
31/03/2025
Fòs Kanapevè Demanti Akizasyon Kont Robert Noncent
Ekip kominikasyon Fòs Kanapevè reveye pote yon demanti fòmèl sou akizasyon ki fèt kont Robert Noncent, li menm yo di ki ta opoze ak mobilizasyon kont ensekirite a. Daprè deklarasyon gwoup la, se yon estrateji divèsyon moun ap itilize sou rezo yo pou eseye dekredibilize mouvman an epi lit Dizay ap mennen.
Nan yon nòt piblik, Fòs Kanapevè Reveye fè konnen Robert Noncent, pi byen konnen sou non “Dizay,” toujou kanpe ak pèp la nan lit kont ensekirite ak move gouvènans. Yo mete aksan sou lefèt ke li patisipe aktivman nan revandikasyon sosyal yo epi li pa janm pran pozisyon kont okenn mobilizasyon kont ensekirite.
Anplis,Lazare Estangel Rebert Noncent di Dizay nan yon nòt piblik kòm moun k ap eseye manipile opinyon piblik la atravè rezo sosyal yo. Dapre sa nou verifye , Estangel ap chèche kreye konfizyon epi fè divèsyon sou batay pèp la ap mennen pou sekirite ak jistis.
Fòs Kanapevè mande popilasyon an pou rete vijilan epi pou yo pa kite okenn fo nouvèl detounen yo nan batay pou chanjman. Yo mete aksan sou nesesite pou tout moun rete mobilize kont ensekirite k ap ravaje sosyete a.
Dosye sa a ap kontinye evolye, epi n ap kontinye swiv devlopman yo pou pote plis detay sou li.
Direktwa Fòs Kanapevè reveye