Radio Television Energie

Radio Television Energie Energie fm l'une des premières stations à émettre sur le Web

12/03/2025

Guy Durosier te fèt 1 mas 1932 nan Bel-Air, Pòtoprens.
Li soti nan yon fanmi kote manman li, Francine Pétrus, te premye moun ki mete li nan mizik. Se li ki te montre Guy premye not yo sou piano.

Depi 11 an, li antre nan fanfa lekòl Saint-Louis de Gonzague, kote li jwe flit, apre sa klarinèt, epi finalman vin metrize saxofòn, ki pral tounen youn nan siyati mizikal li.

A 12 an, li konpoze premye chante li: “Ma Brune.”
A laj 14 an, li antre nan gwoup Les Gais Troubadours, epi rapidman rantre nan gwoup pwofesyonèl tankou:
• Nono Lamy Orchestra
• Orkès Issa El-Saieh, youn nan lekòl mizikal ki pi solid nan epòk la
• Gwoup Michel Desgrottes nan Riviera Hotel
Nan gwoup El-Saieh, Guy dekouvri jazz modèn, paske anpil mizisyen jazz ameriken te konn jwe nan gwoup la. Sa t ap vin make estetik li pandan tout karyè li.

Yon Atis Eksepsyonèlman Versatil
Guy Durosier se te:
• chanteur
• konpozitè
• arrangeur
• pianis, klarinetis, saxophoniste
• showman sou sèn
Sa fè l vin youn nan atis ayisyen ki pi konplè nan jenerasyon li.
Nan fen ane 1950 yo, li kite Ayiti pou li fè karyè aletranje:
• Paris
• Montreal
• New York
• Miami
• Porto Rico
• Repiblik Dominikèn
Li jwe nan club prestijye yo, li kolabore ak jazzmen entènasyonal, epi li prezante mizik ayisyen sou gwo sèn tankou:

🎶 Carnegie Hall (New York)

Yon reyisit ki te fè li vin rekonèt kòm youn nan pi gwo anbasadè mizik ayisyen.
Guy melanje:
• konpa / méringue
• balad romantik
• jazz modèn
• latin
• mizik tradisyonèl ayisyen
Li te yon gran arrangeur, moun ki te ka fè yon melodi vin pi rich ak konplèks.
Chante ki make karyè li:
• “Pa gadé dèyè”
• “Non, non, non”
• “Papa Gede”
• “Marie-Michèle”
• “Haïti”
• “Caravane”
Li gen anpil albòm men youn nan plis apresye a se:
Réminiscences Haïtiennes (1997)
Yon seleksyon mizik ki fè lwanj kilti ak memwa Ayiti.
An 1971, Guy Durosier chanter nan fineray François “Papa Doc” Duvalier.
Jis jiskaske jodi a, sa rete yon pwen cho nan diskisyon sou lavi li.
Guy te eksplike ke li pa te fè ak volonte li, men paske li te oblige.
Malgre sa, mizik li depase kontwovès la, e popilarite li pa t janm diminye.

Guy Durosier pase dènye ane lavi li Ozetazini.
Li mouri 18 août 1999 nan Bothell, eta Washington, apre yon batay ak maladi.
Antèman li te rasanble anpil atis, fanmi mizikal.
Guy Durosier rete:
• youn nan pi gwo vwa mizik ayisyen an
• yon multi-instrumentist eksepsyonèl
• yon fosè ant mizik Ayiti ak mizik entènasyonal
• yon poèt melodi ki te chwazi Ayiti kòm sous enspirasyon li.

Mizisyen jodi ta sipoze konsidere Guy kòm yon pionye e yon modèl pwofesyonèl ki te ede mete mizik ayisyen sou kat mizik mondyal la.
Repose en paix.🕊️ Légende

MARC ANTOINE MOÏSE MOURIAgwonòm Marc Antoine Moïse te foutbolè tou. Se te yon pèsonalite rezève. Selon jan m te wè l, li...
12/02/2025

MARC ANTOINE MOÏSE MOURI

Agwonòm Marc Antoine Moïse te foutbolè tou. Se te yon pèsonalite rezève. Selon jan m te wè l, li parèt pa t gen anpil zanmi, apa Frantz Jean-Charles, Vertus Grand Pierre, antrenè Pierre Monpoint ak petèt youn ou 2 agwonòm menm pwomosyon oubyen diferans 1 nan avè l, yon Frantz Calixte, paekzanp. Pasyon misye pou foutbòl pa t parèt ditou paske li toujou frèt kou w mab. Mwen sonje, omwen 2 fwa, lè antèn satelit fèk alamòd Pòtoprens, Marc Antoine Moïse te antre Pòtoprens pou l gade Koup Entèkontinantal ki te konn fèt Japon. Se pou foutbòl sèlman, ondirè, Marc Antoine te aksepte "mache kay moun". Se pou foutbòl sèlman, lè l retounen Gonayiv li te dakò vin Pòtoprens. Dayè, se Gonayiv li te konn sòti, spesyalman pou match sa yo. Li dòmi Pòtoprens epi, opipirit chantan, li tounen Gonayiv. Ou ka di li te evite sosyete.
Men, apre karyè foutbolè l li te pase ant Racing Gonayiv, lig Gonayiv, ak Racing Pòtoprens, li te antrene jèn Gonayiv yo. Si w te pase yon jou lasemèn nan vil la, nan aprèmidi, vè 4 trè, ou t ap jwenn Marc Antoine ap antrene jèn foutbolè ak pasyon. Aprè antrènman an, l ap kontan di 2 ti mo avè w sou foutbòl: Ayiti, Brezil, sou karyè l, sou kalite jwè Gonayiv yo... Konsènan karyè l nan seleksyon, li te di m yon jou: se yon mit, istwa yo rakonte se Philippe Vorbe ki pa t vle yo pran l nan ekip 74 la. Li te eksplike m li pa t janm gen lese frape ak Philippe ni avèk Tassy. Se etid ak travay li, lè l fin diplome, ki te anpeche l suiv antrènman seleksyon an. Ane apre ane, li pa t menm itilize telefòn. Chak fwa, mwen mande pou li, ke se nan telefòn, ke se Gonayiv lè m ale pou zafè foutbòl, repons lan toujou menm pawòl la : "Doudou pa sòti menm non"! Gen yon jou, yo te blije mennen m wè l lakay li. Sa te klè, se pa t menm atlèt la, san li pa t sanble l malad. Se yon nonm ki te di anpil ak tèt li, plis ke jan l te konn defann ekip li. MAM te yon stoyik: yon moun ki pa konn kijan pou l kriye, kijan pou l plenyen.

Lè Wilner Nazaire ale nan Valenciennes, an Frans, nan mwa out 1972, se Marc Antoine ki te ranplase l nan mitan defans Racing nan. Se konsa, piblik Pòtoprens lan dekouvri yon bèl aryè santral, 1, 85 mèt, teknik e ki te konn fè atakan respekte l. Li te jwe final Koup Pradel, Dimanch Pak 14 avril 1974 la, Resin bat Vyolèt 1- 0, zèv ti Fito Léandre ki te byen eksplwate yon ti sant an retrè Eddy Antoine.
Kòm foutbolè inivèsitè nan Fakilte Agwonomi (UEH) ki leve Gonayiv, Marc Antoine Moïse te fòme triyo majè ekip li a ak Frantz Calixte, timoun SenMak ki te jwè Lègnwa, plis Hébert Docteur timoun Pòdpè.
Yo pèdi 2 final an 1972 ak 1974. Se bòs mason Fakilte Syans Leta a ak Medsin nan ki te kale yo, toulède fwa yo, 1-0. Gòl medsin nan, se Nadim Salomon ki te fè l aprè l te fin rache balon an nan pye Moïse ki pa t janm vle kraze. Match sa a te jwe nan Pak SentTerèz, Petyonvil, paske yo t ap repare Silvyo Katò pou tounwa eliminatwa Koupdimond sòti 29 novanm rive 18 desanm 1973 la. Epi, MAM te chanpyon an 1974 kont avoka Fakilte Dwa yo, 2 a 0. Toutlè sa a, se Marion Léandre ki t ap antrene ekip agwonomi an pandan li t ap jwe nan Resin ansanm ak MAM.

Defen an te tounen Gonayiv. Li travay kòm agwonòm, li jwe entèrejyonal pou Towo Begle a. Li jwe pou Racing Jinyò tou anvan li te vin antrenè ak dirijan l. Mwen toujou imajine Pierre Monpoint, Vertus Grand Pierre ak Marc Antoine Moïse te doktrinè yon modèl foutbòl nan vil Gonayiv, Woule Balon. Franck Civil te reyisi modèl sa a nan Victory, Pòtoprens. Mwen imajine 3 Gonayivyen sa yo k ap diskite sou wòl pèsonèl 4 mitan teren yo te konn aliye nan ekip ki te pèdi 2-0 nan final 84 kont Vyolèt la e ki te genyen 2-0 tou nan final 85 lan kont Ègnwa. Mwen vle pale de Octalus Alexandre, Francen Alexandre (Kanneya), Serge Auguste (Ti Sègo) ak Miguel Saint-Jean. Se youn nan 5 ou 6 pi bèl mitan teren mwen wè nan foutbòl ayisyen an.

Kidonk, defen an te yon gwo pèsonalite foutbòl, yon gwo konesè, yon gwo foutbolè. Moun ki te viv pwòch li, tankou Frantz Calixte, konnen li te "makawon" si yo te chèche l kont. Se te yon aryè santral di "sur l'homme", ki pa t janm jwe brital. Se te tou, nan lavi, yon moundebyen, men ki pa t ri fasil. Sa te fè l sanble ak yon towo begle sou figi
alòske li te gen kè yon mouton. Menm jan tou, lè n ap pale de gwo aryè santral nan istwa foutbòl ayisyen, li ra pou nou site non Marc Antoine Moïse. Antouka, li se jenerasyon ekip 74 la. Si l pa t bay etid li priyorite, li t ap an n Almay pou premye koupdimond Ayiti a.

Adye Marc Antoine.
Patrice Dumont
2 desanm 2025

Foto: Marc Antoine Moïse, sòti bò goch, premye jwè ki kanpe a bò kot Marion Léandre

12/01/2025

Kalifikasyon Konkakaf : Beliz-Ayiti

Seleksyon ayisyèn senyò bat Beliz sou yon gwo skò 9-0 nan match ki te konte pou premye faz eliminatwa mondyal Brezil 2027.

Kapitèn Nérilia Mondésir fè 4 gòl 12’ 18’ 32’ 63’
Batcheba Louis bò kote pal make nan 13’ épi nan 50’ . Roseline Eloisssaint te fè youn tou nan 43’. Lot gòl se Corventina ki patisipe nan fèt la ak yon double tou nan 78’ epi 87’



11/24/2025

NOTE DE CIRCONSTANCE
À l’occasion du départ de Dadou Pasquet (19 Aout 1953 – 23 Novembre 2025)

Le Ministère du Tourisme apprend avec une profonde tristesse la disparition du musicien haïtien de renom André « Dadou » Pasquet, figure majeure de la musique populaire haïtienne et l’une des voix les plus marquantes de notre patrimoine artistique moderne. Son départ représente une perte immense pour la nation et pour tous ceux qui, à travers plusieurs générations, ont été touchés par son talent, sa sensibilité musicale et son engagement artistique.
Membre éminent de groupes mythique tels le Tabou Combo ou Les Frères Déjean, puis fondateur du groupe Magnum Band, Dadou Pasquet a contribué à faire rayonner la musique haïtienne bien au-delà de nos frontières. Son style inimitable, mêlant virtuosité, élégance et profonde authenticité créole, a fait de lui un ambassadeur incontournable de la culture haïtienne sur la scène internationale. Son jeu de guitare, sa voix reconnaissable entre toutes et sa capacité à moderniser le compas ont permis à la musique haïtienne de franchir de nouveaux horizons artistiques et de toucher un public diversifié, tant en Haïti que dans la diaspora.
Au-delà de l’artiste accompli, Dadou Pasquet fut un homme de discipline, de passion et de constance. Son parcours honorable, jalonné de succès et de contributions décisives à l’évolution du compas, demeure une source d’inspiration pour les jeunes musiciens et pour tous les créateurs haïtiens. Sa disparition laisse un vide considérable dans le paysage musical national, mais son héritage, lui, continuera de vivre à travers son œuvre, ses enregistrements et l’empreinte indélébile qu’il a laissée dans la mémoire collective.
Le Ministère du Tourisme salue sa carrière exemplaire et exprime ses condoléances émues à sa famille, à ses proches, à ses collaborateurs, ainsi qu’à l’ensemble de la communauté artistique haïtienne.
Dadou Pasquet s’en va, mais son art demeurera. Haïti perd un maître, mais la musique haïtienne gagne un éternel.

DUMORNAY EMBALLE UN CADEAUPar Patrice DumontCe match d'ouverture de la Ligue des Championnes d'Europe Arsenal-Olympique ...
10/08/2025

DUMORNAY EMBALLE UN CADEAU

Par Patrice Dumont

Ce match d'ouverture de la Ligue des Championnes d'Europe Arsenal-Olympique Lyonnes, 2-1 pour les Françaises, aurait pu être la finale de la compétition, comme il a été une des demi-finales de la saison dernière. Toutefois, ne le cachons pas, je vous en parle parce que Melchie Dumornay a bien exploité deux cadeaux de la portière Domselaar et de la défenseure Foord d'Arsenal pour marquer les deux buts de son équipe.

Le premier, j'aurais pu presque ne pas le mentionner tant il est loin du standard de la meilleure footballeuse haïtienne de tous les temps. Évaluez-le vous-même: la portière Domselaar des Gunners adresse une passe trop molle à sa défenseure gauche que Dumornay n'a aucune peine à intercepter par un contrôle dans les 22 mètres un peu excentrés, ce qui l'amène à l'intérieur de la surface de réparation. Sa tentative de placer le ballon au premier poteau est repoussée par le pied gauche de la gardienne sur son pied droit qui ne pardonne pas cette fois. La buteuse ne célèbre même pas le but.

Le deuxième est aussi un cadeau. De la gardienne à nouveau qui glisse de la main un ballon toxique vers Reid, sa médiane défensive. Celle est contrée par un pressing lyonnais qui provoque un rebond sur la tête de la centrale Foord, elle-même ne trouvant pas d'autre geste à esquisser que de faire une passe vers Dumornay qui la reçut en y opposant ses deux muscles fémoraux droits, a enchaîné par un contrôle de l'intérieur du pied droit, légèrement en retrait, de sorte de neutraliser Catley, la défenseure la plus proche, et a prouvé à elle-même et au monde entier que son pied gauche peut être aussi puissant et précis que le droit. Lucarne et donc deuxième but dont la morale est: tout cadeau doit être bien emballé et enrubanné.

Pas que les buts. La Mirebalaisienne a survolé l'événement en mode ballondorisable, se multipliant en attaque et au milieu, raclant les phases de possession des Anglaises, tirant deux autres fois au but, obligeant ainsi le jury technique de l'UEFA à la désigner (de loin) Meilleure Joueuse du Match.

Patrice Dumont
8 octobre 2025

J’ai obtenu 22 réactions et 1 réponse sur ma publication récente la plus populaire ! Merci à toutes et tous pour votre s...
10/01/2025

J’ai obtenu 22 réactions et 1 réponse sur ma publication récente la plus populaire ! Merci à toutes et tous pour votre soutien sans faille. Je n’aurais pas pu y arriver sans vous. 🙏🤗🎉

📸: Guy Sainvil (82 ans) est le 4e meilleur buteur de l’histoire de la sélection haïtienne avec 28 réalisations. Surnommé le Pelé de la Caraïbe dans les années 70, il a disputé la Coupe du monde 1974 en Allemagne. 🇭🇹

Avec le Racing Club Haïtien, il a soulevé la CONCACAF des clubs champions en mars 1963. Le premier club haïtien à pouvoir réaliser cet exploit avant le Violette en 1984.

Antoine Tassy (Zoupim), son entraîneur, déclara: « Si Guy Sainvil évoluait dans un pays à vocation footballisque avec une grande visibilité, on l’aurait appelé Pelé. »

UNE LÉGENDE 🫡

09/12/2025
09/12/2025
09/12/2025

Les statistiques de Duckens Nazon en équipe nationale 🇭🇹

70 matchs
43 buts
2e meilleurs buteurs en équipe nationale 🇭🇹 derrière Manno Sanon 47 buts

09/12/2025
Guy St Vil rend visite à la sélection U17
08/28/2025

Guy St Vil rend visite à la sélection U17

📸: Guy Sainvil (82 ans) est le 4e meilleur buteur de l’histoire de la sélection haïtienne avec 28 réalisations. Surnommé le Pelé de la Caraïbe dans les années 70, il a disputé la Coupe du monde 1974 en Allemagne. 🇭🇹

Avec le Racing Club Haïtien, il a soulevé la CONCACAF des clubs champions en mars 1963. Le premier club haïtien à pouvoir réaliser cet exploit avant le Violette en 1984.

Antoine Tassy (Zoupim), son entraîneur, déclara: « Si Guy Sainvil évoluait dans un pays à vocation footballisque avec une grande visibilité, on l’aurait appelé Pelé. »

UNE LÉGENDE 🫡

Address

105-25 88th Street Apt D3
Queens, NY
11417

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio Television Energie posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio Television Energie:

Share