34 Production TSB

34 Production TSB 34 production TSB se yon antrepriz ki la pou produi tout jèn ki gen tanlan nan mizik ak sinema

27/03/2024

Mwen bouke, em pa deside ret gade ankò, e ou menm wap jis ap kontinye plenyen dèyè yon telefòn toujou.

Mwen se Addony Jean Louis, mwen vle mete yon mouvman jèn sou pye ak tou jèn ki santi yo bouke, men ki vle sa chanje, dep...
25/03/2024

Mwen se Addony Jean Louis, mwen vle mete yon mouvman jèn sou pye ak tou jèn ki santi yo bouke, men ki vle sa chanje, depi ougen plis pase 15 ane wap byen vini.

Mouvman sa a, ap resevwa jèn gason kou jèn fanm, tout klas sosyal, depi ou santiw prè pou defann peyiw men, fòk ou pat janm kondane nan viw, paske lè wap vin manb wap bezwen yon kazye jidisyè delivre pa DCPJ.

Nou bezwen jèn fanm ak jèn gason ki nan dyaspora a, kap reve ak yon lòt Hayiti, wi liposib men fòk nou mete men nan pat la, pa rete kanpe lwen, vin poze wòch paw la.

Pwojè a se regwoupe tout jèn nou yo nan yon mouvman la jènès, aprè seleksyon nap regwoupe yo pa komisyon, pou manbre mouvman an.

Aprè plizyè rankont ak tout komisyon yo, poun Chita ansanm poun mete yon strikti politik 80% jèn soupye nan peyi a. Nap bezwen konkou tout moun onèt ki kwè nan jèn pou ede nou ak mouvman sa a, tout moun kap bay enèji yo nan mouvman sa a, se benevola lap ye pwovizwa.

Ou menm jèn fanm, jèn gason ki kwè nan tèt ou, nan kouraj ou, nan volontew ak onètetew, ou kapab goumen pou ke nou genyen yon lòt Hayiti, ebyen pa rate okazyon sa a, pouw mete tèt ou ak nou, poun pran risk la ansanm poun mete men nan pat la, olye nap kouri pou responsablite nou ann fè fas ak li, pagen lòt moun kap vin fèl pou nou, se nou ki pran desten nou nan men kòm granmoun.

Mouvman sa a, se yon pwojè li poko gen non, li poko gen strikti ak lokal, li poko gen kòdonatè, li poko gen manb, li poko gen lidè ni patizan ak senpatizan.

Se ansanm nou pral metel sou pye, se ansanm nap bal non e se ansanm nap mete strikti yo kanpe, se asanm nap chwazi manb komite yo.

Ou menm jèn fanm ak jèn gason, ki rite sèlman ap kritike sou rezo sosyo yo, jodi a ou gen chans paw pou vin mete men, olyew Chita ap plenyen, mwen te konn fèl men mwen rive yon kote mwen bouke, mwen paka ap plenyen ankò sanm pa poze yon aksyon, ebyen jodia mwen lonje menm ba ou, pranl poun lonje men nou bay lòt yo, poun wè si na chanje sa, pito nou echwe pandan nap eseye, ke nou echwe sann pa eseye.

Men kontak mwen pou siw renmen ide a ak siw vle fè pati mouvman.

Non pam se Addony Jean Louis, telefòn mwen se 509 3750 7245 / 4092 9898
Email: [email protected]

Mwen koubem byen ba devan 4 fòs kosmik yo, poum di nou mèsi, menmke mwen konnen li pa sifi.Malgre moman yo difisil nap m...
25/03/2024

Mwen koubem byen ba devan 4 fòs kosmik yo, poum di nou mèsi, menmke mwen konnen li pa sifi.
Malgre moman yo difisil nap monte yon masife pa do men, nou panse avèm kanmèm, malgre souf nou ap koupe, map di nou tout bèl swè nou yo fè kèm kontan, yo re bay lavim sans poum kanpe dyanm, yon lòt fwa mèsi mwen renmen nou anpil menmjan nou renmenm anpil tou.

24/03/2024

Daprè eksperyans politik mwen fè ak anpil politisyen Hayisyen, nou lwen anpil poun gen yon Hayiti kote tout lòt peyi respektel.

Si nou menm jèn ki kwè nan yon lòt Hayiti, rete ap plenyen kite politisyen sa yom wè la a, kontinye mete kòd nan tèt nou, tankou bèt yap mennen labatwa, nou fenk kare plenyen.

Se espre yo fè menm, yo dyabolize sektè politik la, yo pa mete strikti nan okenn pati politik, yo fè politik tounen yon afè kriminèl, yo kraze tout enstitisyon peyi a, yo fè pwomosyon pou vye moun, pou kriminèl ak moun ki renmen koripsyon, jis pou dekouraje moun onèt yo antre nan politik, yo fè politik malsen, bosal, yon bagay lèd, pou jèn ak moun serye kanpe lwenl, pou dekouraje moun serye nèt, depi yon moun onèt brave danje antre nan zafè politik peyi a, yo pyejel yo bwèl yo woulel nan farin, fèl parèt lèd nan je tout moun ki tap korel, yo metel nan yon sitiyasyon swal pran fòm vaz la oubyen li bay vag, jis pou dekouraje moun serye ki ta vle antre nan zafè politik peyi a, sak pirèd la nou pran nan konplo a vre, paske nou se yon pakèt bann lach, ki Chita ap plenyen san pran okenn riks paske se entèlektyèl nou ye, politik Hayiti se pou bèt sovaj nou pa ladann, men nap Tann yon Hayiti miyò pou pitit nou nan men yon bann bèt sovaj, nou chaje ak jèn inivèsitè nan peyi a, mandew kote yo ye, sa yap regle ki pwojè yo genyen pou etire Hayiti nan sal ye la ou pa konnen, yo ap kouri kite peyi a o Hayiti pa fèt pou yo peyi sa a se yon jeng liye, kòmsi bèt sovaj ki nan jeng lan se yon etranje ki pou vin metrizel pou yo, mwen poko janm jwenn yon pati politik pou se jèn inivèsite ki kreyel, se toujou menm abolotyo yo, menm vye pati politik tradisyonèl, ki divize Kal fòme lòt vye platfòm politik.

Poun soti nan sa nouye la, se men poun mete nan pat la, se pou moun onèt sispann plenyen fòme pati politik tou, fòme pròp plat fòm politik pa nou, sin vle sove peyi a poun retire Hayiti nan sal ye la a, se poun bwave danje a, reyini tout jèn ki kwè nan yon lòt Hayiti, ki poko pran nan viris politik sal sa a, poun fè peyi nou bezwen an.

Nou kapab se riks la poun pran, se plenyen poun sispann plenyen sou rezo sosyo yo, se aksyon poun poze se rasanble tout sak sanble, nou di nou pa nan politik se nan sosyal nou ye, ki bèl pwojè sosyal ou ka reyalize nan peyi sa a san bwa politik. Mwen menm Addony Jean Louis mwen bouke, mwen pagen peyi Derezèv empap kite Hayiti poum al viv lòt kote.

21/03/2024

Aaaa, sa a pa etonem mwen konn jwè a, ki yès kite bay Liz Kitèl kòm minis enteryè, nan pouvwa aryèl la se pa jwè sa a, pou kounya poum ta sezi. Tant yo mètdam tant yo koken...

13/03/2024

R.I.P Mirlande H Manigat, mwen te di kèk zanmi ou pat bon moun, yo te fache yo fenk banm rezon la, depi lè ou pran vòt mwen an ou jetel nan pou bèl la, mwen konfyan lanati pap padonew e li pap janm sispann banm jistis. Pou mizèm pase poum te baw grenn vòt sa a.

13/03/2024

Si MJC te renmen ayiti vre, li tap fè sakrifis sa a pou Hayiti, li tap pran pouvwa a, nome yon premye minis kise bwa dwat li, mete yon gouvèneman pèsonèl, San pataj responsablite ak okenn lòt moun, yon sèl ekip moun ki pou pran pouvwa a, epi pou tout lòt moun ki vle pran pouvwa ale nan eleksyon, men, MJC pap patisipe nan eleksyon lap òganize yo. Map swiv yon bagay lontan ak politisyen ayisyen, yo toujou nan pataj responsablite men, se yon sèl moun yo toujou akize se chèf la, ebyen mwen vote pou se moun ki chèf la ki pou chwazi moun li pou reyalize pwojèl, paske nan pataj responsablite sa a, se yon pil vòlè ki vin piye peyi a, pagen okenn resposablite vre vòlè yo ap vin pran tout se dèyè ti moso gato yo ye..

19/10/2023

aristid map pale avèk ou, malgre tout abi fè peyim, mwen konnen se pat saw te vle men, ou alive fè anpil deriv menm lanati kont ou, mwen te kòmanse padonew ak bèl lopital sa a, ou konstui ak kòb inivèsite Taiwan te fè nou kado a, ak odas ou li vinn tounen byen fondasyon ou, kòm kòb la se nan peyi a, ou envestil nan konstriksyon bèl lopital sa a, mwen te kòmanse padone ou, paske sim malad anvanm mouri yo ka kouri avèm la a, men depim lèm sot sou kanal la restavèk clinton, poum wè se ajan anviwonnmantal kap sekirize moun yo ak kanal la fas lame dominiken, tonnè boulem mwen vin rayiw plis toujou ti tyoul ti restavèk clinton rèskiyè, mwen santim pa moun lèm map gade ajan BESAP kap fè travay lame a.

18/10/2023

Yèm fon rèv je klè sou kanal la, tèt mwen pa konn trayim, pi gwo konbit la pral kòmansel, se konbit sa a kap pi enpòtan, lap menm pi enpòtan ke kanal.

Jou yon moun pèdi envitem vin manje lakay ou, epi ou paka sèvim konsa tankou yon VIP map vire Dom kitew ak manjew paskem...
18/10/2023

Jou yon moun pèdi envitem vin manje lakay ou, epi ou paka sèvim konsa tankou yon VIP map vire Dom kitew ak manjew paskem pa menm moun nan ankò.

Addony K-nal
18/10/2023

Addony K-nal

Adresse

#180, Avni Solèy, Site Solèy
Port-au-Prince

Téléphone

+50940929898

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque 34 Production TSB publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à 34 Production TSB:

Partager