
14/07/2025
Bèl Bous TV mete chapol byen ba devan vwayaj Manmi Zazou (Madame Examise Phéde) ki mouri samdi 5 Jiyè pase a, a 82 lane.
Manmi Zazou fèt 27 Jiyè 1943 nan Jakmel Marigo, li pase yon paket tan ap viv Lakou Siròm ak Ruelle Deschamps (Aviation).
Zazou se te pi gwo machann kafe kite pi popilè e pi ansyen nan Pont Rouge, labapenl ak mayi bouyil grandi yon paket gwo moun ki sòti Pont Rouge ak Portail St Joseph.
Kouraj ak tout fanmi e zanmi dèy sa frape !
Ale anpè Manmi Za, mèsi pou saw te reprezante pou kominote a ! 😓