12/10/2025
Se ak yon doulè san mo nou aprann Jodany Prévilma Prévilien ale kite n. Depi 2007, Jodany rejwenn fanmi Muska an epi nou kòmanse kolabore sou tout kalite pwojè. Pase nan piblisite, soti nan dokimantè, rive nan fim, ak seri, sete yon teknisyen ki pat pè travay. Sou plato, li pa t pale anpil, l te kalm, respekte moun. Se te yon pwofesyonèl san parèy.
Pandan plis pase 15 lane, Jòdach te souvan premye moun ki rive sou plato nou, e youn nan dènye moun ki ale. Li pat sèlman jere limyè oswa detwa trepye. Kit se lantiy, kamera, kablaj, drapo yo, ak tout ti detay nou pata panse. Sa pat di l anyen pou l te met men, pou tout ekipman te ranje ak swen, pou plato a te woule. Lèfini, li te asire l tout moun anfòm, epi tout moun antre lakay yo.
Jodany te yon moun rezève, li pat fè bri, e tout moun te konn fòs li. Li te konn valè tan, presizyon ak disiplin. Li te jere materyèl yo kankou sete pa l. Chak pwojè, piti kou gwo, te jwenn respè yo merite.
Li pa t janm dekouraje malgre yon seri tounaj difisil. Lè li di : « Ann ale, ann ale… Ann eseye… », se lanmou ak lespwa pou metye a kite te pale. Sete moun lan…Ou santi se te menm prensip yo ki te nan fwaye l, jan li te pale ak moun, jan li te pran swen pitit li yo. Jodany sete yon krèm gason ki te mache sou prensip.
Anpil nan nou aprann kisa pasyans, rigè, ak lanmou pou metye a nan travay bò kote l, jis nan gade l k ap pase kab, plase limyè, oswa jan l ap gade yon plan k ap fèt. Sinema te nanm li; li te fè l ak pasyon, ak diyite sou chak plato nou yo kankou tout lòt plato nan vil la. Nan chak plan, nan chak pwojè, li te siyen non l. Nou pa gen dwa janm bliye li.
Nou prezante tout kondoleyans nou bay madanm li, pitit li yo, fanmi l, zanmi l, ak tout kominote odyovizyèl la. Nou pataje doulè an avè nou.
Woukoukou ! Ale anpè... Ale nan limyè a.