29/10/2025
Ayiti-Siklònik:UNESCO ap miltipliye fòs li pou l kanpe an fas Mélissa nan plizyè depatman an Ayiti !
Madi 28 oktòb 2025, pandan Siklòn Melissa a t ap kontinye afekte Ayiti, UNESCO te ranfòse kolaborasyon l avèk Pwoteksyon Sivil ak patnè imanitè yo nan depatman Sid, Grand'Anse ak Artibonit. Ekip yo ap siveye sitiyasyon deprè evolye , idantifye zòn ki pi ekspoze yo, epi sipòte aksyon priyoritè pou pwoteje ak sansibilize popilasyon vilnerab yo.
Nan Sid, te gen yon reyinyon ijans ant Direktè Pwoteksyon Sivil la ak ekip rejyonal UNESCO a. Reyinyon sa a te pèmèt yon evalyasyon sitiyasyon aktyèl la, idantifikasyon bezwen imedya yo, ak kowòdinasyon entèvansyon ki nesesè pou ranfòse sekirite rezidan yo.
Nan Grand'Anse, ekip teren UNESCO a te patisipe nan yon reyinyon travay enpòtan ke Direksyon Depatmantal Pwoteksyon Sivil la te òganize.
Reyinyon an te gen pou objaktif pou bay yon evalyasyon ajou sou sitiyasyon metewolojik la, siveye aksyon ki ap kontinye yo, epi idantifye defi ki rete yo. Li te pèmèt tou planifikasyon nouvo mezi mobilizasyon ak kominikasyon kominotè, ansanm ak ranfòsman kowòdinasyon resous imen ak lojistik ki disponib yo.
Yo te lanse yon apèl ijans pou ede moun ki aktyèlman nan abri yo. Bezwen ki pi ijan yo enkli aksè a dlo potab, rezèv klò, ekipman entèvansyon pou Komite Jesyon Risk Dezas Minisipal yo (CCGRD), ak distribisyon twous ijyèn, patikilyèman pou fanm ak tifi.
Nan Artibonite, nan Sant Operasyon Ijans Depatmantal la, UNESCO ap patisipe nan efò kowòdinasyon ki dirije pa OIM, UNICEF, OCHA, PAM, RANEPH, COOPI, Scouts yo, ak AGERCA. Ansanm, patnè yo ap evalye kapasite lojistik ak rezèv ijans yo pou reponn efektivman a enpak siklòn nan.
Pou sipòte enstitisyon lokal yo, UNESCO ap kontribye nan kominikasyon kriz, sansibilizasyon kominotè, ak kowòdinasyon efò ki vize pwoteje lavi moun ak ranfòse rezistans kominote yo fas a ijans klimatik sa a
.