Media Elle

Media Elle Media Elle est une organisation de femmes qui évolue dans l'audio- visuel. Nous Eduquons par L'image

03/04/2024

Depi fi a atake 28-30 tan li po ko gen timoun, li pa ka pa sibi presyon pou fè pitit. E presyon yo vini sou fòm kèk kesyon tankou: kilè w ap fè yon timoun? Kiyès ki pral pran swen w lè w fin granmoun? Pawòl sa yo trennen anpil soufrans e gen kèk fanm ki estime se bride sosyete a ap bride dwa yo genyen pou yo deside sou lavi yo. Zewo Tabou envite Jacqueline Baussan 1 fanm sikològ pou antre nan pwofondè tabou sa. Mwèmtv invite w pataje lide pa w sou sijè sa nan kòmantè yo.

29/03/2024

Zewo Tabou. Sitiyasyon sa kraze anpil relasyon,separe fanmi, eklate mariaj. Si pou nèg la se konn 1 dilèm, men pou fanm nan k ap sibi an,se avni li ak lavi li ki konn an dange.
Kòman sosyete nou an kapab abòde kesyon pwa responsablite fanmi an? Ki danje? Ki solisyon? Se sa yo Mwèmtv envite w founi je gade pou 5èm nimero zewo Tabou sa.
Avèk: Suze Mathieu Doktè an antwopoloji & Profesè nan inivèsite leta

Kòmante
Pataje
Renmen
Mwèm.tv

24/03/2024

Lè manman an nan prizon,ki enpak sa genyen sou pitit li?
Media Elle avèk travay sa,manyen diferan aspè nan pwoblèm sa,m'en li sitou bay timoun yo la pawòl.
N.b: Siw swete wè tout travail la,ale sou chanel youtube Media_Elle
La Voix des Femmes Koze Fanm Fondation TOYA Kay Fanm Fanm Deside

22/03/2024

Batay pou depenalize avòtman se pa yon batay ki la ayè, e se pa lakay nou an Ayiti sèlman. Se toupatou nan monn lan. Medam yo di: Se mèt kò ki veye kò. Yo vle gen dwa pou yo avòte, e nan bon kondisyon.
Èske se yon senp kout rebelyon? Èske se yon kapris? kisa danje yo ye?
Se tout sa yo nou pral pale nan 4em nimewo Zewo Tabou sa, avèk Me Dilia LEMAIRE. Avoka,manb bawo pòtoprens,aktivis feminis ak dwa moun. Responsab jiridik MOUFHED.

15/03/2024

Tifi a lekòl,li asent. Twò souvan lè yon sitiyasyon konsa prezante, solisyon an tou la: retirel lekòl.
San poze kesyon,san fè okenn analiz,san panse ak dega yo. Se sou tout sa yo Mwèmtv deside vire pwojektè li a travè emisyon Zewo Tabou pou twazyèm numéro sa. Li lekòl, li asent. Ki lòt pòt sòti ki genyen ? Randevou kase vandredi 6PM sou MwemTV...

08/03/2024

Nan moman pouw ta ap kriye pou nèg sa kew tap pataje viw ak li a, ou oblije ap mare pakèt ou pouw kite kay ke anpil fwa ou redi konstwi ak li a. Paske fanmi li pouse dow. Sa se sitiyasyon anpil fanm nan sosyete nou an ap sibi an silans, sou pretèks yo pat marye ak nèg la. Jodia Mwèmtv a travè emisyon Zewo Tabou deside pale pawòl la.
Kisa koze a ye? kijan pouw pwoteje tèt ou? se repons ak kesyon sa yo Me Lovely Jean-Louis pral pote pou nou.
Me Lovely Jean-Louis se Avokat nan bawo Pòtoprens e li se kolaboratris nan CALSDH

01/03/2024

Pou tout fanm ak tifi kap sibi an silans, Mwèmtv ap prezante nou ZEWO TABOU. Yon lide Media Elle ki reyalize ak sipò FOKAL.
Se yon seri emisyon k ap retire fèy ki kase pou kouvri kèk sitiyasyon k ap toupizi medam yo. Si se pa sitiyasyon pa w, li ka manman w, sè w osinon zanmi w. Mwèmtv pwopoze nou pou n pale yo sou plas piblik. Yon fason pou nou di: Nou pa nan kase fèy kouvri sa. Chak vandredi nan mwa mas la, ak 3 avril, rete branche! Premye emisyon an ap pale sou yon fenomèn yo rele maryaj reparatè.

Pataje
Renmen
Kòmante
Renmen

Mwèm.tv

26/02/2024
20/02/2024

Francia avait 11ans quand sa mère est incarcérée en apportant de la nourriture à son mari en prison, Fatimah jeune militante féministe a effectué des visites en prison dans le cadre de son travail nous livre son point de vue; Leurs témoignages croisés révèlent l’impact des emprisonnements sur la relation des enfants à leurs mères, et critique un système où l’incarcération arbitraire et aveugle des femmes livre leurs enfants à tous les dangers.

Le lien intégral de la vidéo: https://youtu.be/jZ6IBcTudbU?si=HGI5qxWwuDuCh9Cz

Réalisation: Dieula Jean Louis (Coordonnatrice de Media Elle)
Production: Media Elle
Cadreur: Wilson Edmond et Lindy Michel

,
, ,
Kri Fanm Ayiti Haïti

24/01/2024

L'incarcération d'un parent par la rupture qu'elle impose peut donc être considéré comme une expérience traumatique qui tient lieu non seulement d'une séparation physique de l'enfant à son parent, mais également de l'effacement de celui-ci qui n'est autre qu'une mise à distance psychique qui entrave la relation de l'enfant avec lui même, avec son parent et avec le monde extérieur.

Comment traiter les liens parents-enfants au regard de l'incarcération ? Vu l'ampleur de la déchéance de notre système carcéral en Haïti, on pourrait se demander si l'État haïtien aussi laxiste qu'il puisse être ne pourrait appliquer une politique carcérale qui viserait à réduire les effets négatifs qu'impliquent la détention d'un parent sur son enfant.



Fanm Ayiti Haïti Haïti .

07/09/2023

Media Elle is an inspiring grassroots organisation in Haiti that provides technical training for women in rural communities on audiovisual production. They are fighting the stereotypes and discrimination that keep women underrepresented in the audiovisual industry, help women believe in their own potential, and give them tools to promote women’s rights through their videos.

Dieula Jean Louis, filmmaker and Media Elle’s coordinator says that, like most grassroots organisations, they provide solutions to issues in their communities that others are not addressing. Their work is undoubtedly important. But, like most grassroots organisations, they are financially and structurally weak. They don’t receive enough funding or support.

Dieula encourages donors to turn their eyes to local grassroots organisations, providing more funding and closer accompaniment to help them build skills and become stronger.

***This video is part of the Grassroots Resilience in Action [ https://grassroots-revolution.civicus.org/videos-grassroots-resilience-in-action/ ] video series and of CIVICUS’ Grassroots Solidarity Revolution campaign [ https://grassroots-revolution.civicus.org/ ]. This series aims to help grassroots activists amplify their voices, visions and narratives in their own way.

Check the out the full video series: https://web.civicus.org/tvb

07/09/2023

Adresse

Port-au-Prince
509

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Media Elle publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Media Elle:

Partager