17/08/2025
Sa w'ap konsome ka ede w rete an bòn sante, Konsa tou ka rann ou malad. Konsyan de sa w'ap manje e jan w'ap manje. Fè fwi ak legim yo bon zanmi w, ekilibre pla yo ak bon glisid, proteyin, e bon lipid, evite tròp grès ( sitou move grès ), tròp s*k ( sitou s*k senp ), tròp sèl, bwè ase dlo ( minimòm 1.5L Nan yon jounen). Pyèj ki genyen nan yon movèz alimantasyon, ou pap tonbe malad touswit men avèk tan w'ap peye konsekans lan, lè pou ta pran repo, jwi laj ou lè sa ou pral nan monte desann lopital e w ka pa viv ase lontan pou ta viv. Fè chwa pou manje byen e sen se pa yon fado, men se yon chwa eklere pou prezève sante w.
Nap gen poun detaye pou ou chak tip de aliman nou site la a, si gen youn spesifikman ou ta renmen nou pale de li nan yon prochen piblikasyon ,di nou sa nan espas kòmantè a.