tranzisyon politik la epi prepare retou peyi a nan lòd konstitisyonèl atravè eleksyon. Nan sans sa a, tan tranzisyon an dwe klè, limite, epi oryante sou rezilta.

Jodi a, absans yon kalandriye presi pou eleksyon ak pou fen manda CPT a soulve kesyon lejitim sou dire tranzisyon an ak sou respè prensip demokrasi yo. Nan nenpòt sistèm politik serye, pouvwa san manda elektoral pa ka vin pèmanan, menm anba pretèks estabilite.

Mwen, Me Caleb Jean-Baptiste, estime li enpòtan pou raple ke lejitimite yon tranzisyon mezire nan kapasite li pou òganize eleksyon kredib epi remèt pouvwa a nan delè rezonab. Tout reta san jistifikasyon klè riske agrave kriz konfyans lan epi febli enstitisyon yo.

Nan kontèks kriz nasyonal la, Ayiti bezwen klate, responsabilite ak angajman fòmèl. CPT a gen devwa istorik pou montre ke tranzisyon an se yon pasaj, pa yon objektif an li menm.

Selon Me Caleb Jean Baptiste yo dwe arete tout nèg ki fè pati CPT a pou konivans yo avèk gang.

Carlos Pierre jounalis angaje
Le 24/01/2025

MENAS ASASINA, KPT KRIMINÈL LA SOU ME CALEB JEAN-BAPTISTE.______________________Pòtoprens, 22 janvye 2026 —Sa kap pase A...
22/01/2026

MENAS ASASINA, KPT KRIMINÈL LA SOU ME CALEB JEAN-BAPTISTE.
______________________

Pòtoprens, 22 janvye 2026 —
Sa kap pase Ayiti jodi a pa gouvènans, se mafya leta. Se nan sans sa Me Caleb JEAN-BAPTISTE, avoka san pè, patriyòt angaje, denonse yon konplo kriminèl, teroris, ak asasina planifye kont lavi li.

Daprè enfòmasyon grav e verifye, konseye kowonpi Gerald GILLES, ansanm ak yon bann lòt bandi ak kravat ki chita nan KPT a, ta reyini yèswa pou mande Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Mag. Fritz Patterson DORVAL, arete Me Caleb san okenn baz legal. E lè plan arestasyon ilegal la pata mache, yo pase dirèkteman nan menas asasina.

Me Caleb JEAN-BAPTISTE pa mete dlo nan bouch li poul di, Mwen pa viktim, mwen se yon temwen vivan kont sistèm kriminèl sa a.

Li raple piblik la ke Gerald GILLES se pa yon konseye, se yon kriminèl notwa, ki gen men li tranpe nan san. Se menm moun sa a Me Caleb akize kòm responsab asasina Dickson ORESTE, epi ki ta sèvi ak arestasyon Magalie HABITANT kòm estrateji pou fè silans sou verite a. Me Caleb Jean Baptiste se avoka fanmi Dickson ORESTE. Li konnen dosye a nan zo li. Li konnen ki moun ki bay lòd, ki moun ki peye, ki moun ki kouvri krim nan.

Mesaj la klè :

Nou pap touye mwen pou bouche verite a. Mwen pap mouri an silans. Me Caleb JEAN-BAPTISTE anonse ke tout kowonpi sa yo ap tonbe, youn apre lòt, pou. koripsyon masiv, alyans ak gang ame,
krim de san, blanchiman lajan atravè madanm, pitit, frè, Sè yo.

krim transnasyonal kote avoka vann toga yo pou lajan sal. Li lanse yon revòlt ak sivik bay pèp ayisyen an, kote VANDREDI 23 JANVYE 2026, DEVAN VILLA D’ACCUEIL,
pou MANDE ARESTASYON 9 BANDI KPT YO,
epi KRAZE KPT A AVAN 7 FEVRIYE 2026, paske estrikti sa a. pa lejitim, pa konstitisyonèl, se yon selil kriminèl kap dirije peyi a.

Sitwayen angaje a fè konnen li deja. ALÈTE kominote entènasyonal la, Avèti tout baro avoka nan mond lan, Mande sanksyon imedya kont bandi sa yo ak tout fanmiy yo, paske yo blanchi lajan, fè trafik enfliyans, opere kòm rezo kriminèl transnasyonal.

Li avèti :
Gen nan yo kap kache dèyè madanm yo, pitit yo, avoka yo. Men pa gen kote pou kache. Jou kont yo konte. Malgre menas asasina, Me Caleb JEAN-BAPTISTE rete kanpe, Sim tonbe, verite a pap tonbe. Men mwen pap tonbe. Jodi a, se li yap vize. Demen, se tout pèp la.
KPT a se pwoblèm nan. KPT a se danje a. KPT a dwe ale.

Batay pou sove ayiti a ap kontinye, pèp la pap ka fè tout tan ap viv nan labou.
Viv Ayiti
Viv libète
Viv tout sitwayen konsekan kap goumen pou sa chanje.

Carlos Pierre jounalis angaje
Le 22/01/2026

MEDYA YO LEVE KANPE, MÈT CALEB JEAN BAPTISTE DWE VIN PREMYE MINIS_____________________________Jodi a, Ayiti pa nan kriz ...
19/01/2026

MEDYA YO LEVE KANPE, MÈT CALEB JEAN BAPTISTE DWE VIN PREMYE MINIS
_____________________________
Jodi a, Ayiti pa nan kriz ankò, Ayiti kraze nèt. Leta pa egziste, enstitisyon yo vid, pèp la abandone, pandan menm ti gwoup politisyen ak oligak ap fè fèt sou soufrans majorite a. Fas ak sitiyasyon sa a, plizyè medya nasyonal ak entènasyonal deside kraze silans yo pou yo di sa anpil moun ap panse deja, Mèt Caleb Jean Baptiste dwe vin Premye Minis Ayiti.

Medya yo pa pale pou fè bèl pawòl. Yo denonse klèman echèk total klas politik tradisyonèl la ki, depi plis pase 30 lane, ap pase pouvwa a men nan men, pandan peyi a ap koule pi fon chak jou. Pou medya sa yo, non Mèt Caleb pa soti nan menm mamit sa a. Se yon avoka ki kanpe dwat, ki pa fè kontra anba tab, ki pa sèvi ak pèp la kòm mach eskalye politik.

Nan plizyè editoryal frapan, jounalis yo raple kijan Mèt Caleb te youn nan kèk vwa ki te konfwonte bank yo dirèkteman, sitou bank ki kenbe lajan pèp la an otaj, ki meprize kliyan yo, epi ki jwenn pwoteksyon leta. Medya yo poze kesyon an san ipokrizi:
Si yon moun gen kouraj leve kont bank ak oligachi ekonomik la, poukisa li pa ta gen kouraj leve peyi a?

Plizyè medya ale pi lwen, yo akize dirijan aktyèl yo kòm konplis dezòd la. Dapre yo, anpil Premye Minis ki pase yo te sèlman sekretè oligachi a, ajan sistèm nan, moun ki vin siyen kontra, pran lajan, epi kite peyi a pi mal pase yo te jwenn li, Pèp la bouke ak Premye Minis marionèt.

Se la non Mèt Caleb Jean Baptiste pran tout sans li. Medya yo prezantel kòm yon figi ki pa pè kraze tab la, ki pare pou mete lòd nan administrasyon piblik la, fouye nan dosye koripsyon yo, revoke fonksyonè ki trayi leta, epi fè bank ak gwo biznis rann kont. Pou yo, se pa yon kesyon senp chwa politik, men yon kestyon siviv nasyonal.

Nan yon analiz san filtè, yon medya ekri,
Ayiti pa bezwen konsansis ak vòlè. Ayiti bezwen konfli ak sistèm ki krazel. Mèt Caleb Jean Baptiste sanble youn nan ra moun ki pare pou mennen konfli sa a.”

Medya entènasyonal yo, yo menm, avèti, si Ayiti kontinye chwazi menm figi yo, menm pratik yo, pa gen okenn plan sekou ki ka mache. Yo wè nan Mèt Caleb yon posiblite pou kase chenn enpinite a, retabli otorite leta, epi mete diyite pèp ayisyen an tounen nan sant desizyon yo.

Mesaj medya yo klè, fò, e san anbilans.
Se pa kesyon si Mèt Caleb ta ka vin Premye Minis, men poukisa sistèm nan pè li.
Pèp la ap gade. Listwa ap note.
E medya yo di sa byen fò, Si Ayiti vle viv, li dwe chanje radikalman. Mèt Caleb Jean Baptiste se pa mirak, men li se yon kase-brize ak sistèm lan.

Carlos Pierre jounalis angaje
Le 19/01/2026

Mèt Caleb Jean Baptiste mande pou CTP a ak tout premye minis lan rache manyòk li bay tè a 7 fevriye.____________________...
17/01/2026

Mèt Caleb Jean Baptiste mande pou CTP a ak tout premye minis lan rache manyòk li bay tè a 7 fevriye.
_________________________

Yon gouvènman kipa kanpe sou anyen dwe ale rapid vit, pagen moun sou latè kika di endividi sayo rete, paske se plis mal yo fè pèp la ke byen, pagon aksyon nèg sayo poze ki nan favè pèp la, gaz chè, ensekirite fè mikalaw, ti mamit diri pi wo ke mòn pil bowo, nou di nou pa nan nèg sayo, se yon prezidan ak yon premye minis nou bezwen, fwa sa se pèp la ki pou chwazil ak tout ayisyen kap fè politik, ki renmen peyi a.

Chase van divizyon, poun ka bay peyi a yon bon moun pou dirijel, chak fwa poun mete yon moun tout nèg gen foli pouvwa, nap kouri dèyè vòlè ki wè pòch yo, kipa wè peyi a, moun kap soufri yo bouke, fòk yo ka rale yon souf, sepa posib pou yon peyi chaje jèn kal lekòl epi pou yap soufri.

Mèt Caleb Jean Baptiste mande tout moun nan peyi a pou pote kole, mete tèt ansanm poun ka gen bon lopital, bon wout, dlo poun bwè ak manje poun manje, fè plis lekòl nasyonal, plis inivèsite, envesti nan agrikilti a poun pa depann de lòt peyi.

Sitwayen angaje a di fòk 9 vòlò sayo ale pou peyi a ka rale yon souf, li tou pwofite voye yon piga bay nèg ki panse se lajan yap vin fè san yo pa wè pwoblèm pèp la, nou bezwen yon prezidan avèk yon premye minis poun kapab òganize bon jan eleksyon nan peyi a.

Ale bann chat, ale bann vòlè, se twòp atò, pèp la bouke.

Carlos Pierre jounalis angaje
Le 17/01/2026

MÈT CALEB JEAN BAPTISTE 12 Janvye 2010 Krim sistèm Politik ak Finansye Kont pèp Ayisyen an.____________________12 janvye...
12/01/2026

MÈT CALEB JEAN BAPTISTE 12 Janvye 2010 Krim sistèm Politik ak Finansye Kont pèp Ayisyen an.
____________________

12 janvye 2010 pat yon senp katastwòf natirèl. se te rezilta dirèk echèk leta ayisyen an, konplisite klas politik la, ak silans sistèm finansye a. Dè dizèn de milye Ayisyen pa mouri sèlman anba debri, yo mouri anba neglijans, koripsyon, enpinite, ak yon sistèm ki toujou mete pwofi devan lavi moun.

Kay te bati san kontwòl. Leta te absan. Enstitisyon te vid, men lè lajan èd la te antre, bank yo te la. Milya dola te sikile, kont yo te gonfle, pandan viktim yo tap dòmi anba tant, san swen, san jistis. 12 janvye te tounen yon biznis pou kèk gwo tèt.

Jiska jodi a, bank komèsyal yo, sitou UNIBANK, refize bay pèp la transparans sou wòl yo te jwe nan jesyon lajan rekonstriksyon an. Bank ki fè gwo pwofi sou do popilasyon an, men ki pa janm reponn sou kestyon moral yo.
Kote lajan viktim yo pase? Ki moun ki benefisye? Poukisa pèp la toujou pòv, pandan enstitisyon finansye yo vin pi rich?

Mèt Caleb Jean Baptiste, kòm avoka angaje ak defansè enterè pèp la, denonse konplisite sa a ant pouvwa politik la ak sistèm bankè a. Li raple nou ke krim kont pèp la pa fèt ak zam sèlman, men ak plim, kontra, kont labank, ak silans enstitisyon yo.

12 janvye montre nou yon verite klè, lè leta trayi, lè politisyen vòlè, lè bank fèmen je yo, se pèp la ki mouri. Jiska jodi a, pa gen ankèt serye, pa gen jijman, pa gen responsablite. Se enpinite total.

Nou refize bliye. Nou refize aksepte seremoni ipokrit pandan menm aktè yo ap kontinye peze pèp la. Memwa viktim 12 janvye 2010 yo se yon akizasyon dirèk kont politisyen yo, kont bank yo, espesyalman UNIBANK ki kontribye nan mete peyi a kotel ye jodia, ak kont tout sistèm ki fè lajan sou mizè moun.

San verite pa gen memwa.
San jistis pa gen lapè.
Batay la kontinye pou diyite pèp ayisyen an.

Pou fini Mèt Caleb Jean Baptiste besel byen ba poul salye depa chak grenn ayisyen ki te viktim nan jou sa e li pataje pèn li avèk chak fanmi ak zanmi ki te gen yon moun yo pèdi nan katastwòf sa.

Carlos Pierre jounalis angaje.
Le 12/01/2025

Mèt Caleb Jean Baptiste pa sispann denonse Unibank ki pa vle bay pèp la kòb li an dola._____________________Sa kap pase ...
10/01/2026

Mèt Caleb Jean Baptiste pa sispann denonse Unibank ki pa vle bay pèp la kòb li an dola.
_____________________

Sa kap pase nan UNIBANK jodi a se pa yon pwoblèm teknik, se pa yon ti reta, se pa sitiyasyon peyi a.
Sa k lap pase a se yon abi, yon trayi, yon agresyon finansye kont pèp ayisyen an.
Moun depoze lajan yo an dola. yo vin pran lajan yo. UNIBANK di yo, Nou pa gen dola.

Sa se yon manti.
Paske si pa gen dola, kijan bank lan ap fonksyone? Kijan li ap fè tranzaksyon entènasyonal? Kijan li ap fè pwofi? Se pa dola ki pa la. Se volonte pou respekte pèp la ki pa la. Se egzakteman sa Mèt Caleb Jean Baptiste, avoka angaje, defansè dwa sitwayen yo, denonse piblikman, Li di sa klè.

Sa UNIBANK ap fè a se vyolasyon dwa kliyan yo, ni sou plan legal, ni sou plan moral. Depi kilè yon bank vin pi fò pase lwa? Depi kilè yon kontra ant bank ak kliyan vin papye san valè? Depi kilè sitwayen ayisyen vin oblije sipliye pou pwòp kòb pa li?

UNIBANK ap kenbe dola pèp la, ap fòse moun pran goud, epi ap touye yo ak to chanj ki kraze lavi yo. Sa se pa jesyon, se eksplwatasyon. Se fè kriz la tounen biznis sou do moun ki deja ap soufri.

Pandan sa a:
fanmi pa ka peye lekòl,
biznis ap fèmen,
malad pa ka achte medikaman,
jèn ap pèdi avni yo.

E UNIBANK?
Li kontinye chaje frè.
Li kontinye fè piblisite.
Li kontinye fè pwofi.
Sa rele ipokrizi finansye.

Mèt Caleb Jean Baptiste pa pale an van. Li raple yon verite ke UNIBANK vle bliye. Kòb kliyan an se pa rezèv bank lan. Se pa jwèt, Se pa estrateji, Se DWA.

Silans BRH la se yon wont nasyonal. Lè otorite yo pa aji, yo bay bank yo lisans pou peze pèp la. Men pèp la ap gade. Pèp la ap konprann. E pèp la pap rete bèbè pou toutan.
Nou di UNIBANK sa klè, san dekorasyon,
Bay dola kliyan yo, sispann imilye pèp la,
Sispann jwe ak lavi moun. Paske lè pèp la pèdi pasyans, se pa deklarasyon ki ka sove okenn bank.

Sitwayen angaje a raple poul di UNIBANK, ou pa mèt dola pèp la. Ou se gadyen li.
E jodi a, ou ap trayi misyon sa a, avèk vwa pèp la,Avèk kouraj Mèt Caleb Jean Baptiste,
Batay sa a pa politik.
Li pa pèsonèl.
Li lejitim.

Avangadis la ap travay pou tout enstitisyon ki nan peyi a respekte dwa pèp la espesyalman Unibank kap kraze peyi dejou an jou.

Carlos Pierre jounalis angaje.
Le 10/ 01/2026

Maître Caleb Jean-Baptiste interpelle la conscience nationale_______________________Alors qu’Haïti traverse l’une des pé...
21/12/2025

Maître Caleb Jean-Baptiste interpelle la conscience nationale
_______________________

Alors qu’Haïti traverse l’une des périodes les plus critiques de son histoire récente, Maître Caleb Jean-Baptiste, avocat engagé et acteur politique, a une nouvelle fois pris position publiquement pour alerter sur la situation du pays. À travers un message publié sur le réseau social X (anciennement Twitter), il a lancé un appel direct à la responsabilité collective du peuple haïtien.

Dans ce message, Me Jean-Baptiste pose une question centrale : jusqu’à quel point les citoyens haïtiens sont-ils prêts à assumer leurs responsabilités face à l’avenir du pays et aux générations futures ? Selon lui, la crise actuelle que connaît Haïti n’est pas le fruit du hasard, mais le résultat de plusieurs années de négligence, de silence, d’hypocrisie et de manque d’engagement civique.

L’avocat souligne que l’inaction collective a des conséquences lourdes, non seulement pour la génération actuelle, mais également pour les enfants et petits-enfants du pays. Il appelle ainsi à une prise de conscience urgente et à la fin des discours sans effets concrets, des postures opportunistes et des intérêts personnels qui, selon lui, continuent de primer sur l’intérêt général.

Dans cette dynamique, Me Caleb Jean-Baptiste propose l’organisation d’un Congrès national, conçu comme un cadre de dialogue, de réflexion et de planification stratégique. Cette initiative viserait à rassembler les différentes forces vives de la nation, intellectuels, professionnels, jeunes, membres de la diaspora et citoyens engagés, afin de définir ensemble une nouvelle orientation pour Haïti.

En invitant les citoyens à le contacter directement pour discuter et préparer cette démarche, Me Jean-Baptiste insiste sur le caractère inclusif de la mobilisation. Il affirme que l’avenir du pays ne peut plus être confisqué par une minorité et doit désormais relever d’une responsabilité collective.

Au-delà d’un simple message diffusé sur les réseaux sociaux, cette prise de parole s’inscrit comme un signal d’alarme adressé à l’opinion publique. À travers cet appel, Maître Caleb Jean-Baptiste exhorte la société haïtienne à sortir de l’indifférence et à s’engager activement dans la construction de l’avenir national.

Le 21/12/2025
Carlos Pierre jounalis angaje

HAÏTI / INJUSTICE FONCIÈRE : Quand le système tourne le dos à la diaspora, l’affaire de l’artiste Junior BONHEUR soulève...
15/12/2025

HAÏTI / INJUSTICE FONCIÈRE : Quand le système tourne le dos à la diaspora, l’affaire de l’artiste Junior BONHEUR soulève des questions

Un nouveau dossier, qui attire l'attention et soulève de sérieuses interrogations sur le fonctionnement de la justice en Haïti, notamment en ce qui concerne la protection des biens de la diaspora, . L’artiste haïtien de renom Junior BONHEUR dénonce ce qu’il considère comme une tentative de spoliation de son patrimoine, menée dans le silence et la passivité des autorités concernées.

Selon les informations disponibles, Me Presner SYLVAINCE, avocat et Directeur des Affaires Juridiques (DAJ) au ministère de l’Éducation nationale, tenterait de prendre possession de la maison de l’artiste, située dans la zone de Vivi Mitchell, alors que le propriétaire détient tous les documents légaux attestant ses droits sur ce bien. Cette situation, qui perdure depuis plusieurs années, reposerait sur un jugement contesté, entaché d’allégations de pressions, de menaces et de pratiques assimilées à des méthodes mafieuses.

Face à ce que beaucoup considèrent comme une grave injustice, plusieurs citoyens de la communauté ont déjà élevé la voix pour dénoncer ces faits. Ils estiment que ce dossier constitue un dangereux précédent, susceptible de décourager la diaspora d’investir ou de retourner en Haïti. Selon eux, si un artiste populaire, muni de documents légaux, ne peut bénéficier de la protection de l’État, quelles garanties restent-il pour le reste de la population ?

Dans ce contexte, des appels sont lancés en faveur de la révocation immédiate de Me Presner SYLVAINCE de ses fonctions, ainsi pour que le Commissaire du gouvernement, Fritz Paterson Dorval, puisse assumer pleinement ses responsabilités, mette l’action publique en mouvement afin que lumière soit faite sur ce dossier, en toute impartialité.

Plusieurs organisations et citoyens annoncent également que, faute de réponses claires et d’actions rapides de la part de l’État, des mobilisations populaires pourraient être organisées devant le ministère de l’Éducation nationale et d’autres institutions concernées.

L’affaire Junior BONHEUR dépasse le cadre d’un simple cas individuel. Elle soulève des questions fondamentales sur la sécurité juridique de la propriété privée, l’usage du pouvoir au sein de l’État et l’avenir des relations entre Haïti et sa diaspora. Un pays qui aspire à se reconstruire ne peut tolérer le vol de biens, les jugements frauduleux ni l’utilisation des institutions publiques à des fins d’intérêts personnels.

La justice doit être rendue, et elle doit être clairement visible pour tous.

Carlos Pierre journaliste engagé
Le 15/12/2025

KONVIKSYON POU CHANJMAN, SIT-IN ANONSE, mobilizasyon ki pa rive fèt  yon òganizasyon ki ta sanble pèdi konfyans pèp la._...
12/12/2025

KONVIKSYON POU CHANJMAN, SIT-IN ANONSE, mobilizasyon ki pa rive fèt yon òganizasyon ki ta sanble pèdi konfyans pèp la.
_____________________

Nan yon moman kote peyi a ap plonje pi fon chak jou nan kriz ekonomik, sekirite, ak dezòd politik, chak apèl pou mobilizasyon vin pran valè, Se poutèt sa anpil moun te pran an konsiderasyon lè mouvman Konviksyon pou Chanjman te lanse gwo anons sou yon sit-in nasyonal ki te sipoze rasanble sitwayen yo devan enstitisyon leta yo. Yon mouvman ki te pwomèt leve kanpe kont sistèm nan, Men finalman, sa ki ta dwe yon jès detèminasyon tounen yon gwo dezolasyon piblik.

Anpil sitwayen leve maten an ak espwa yon mouvman masiv, men sa yo jwenn se te silans, dezòd òganizasyonèl, ak absans total lidèchip. Sit-in yo pa janm fèt, pèp la ret tann, epi Konviksyon pou Chanjman pat bay okenn eksplikasyon kòrèk, ni okenn rapò serye sou echèk mobilizasyon an.

Yon Mouvman Ki Pale Fò Men Aji Fèb. Si gen yon bagay pèp la bouke wè se gwoup ki pale anpil sou reyalite sosyopolitik yo, men ki pa gen kapasite pou egzekite pwòp pwomès yo. Lè yon òganizasyon lanse yon apèl piblik tankou yon sit-in, sa mande preparasyon, kowòdinasyon, disiplin, epi responsablite. Konviksyon pou Chanjman pa rive montre okenn ladan yo.

Deklarasyon yo, yo souvan fèt avèk gwo pawòl, gwo moral, gwo anbisyon, men lè rive nan aksyon, se tankou yon boulon ki lage nan mitan wout, Yon apèl pou mobilizasyon ki pa mobilize pèsonn se pi gwo prèv yon estrikti ki pa pare pou mennen okenn batay serye pou chanjman.

Pèp la bezwen aksyon, pa diskou. Nan yon peyi kote chak jou pote plis mizè, plis ensekirite, plis fristrasyon, sitwayen yo paka kontinye ap suiv lidè ki pa montre konsekans, lè yon mouvman pa ka kanpe sou pwòp pyel pou fè yon sit-in senp rive fèt, kijanl pral fè dirije batay kont sistèm ki gen rasin nan plizyè deseni?

Echèk sit-in sa a se pa sèlman yon aksidan, li se yon siy feblès estriktirèl, yon mank estrateji, yon mank òganizasyon, yon distans ak reyalite mobilizasyon popilè.

Konviksyon pou Chanjman dwe bay pèp la Kont randevou
Se pa yon kesyon pase anba tapi. Lè yon pati politik mande moun leve kanpe, li dwe kanpe devan yo lè moman an rive, sa yo pa t fè, e jodi a, se kredibilite mouvman an ki pran kou.

Plizyè santèn sitwayen avèk militan te pale nan migwo laprès pou mande kote mèt Caleb Jean Baptiste ki toujou nan tèt mouvman, ap mobilize moun yo, jodia ta sanble me la mawon tout moun ap mande sak do pase, e yo fè konnen depi mèt Caleb pa nan tèt mouvman yo menm pa gen moun kap fè yo pran lari al manifeste.

Pèp la merite konprann
Poukisa apèl la pat abouti?
Ki kote echèk la soti?
Kisa ki pral chanje pou evite menm dezòd la nan pwochen rantre yo?

San eksplikasyon, san transparans, Konviksyon pou Chanjman kite plas yon dout, Èske se yon mouvman serye, oswa se yon lòt gwoup ki jis ap fè bri san direksyon?

Nap raplew gen anviwon 90 militan ki debake nan kabinè Mèt Caleb Jean Baptiste la pou yal chèche konnen kisak pase nan mouvman jodia paske Mèt la pa konn abitwe ba yo randevou poul pa vini.

Carlos Pierre jounalis angaje
Le 12/12/2025

Mèt CalebJean Baptiste mande arestasyon  Marie TAÏSSA MAZILE ki kase kès FNE._________________________Pwoblèm ayiti se k...
09/12/2025

Mèt CalebJean Baptiste mande arestasyon Marie TAÏSSA MAZILE ki kase kès FNE.
_________________________

Pwoblèm ayiti se kòripsyon, chak nèg ak fanm ki vini, yo rich , fè zanmi rich, san yo pat gen yon goud nasyonal, minis yo son dal vòlè ki chita yon kote ap fè kòb san yo pap bay okenn sèvis vre, se pran plezi ak fanm, gaspiye kòb nan lwe otèl ak machin pèp la menm paka manje, yo paka bwè, grangou ak lamizè se sèl sinyati pèp la pandan tan sa minis yo menm ap vòlè, li two fasil mesye dam, fwa sa fòk nal nan prizon.

Ayiti lè yon nèg direktè ou byen yon fanm direktris jeneral li pansel se Bondye vòlè jan yo vle, siyen chèk sou non moun jan yo vle, achte machin pou fanm ak nèg nan kòb Leta jan yo vle, lwe kay pou fanm ak kòb pèp la san kalkile, non nou di non, tout dosye yo pwal pran lari e nèg ak fanm sa yo ap dèyè kat miray, yon peyi pakap fini pou moun ki swa dizan di yo se chèf, ap fè lajan san yo pa itil peyi a anyen.

Gade salè yon minis, yon direktè jeneral epi nan 6 mwa poul gentan rich, gen plizyè machin ak kay, pouki nèg ki nan Leta pran pèp sa menm, li inakseptab pou yon dirijan parèt ak 2 po dadal non klen dèy li rich sak pi dwòl la pagon moun ki mandel kotel jwenn kòb sayo, Mèt Caleb Jean Baptiste ki dakò batay pou chanje lavi pèp la deklare sa dwe fini.

Pèp ayisyen kale je nou, si nèg yo paka ban nou sèvis nou dwe di non, nèg yo ap fè tchoul enperyalis, yo pajanm defann ayiti, yo bay boujwa ak blan tout enterè peyi a, ayisyen menm mèt mouri, grangou a rèd, ensekirite a rèd, si nap soufri se kòripsyon ki mete nou la, nou dwe pote plent pou tout ti visye sayo kap apovri pèp la.

Pou fini Mèt Caleb fè konnen tout moun ki pase nan lETA depil jwenn nonl nan koripsyon lap fè marel, peyi a paka pab ankò sèt fwasi pèp la dwe gen yon moun ki kanpe pou defann li, Mèt la leve vwal byen fò poul di lap batay jiskaske sa chanje.

Carlos Pierre jounalis angaje.
Le 09/12/2025

Mèt Caleb Jean Baptiste di Ase se ASE!__________________Pandan kèk mesye nan tranzisyon an pami yo Erick prévost avèk SE...
05/12/2025

Mèt Caleb Jean Baptiste di Ase se ASE!
__________________

Pandan kèk mesye nan tranzisyon an pami yo Erick prévost avèk SEMANAH, ap jwe ak desten peyi a, kap pran desizyon nan fènwa, gen yon vwa ki refize fèmen bouch li, Mèt Caleb Jean Baptiste. Li pa pè yo. Li pa bezwen pè yo. Li leve kanpe pou denonse tout bagay ki pa klè, tout magouy ki ap fèt an souri, tout mouvman ki san limyè. Sa ki konnen yo pa dwat se yo kap tranble, paske lè verite ap pale, lonbraj pa gen kote pou kache!

Mèt Caleb Jean Baptiste pa nan konpwomi, li pa nan danse kole ak opàk, Li rele byen fò: TRANZISYON PA VLE DI FÈ SA OU VLE!
Pèp la bouke ak jwèt politik ki fèt dèyè pòt fèmen, Pèp la bouke ak non, ak zanmi, ak negosyasyon kap fèt ankachèt. E si gen moun ki panse yo pral kontinye ak menm move pratik yo, yo twonpe tèt yo, paske mèt Caleb Jean Baptiste deja gen plizyè non nèg kap fè mangouy ladanl

Jodi a, se mèt Caleb kòm denonsyatè ki leve kanpe, Demen, se pèp la ki pral leve, E lè sa rive, okenn ‘ti gwoup’ pap kapab bloke verite a ankò, Peyi a mande limyè, e vwa mèt Caleb Jean Baptiste se yon flanm dife kap limen tout kwen! Yo pap ka barel, Viktwa pou pèp la.

Carlos Pierre jounalis angaje
Le 05/12/2025

Mèt Caleb Jean Baptiste pote plent kont moun kap fè trafik ògan nan peyi a.________________________Mèkredi 03 desanm 202...
03/12/2025

Mèt Caleb Jean Baptiste pote plent kont moun kap fè trafik ògan nan peyi a.
________________________

Mèkredi 03 desanm 2025 lan mèt Caleb Jean Baptiste frape Moïse Jean Charles, Betty Lami, Wadson Sanon kòm moun kap mache fini ak lavi moun, disparèt moun gwo midi anndan peyi a, Moïse Jean Charles tèlman fè dega nan peyi a son nèg kita dwe dèyè bawo men konnya kigen foli prezidan, ki Moïse Jean Charles sepa Moïse chat sou Jovenel ki tap pran gwo kòb nan fè nwa lajounen menm lap kritike Jovenel la, Moïse tegen minis sou Ariel, li gen prezidan nan kpt a men se menm Moïse sa kap mache kritike, ala nèg odasye sa mesye.

Andy Apaid, Charles Henry Baker mèt la pa bliye nou, valè dega nou fè nan peyi a, nap touye moun nan izin nou lanmò san jou gang parèy nou dekouvri nou, fòk nou reponn kesyon lajistis.

Li tap two fasil pou kou sa ta pase, chak jou moun ap disparèt, sak pi rèd la yo jwenn yon pakèt zo moun nan izin Apaid la , eske sepa moun yap pwan Ren yo ak kè yo, lajistis dwe tranche sousa rapid paske 2 mesye sayo fè twòp mal nan ti bout tè papa Dessalines lan.

Nap mande ak tout militan pou kouri dèyè Moïse Jean Charles tout kotel pase paskel detwi twòp jèn nan peyi a, si ap gen eleksyon Moïse Jean Charles dwe pran kanè san kondisyon.

Ekip malfwa sayo kontakte mèt la pou kase fèy kouvri sa men kou a pap pase fòk yo tout al nan prizon, lajan paka achte batay pèp la, nap goumen jiskaske nou kraze sistèm kap fini ak malere nan peyi a.

Pou fini nap mande kpt chanprèl sa, sakap pase latibonit konsa, apa nèg yo vann tout latibonit lan, kote drone yo, kote Cha yo, li klè se gouvènman ki vann peyi a si non yo tap mare tout gang, peyi a dwe leve kanpe kont moun sayo paske yo mechan anpil.

Carlos Pierre jounalis angaje
Le 03/12/2025

Adresse

Port-au-Prince
509

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jean Actu publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager