17/04/2021
KATYE BÈTEN NAN KAFOU
YON TRADISYON FRAJIL AK GANGSTERIZASYON !
Aloske pa janm gen yon soukomisarya, ni yon antèn lapolis, banditizm pa janm rive fleri la pou lontan. Se yon katye pipilè, vilnerab menmjan ak tout lòt yo an Ayiti, tantativ pou enstale baz gang yo pa janm rive lwen.
Kisa ki lakoz ?
Kisa lòt katye popilè yo t'a dwe aprann de sa ?
San nou pa al chache fè yon trè laj istorisite sou koze sa, n'ap raple ke katye Bèten deja sibi pou pi piti, 3 gwo tantativ malveyan ke n'ap site :
- Yon premye tantativ, se te avèk atache militè yo ki sanse t'ap dirije pa yon militè revoke tout moun te konnen sou non Berthony alyas (lakongrenn dan lopera).
Sitwayen sa te tèlman fonn li nan popilasyon an, sa te pran tan pou popilasyon an te rive konprann li se prensipal movezangi katye a. Prèske san tranzisyon
sa t'ap al rapousib avèk ajan FRAP yo ki te gentan fin pran kontwòl katye sa nèt an chèf pou ti bout tan pa yo a. Gwoup espesyal sa te an majorite gen (Ti) nan non yo, yo t'ap fè arestasyon tout lajounen, jijman nenpòt dosye, bat moun san twòp rezon pou site sa yo sèlman.
Yo te konn menm rive sezi bèl pantalon ki plis sanble ak yo kòm chèf pou fè moun lan kouri gwo midi ak kalson nan lari a.
- Yon dezyèm tantativ, se te avèk yon jenerasyon jenn pitit katye sa, ki yo menm te plis sou rantre kay moun lannwit pou vòlò ak vyole fanm ak tifi nan kominote a.
Pratik sa t'ap al kaba nan yon sèl sware aprè popilasyon an te pase alenfinitif menm 7 nan prezime move zangi yo, rès yo te jete yo nan mawon.
- Yon Twazyèm tantativ, se te avèk kanmenm pitit zòn lan ke kèk grandèt soufkout devan lajan t'ap sipòte nan lajistis.
Gen ajandelòd ki te menm rive pran prison, depanse lajan pou liberasyon yo nan fòse dwèt pouri yo chanje vye metye sal...
(Kominote Bèten an paka bliye listwa sa, anviwon 15 jou aprè yon demach jidisyè pou blanchi yon ti jenn dwèt pouri, lapolis t'ap al arete menm ti jenn sa ak 2 lòt akolit li sou wout sid la ak yon moto vòlò.
Gwoup sa te melanje ak moun vini tou. Pami moun vini yo, te gen "Ti Kòmandan" bri yo t'ap kouri ke baz gèp wouj te gen plan enstale chèf katye sa !
Men se te byen konte, trè mal kalkile.
Remak pi enpòtan nou dwe fè nan tout sa sèke :
- Se pa menm ane yo !
- Se pa menm jenerasyon yo !
- Se pa non plis menm kontèk yo !
Sepandan, se kominote Bèten an ki toujou leve kanpe pou trete sa !
Epi souple avèk menm eslogan :
AL FÈL LWEN !!!
Bèten se yon katye trè pezib, solidè kote moun konn viv ak moun.
Si moun vini yo ka fòse popilasyon sedantè a tolere yon erè, men kanta respè pou repitasyon katye sa, se plis ke w tradisyon !
Yon ògèy trè pozitif ke anpil katye pipilè sitou sak pi pòv yo dwe adopte pou yon Ayiti meyè rive posib.
Credit page :David H.
Ayiti Dabò