19/11/2025
🇭🇹 18 Novanm – Onè pou Ewo Nou yo
Jodi a, nou selebre Batay Vètyè yo, dènye gwo batay ki te ouvri pòt libète pèp ayisyen.
Nou sonje ewo ki te leve kanpe pou diyite nou :
Dessaline, Capois-La-Mort, ak tout vanyan sòlda san non ki te sakrifye lavi yo pou Ayiti te vin yon nasyon lib.
Jodi a, nou kanpe dwat pou di :
Onè pou zansèt nou yo. Respè pou kouraj yo. Fyète pou eritaj yo.
Viv Ayiti! Viv memwa Batay Vètyè yo! 🇭🇹🔥