10/01/2022
Flash: Frezesè nou mele! Nan yon entèvyou eksklizif New York Times te fè ak Rodolphe Jaar, nan yon chantye ki te te vid, pandan li te nan maron pou pou otorite ayisyen yo pa t mete men sou li, Rodolphe Jaar, ansyen trafikan dwòg, admèt li te ede finanse ak planifye konplo pou te elimine ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse. Yon ti tan anvan asasina a selon NYT, prezime asasen Rodolphe Jaar te di, Mesye Badio te di li ke premye minis defakto a Ariel Henry ka sèvi kòm yon alye itil apre prezidan an te ranvèse.
Jaar te di ak Jounalis New York Times nan ke Badio gen plis koneksyon ak premye minis defakto Ariel Henry plis ke sa nou te konnen deja e ke attyèl chèf lapolis Ayiti Frantz Elbé te okouran de konplo a:
Dosye telefòn, ansanm ak entèvyou ak ofisyèl ayisyen yo ak yon prensipal sispèk nan krim lan, revele detay potansyèlman enkrimine sou relasyon de mesye yo. Pami yo: Mesye Badio te pale ak Mesye Henry anvan asasina a ak apre sa, ki gen ladan nan de apèl pou yon total de sèt minit nan maten apre asasina a.
Kat mwa apre asasina a, ofisyèl yo te di, Mesye Badio te ale nan rezidans ofisyèl premye defakto Ariel Henry a de fwa - tou de fwa nan mitan lannwit - e li te kapab antre san antrave pa gad sekirite premye minis la, malgre li te kouri soti nan lapolis la.
Mesye Jaar te enplike tou yon lòt manm ansyen nan gouvènman Misye Henry a: chèf lapolis la, Frantz Elbé. Pandan yon reyinyon pou diskite sou konplo a, Mesye Jaar te di, Mesye Badio te rele Mesye Elbé, yon ansyen konseye polis nan epòk la, epi li te mande l pou l ede pwokire zam pou koudeta a. Mesye Elbé te di Mesye Badio ke li pa gen zam yo, men tou li pa eseye anpeche koudeta a rive, Mesye Jaar te rakonte.
Nap raple nou ke premye minis defakto a, Ariel Henry te promote Misye Elbé nan mwa Oktòb pou dirije Polis Nasyonal Dayiti.