Gelée royale Infos

Gelée royale Infos Le travail du journaliste consiste principalement à recueillir des informations puis écrire des ar
(13)

28/07/2026

Sitiyasyon fakilte etnoloji nan nouvo lokal li boudon

24/07/2026

Aprè yon misyon imanitè ki te pèmèt yo mete konesans ak eksperyans yo nan sèvis popilasyon venezyelyen an, delegasyon ayisyen an retounen an Ayiti.

Nan ayewopò a, Minis Sante Piblik la ansanm ak Chèf Kabinè li te prezan pou resevwa manm delegasyon an, salye angajman yo ak travay yo te akonpli pandan misyon an.

Misyon sa te reprezante yon bèl okazyon pou pwofesyonèl ayisyen yo fè echanj eksperyans ak lòt espesyalis, bay asistans kote sa te nesesè, epi pote drapo Ayiti byen wo sou plan imanitè.

Gade videyo a pou dekouvri moman an ak resepsyon ofisyèl ki te fèt nan ayewopò a ak nan salon diplomatik la.
fans Gelée royale Infos

14/07/2026


Pandan dewoulman egzamen ofisyèl NS4 yo nan peyi a, monte sou deklarasyon ansyen -Charles fè kote li mande pèp la fè dechoukay la, Avoka mande lajistis pou pran dosye a an men.

Nan menm entèvansyon an, li pwofite bay lis gwo fonksyonè li konsidere k ap fè bon travay, ansanm ak sila yo li estime ki pa bay rezilta nan administrasyon piblik la.

08/07/2026

peyi DAYITI pou peyi

Jodi madi 7 jiyè a, yon delegasyon ayisyen ki gen nan tèt li Minis sante piblik ak popilasyon an, Doktè Sinal Bertrand, kite peyi a pou pran direksyon nan kad yon misyon imanitè, aprè gwo tranblemantè ki te frape peyi sa a nan fen mwa jen 2026 la.

Objektif misyon an se pote sipò ak asistans bay popilasyon ki viktim katastwòf la.

Ann gade videyo a pou plis detay Gelée royale Infos fans

07/07/2026

Dukens Nazon, Josué Duverger ak Martin Expérience se non 3 jwè seleksyon nasyonal la ki deja rive nan ayewopò entènasyonal la jodi Madi 7 jiyè a aprè yo te fin resevwa yon akèy chalere nan lakou Okap

Ann gade ansanm videyo jwè yo
fans Lambi vérité Mitan Tèren Sante Avan Tou Gelée royale Infos

05/07/2026

Brésil elimine mezanmi 🥺🥺🥺

05/07/2026

Aprè lajistis te site non Direktè CONALD la , Karl-Henry Péricles, nan yon dosye vòl machin an 2025, non li kontinye ap fè aktyalite nan laprès.

Nan yon entèvansyon piblik, Mèt Ernest Marion deklare Karl-Henry Péricles pa janm mete pye li nan biwo .
Daprè avoka a, direktè a ap viv Ozetazini pandan li kontinye ap resevwa salè li.

Deklarasyon sa yo se pawòl Mèt Marion.
Ann swiv plis detay nan videyo a
Abone pou rete enfòme ak paj la Gelée royale Infos
fans Lambi vérité

Sa se yon bon nouvèl Malgre tou kontinye chache mobilize pou pèp ou piti kou l ye
03/07/2026

Sa se yon bon nouvèl
Malgre tou kontinye chache mobilize pou pèp ou piti kou l ye

30 mil dòz vaksen Antirabik ak vaksen kont HPV ki soti peyi Brezil ...

  Sante Piblik la pwomèt relouvèti Lopital Jeneral nan mwa septanm lan, pandan li kondane zak vyolans kont medsen estajy...
02/07/2026

Sante Piblik la pwomèt relouvèti Lopital Jeneral nan mwa septanm lan, pandan li kondane zak vyolans kont medsen estajyè yo.

, nan jou ki 2 jiyè 2026 la.

Aprè gwo tansyon ki te make medsen yo nan dat 1ye jiyè a, kote lapolis te entèvni pou dispèse manifestan yo, Minis Sante Piblik la, Dr Sinal Bertrand te pran lapawòl pou bay pozisyon li sou dosye a.

Nan entèvansyon li fè devan laprès, minis la fè konnen li te deja plizyè fwa ak reprezantan medsen yo nan biwo li pou chèche solisyon ak revandikasyon yo.
N ap raple youn nan dat rankont sa yo se te nan Jou ki te 21 Mas pase a kote yon 50 tèn estajyè te vin rankontre li nan biwo l mayigate.
Minis la menm avanse pou l fè konnen li gen enpresyon gen yon "men kache" dèyè mouvman an san li pa bay plis detay.

Konsènan entèvansyon lapolis te fè a, minis la di l pa dakò ak fason fòs lòd yo te aji pandan manifestasyon an. Li kondane itilizasyon vyolans kont medsen stajyè yo epi li ensiste sou nesesite pou tout sitwayen kapab egzèse dwa yo nan respè lalwa ak diyite moun.

Minis la te pwofite anonse, gouvènman an fikse mwa septanm nan kòm delè pou relouvri Lopital Jeneral. Daprè li, etablisman an pral relokalize epi rekòmanse bay popilasyon an sèvis sante li te konn ofri yo.

Pwomès sa raple yon tantativ ki te fèt deja anba administrasyon ansyen Minis Sante Piblik la, , pou relouvri Lopital Jeneral la.
Malerezman, nan dat 24 desanm 2024, yon atak ame te fèt nan zòn nan pandan demach relouvèti a. Atak sa a te lakòz plizyè moun pèdi lavi yo, pami yo te gen ajan lapolis ak laprès, pandan plizyè lòt moun te soti blese.
Evènman sa te fòse otorite yo sispann operasyon relouvèti a.

Deklarasyon minis aktyèl la vini nan yon moman kote anpil sitwayen, pwofesyonèl lasante ak etidyan kontinye mande aksyon konkrè pou amelyore systèm sante a epi retabli sèvis Lopital Jeneral la, yon enstitisyon ki gen gwo enpòtans pou popilasyon an.

Pandan medsen estajyè yo rete mobilize pou defann revandikasyon yo, anpil moun ap tann angajman minis la sou relouvèti Lopital la nan delè li anonse a.

Tèks la ekri, Sal nouvèl Gelée royale Infos

02/07/2026

30 mil dòz vaksen Antirabik ak vaksen kont HPV ki soti peyi Brezil deja disponib nan peyi a daprè Minis sante piblik la.

Timoun soti nan laj 9 pou rive 14 lane se yo menm ki pral gen pou resevwa dòz vaksen HPV a otomatikman lanse kanpay vaksinasyon kont kansè nan matris nan tout peyi a.

Adresse

Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Gelée royale Infos publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager