28/10/2025
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la, SOFEHJ salye tout pitit peyi DAyiti ak tout moun ki pale kreyòl toupatou sou latè.
Lang kreyòl la se pa sèlman yon mwayen pou nou pale, men se rasin, idantite, ak fyète nasyonal nou. Se ak li nou chante, nou ri, nou reve, nou pyafe, e nou pataje istwa pèp nou ak zansèt nou.
SOFEHJ, kwè nan valè kilti ak lang kreyòl la kòm zouti pou devlopman, inite, ak egalite fanm ak gason. Nou ankouraje tout fanm, jèn, ak kominote yo pou yo kontinye sèvi ak kreyòl nan lekòl, nan travay, nan medya , nan tout kichòy chak jou, paske se lang ki pote lavi ak limyè nan lespri nou.
Menm jan fanm pote lavi, se konsa fanm se gadyèn lang ak kilti yon pèp.
Ann selebre kreyòl nou ak fyète.
Kreyòl se fòs, se eritaj, se lanmou!
SOFEHJ, pou yon Ayiti pi bèl.