06/01/2025
📌Robenson Rendel, ke nap gade sou foto a, se jèn antreprenè sa a nèg ak zam ki te sou motosiklèt tire, maten dimanch 5 janvye 2025 lan, sou lakou legliz « Notre Dame du Perpetuel Secours » nan Delmas 75. Daprè Pòt-pawòl Adjwen Lapolis la, Rendel resevwa 7 bal, pandan lap desann machin li. Pami 7 bal viktim nan pran yo, gen 4 li pran nan tèt. Lionel Lazarre presize, se 2 nèg ki te byen abiye ak vès sou yo, ki te sou lakou a, ki fè zak sa a. Lazarre di kontrèman a sa ki tap sikile sou rezo sosyal yo, se pa yon gwoup bandi ki vin tire sou legliz la, se pito yon « egzekisyon ». Selon sa Lapolis rapòte, Roberson Rendel ki se manm legliz la ke tout fidèl konnen, te nan yon Nissan Patrol koulè nwa, ki blennde | LSV