13/04/2026
Sitadèl Wa Henri Christophe : KNVA mande responsablite ak plis sekirite apre trajedi 11 avril la.
Aprè trajedi ki te fèt 11 avril 2026 nan Sitadèl Wa Henri Christophe kote plis pase 30 moun pèdi lavi yo, Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen (KNVA) eksprime doulè li epi lanse yon apèl pou plis responsablite nan jesyon patrimwàn nasyonal yo, pandan li ensiste sou dimansyon sakre sit la ak nesesite pou ranfòse mezi sekirite ak regilasyon aktivite yo.