06/02/2024
SE PA SÈL OKY AK POPPY KI CHITE
Pa etone siw tande sa!
Yo anpil anndan legliz la ki deja bay vag, gen ki wont afiche yo nan mond lan, men lespri yo pa la vre, gen kap veye kilè yo ta jwenn yon okazyon pou vire do bay legliz la, gen ki la toujou pou paran yo, gen ki la paske yo se pitit yon gwo sèvitè osnon pitit pastè, gen ki la toujou yon pye anndan, yon pye deyò, gen ki la tou se paske yo poko jwenn yon djaz rele yo.
Rezon an senp, satan pa sispann tante yo ak bèl avantaj ke mond la ka ofri yo, mete sou sa fristrasyon yo lè yo ap gade jan moun ki pa menm gen 50% nan talan osnon konesans pa yo ap byen viv epi yo ap mal pase, yo a pye, yo paka byen abiye, yo ap mal manje, mizè ap frape yo, legliz pa voye je sou yo, elatriye... Sou baz ke yo pa peye moun nan travay Bondye, jwe pou Bondye, chante pou Bondye paske se li ki baw talan, men pou otan nou peye Pastè a pou talan Bondye ba li pou li byen preche, nou peye l tou paske li te ale lekòl pou sa, se pandan nou inyore anpil ti jèn nan legliz ki sakrifye yo, ki aprann mizik pou yo ka ede nou adore ak louwe pi byen.
Antouka!
Menm vle soulinye pou chak nan grenn moun sa yo ki kite deja osnon ki sou wout pou kite ke Bondye pap janm kite yo konsa san li pa rekonpanse travay yo, ki donk malgre tou yo dwe rete sou liy la, pa chanje kan men pito chanje estraji, kreye lòt bagay pou yo reziste anba presyon lavi a, koz advèsè a ap bay yo tout bagay, sof lavi etènèl.
Mwen pap profetize men pi devan si nou pa souke kò nou, se pa sèl mizisyen kap vag, gen animatè, gen fotograf, gen prodiktè, gen anpil potansyèl anndan legliz la ki ka vag tou san konte kèk ti jenn pastè ki ka vag tou paske yo pa jwenn ankadreman.
Poum fini, mwen swete Bondye bay nou kouraj poun reziste anba tantasyon yo, poun pran BONDYE BENI nou ak kèk kontan lè nou fin akonpli yon travay.
Mwen swete nou fèl pou Bondye pa fèl pou moun, pa fèl paske nap tann love la nan antouraj nou ak nan kominote a, fèl pou Bondye lap fèl pou nou yon lòt kote.
Mkonn so