04/07/2025
Anpil fanm ansent an Ayiti ap bwè asowosi pou pitit yo ka grimèl oubyen grimo yo ekspoze a yon gwo danje yo pa konnen, ann wè ki danje sa yo, pa kenbe konesans sa pa kòw
Pataje tèks sa pou plis moun ka jwenn konesans paske anpil fwa nou bwè fèy yo nenpòt kijan, e nenpòt kategori moun panse yo ka bwè yo, sann pa konn danje ki gen nan sa, fèy yo gen prensip aktif ki fè yaji tankou medikaman, e anpil fwa bebe an tonbe oubyen li fèt a malfòmasyon se konn a koz de asowosi fanm ansent yo ap bwè yo an Ayiti fanm ansent bwè asosi yo panse lap fè pitit yo ka gen bèl koulè eske sa posib?
menm jan nou dwe respekte dòz nap pran medikaman yo se menm jan pou fèy yo, menm jan gen medikaman yon kategori moun paka pran se menm jan pou fèy yo
Koulè yon moun pa gen anyen poul wè asosi
Fanm ansent pa dwè asosi paske a koz de sibstans ki ladann nan li ka fè bebe an tonbe oubyen li fè bebe an fèt a domaj, anpil fanm ansent an Ayiti viktim de sa men yo pat konn sak koz
Sa poun konnen ,moun gen po fonse ,moun gen po klè se akoz de yon proteyin nan pow ki rele melanin , tout ras gen melanin a yon degre plis ke yon lòt , sof albinòs ki pa gen melanin , se sak fè yo pa dwe ap ekspoze a solèy ,se melanin nan ki pwoteje pow kont reyon solèy la se sak fè wap wè moun po fonse gen mwens chans fè kansè po ke moun ki gen po klè
wap wè plis ou ekspoze a solèy , plis kantite melanin nan ap miltipliye, plis pow ap fonse, mwens ou eskpoze a solèy, plis wap eklèsi , an vrè son mekanis defans pouw genyen pou protejew
Koulè pitit ou an depann senpleman de melanj jèn ou a jèn ou vle fè pitit la , jèn nan se sipò materyèl jenetik ki fèw sanble a paranw, se sak fè 2 moun nwa fè pitit nwa, 2 moun klè fè pitit klè sa pa gen anyen pou wè a asosi...
pa kont gen sa yo rele atavis son moun ki pran karaktè yon ansyen paran men ki pat eksprime lakay ni manmanl ni papal pi li vin eksprime kay moun sa , pa ekszanp grann ou te ka gen cheve siwo ni papaw ni manmanw pa gen cheve siwo, li pa eksprime lakay yo menl eksprime lakay ou sa ki vin fè ou gen cheve siwo , sa ki valab pou koulè tou se rezon sa anpil moun konn ap di yo pran nan kout pitit
Medam sispann bwè asowosi pandan nou ansent li pa gen anyen pou wè a po klè , o kontrè li ka fè bebe an tonbe oubyen fèl fèt a malfòmasyon, asowosi pa pou fanm ansent!!!
Like &pataje pou plis moun jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry
fans
Kerry NORBRUN