08/08/2025
Haïti/ Sécurité.
Zàm pèdi, sòlda mèsenè disparèt , Yon konpayi kontrakte an ayiti echwe nan goumen kont gang yo . Se konsa journal -York Times pibliye Yon atik kote ke li revele Yon rapò tèt chaje te gen Yon gwoup ameriken ki te al nan Misyon prive an ayiti pou konbat gang yo ke yo menm trè puisan nan Peyi a.
Men Misyon sa te fini trè mal.
Jounal la pale de 2 mesye ki te gen rapò ak operasyon sa, ki gen ladanl yon vétéran Marine américain ki ta disparèt, e ke yo panse nan moman ke li ta mouri, nouvèl sa soulve gwo kesyon sou danje sou kontrakte ame sa yo kap opere nan Peyi a. Sa yo rele Mèsenè prive sa yo kap opere nan Peyi a, danje ke yo ap fè fas lè yo al goumen kont bandi.
Nap raple, Misyon ameriken sa , ki te dirije pa konpayi defans ameriken sa ki rele studebaker te sipoze ede Lapolis Ayisyen reprann kontròl tout zòn ke gwoup gang yo kontrole.
Daprè jounal New-York Times la, Operasyon yo yo te échoué.
Crédit photo : Saintlouis
Boussole Haïti Media 57 pou sèvi ou