Media Info Plus

Media Info Plus Média en ligne d'information en continue quit suit l'actualité en Haiti...et dans le reste du mond The Morning show

15/03/2025

Bandi yo pa idantifye mete dife nan lokal Radio Television Caraibes . Plis moun ap kouri kite lakay yo epu bandi ap kontinye pran zòn.
Yon lòt bò konpayi Aruba Airlines prevwa tanmen vòl nan Pòtoprens
Tout sa nan TI JOUNAL LA Geneco Haïti Media Info Plus

02/03/2025
29/01/2025

Kowòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Lelsy Voltaire vizite semenn nan Pap la nan Vatican, anmenmtan tou Paris, kote li ta dwe kwaze ak Macron, malgre prezidan franse a te trete manm CPT a "kòm enbesil", paske yo te jete Garry Conille. Yon lòt kote, ensekirite nan Kenscoff, lapolis aji tankou ponpye pou chase bandi k ap bay pwoblèm, malgre nèg yo te anonse yo pral atake zòn sa. Tout sa yo nan TI JOUNAL LA, Media Info Plus sou Geneco Haïti

23/01/2025

Prezidan kolonbyen, Gustavo Petro vizite Ayiti ayè mèkredi 22 janvye a, li ateri nan vil Jakmèl la. Vizit ofisyèl Prezidan Petro nan peyi a vize ranfòse epi konsolide lyen nan mitan 2 nasyon yo. Yon lòt kote, ensekirite a kontinye ap vale tèren, bandi yo atake machin kò diplomatik nan peyi a. Tout sa nan , Ti Jounal la Media Infos Plus, nan 3 minit sou Geneco Haiti

17/01/2025

Ansyen Premye minis Rony Smart mouri, li te gen 84 lane, li te premye minis sou prezidans Rene Preval. Anpil reyaksyon apre dekrè pou nome ansyen DG PNH la Mario Andresol kòm Sekretè Deta sekirite piblik. Epi se jedi 16 janvye 2025 lan antèman youn nan jounalis ki te mouri nan atak bandi nan lopital jeneral 24 desanm 2024 la. Ti Jounal Media Infos Plus sou Geneco, nan 3 minit.

16/01/2025

Ansyen DG PNH la, Mario Andresol se nouvo Sekretè Deta pou Sekirite Piblik. Kisa sa pral pote nan kontèks malouk peyi Dayiti ap fè fas la. Yon lòt bò, lapolis arete Magalie Habitant ak ansyen depite Profane Victor pou afilyasyon ak gang. Gradyasyon yon nouvo pwomosyon nan lapolis la.
Tout sa yo nan Ti Jounal Media Info Plus , sou Geneco Haïti

08/01/2025

Gouvènman peyi Dayiti pa montre li gen kapasite pou konbat ensekekirite a. 2025 lan se yon ane elektoral, dwe gen bon jan dispozisyon ki pran nan sans sa. Gwo lajan debloke pou fen dane 2024 la pou ede popilasyon an, men se nan goumen, tigranmoun ap jwenn kit alimantè. Tout sa nan TiJounal la nan 3 minit sou

31/12/2024

Ane 2024 la te difisil anpil pou . Nou pase 3 premye minis, misyon entranje antre pou ede ak ensekirite, ayopò kanpe fonksyone, anpil masak fèt sou popilasyon an... Yon ti bilan sou aktyalite a nan 3 minit!

11/12/2024

Nan TiJounal la jodi 11 desanm nan: otorite Leta peyi Dayiti pa reyaji nòmalteman apre zak sasinay bandi fè sou plis pase 100 moun nan wikenn nan. Ayopò Entènasyonal Tousen Louvèti relouvri Li te fèmen nan mwa novanm nan.

06/12/2024

Si w pat gentan tande sa ki pase pandan jounen an.

Semenn sa nan ENFÒMASYON NOU DWE KONNEN
05/12/2024

Semenn sa nan ENFÒMASYON NOU DWE KONNEN

ENFÒMASYON NOU DWE KONNEN Pwogram nouvèl sa a retounen aprè plizyè lane poz ak yon ekip dinamik ki pral enfòme w sou tout sijè aktyalite ki enpòtan pou popilasyon an pami yo , ak

11/05/2024

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Media Info Plus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Media Info Plus:

Partager