26/04/2026
Selon Luco Desir Abigaïl te dwe resevwa plis akèy ke Ariana. Jounalis la fè konnen se nan yon konkou tèt chaje Ariana tale, yon bagay lòbèy, se yon konkou manje, pale, voye gode agoch a dwat.
Jounalis la fè konnen Abigaïl se nan yon konkou elokans, yon bagay ki gen rapò ak konesans li te ale, kote li tal bat ti fransè yo lakay yo Menm. Pou louco se Abigaïl pou pèp la te leve nan nivo sa.
Eske Louco Desir te dwe pale konsa?
Sak fè se Ariana pèp la plis leve, eske se pa paske Ariana se yon tiktokez, yon enfliyansè. Sa vle di se yon pèsonaj piblik popilè li ye?
Eske se pa paske Ariana te pran pozisyon pou yon koz nasyonal nan mande pou libere peyi a, mande sekirite, ouvri wout yo?
Nan konkou Ariana chanpyon an, eske pèp Ayisyen se pa pwòp viktwa yo yap selebre? Paske se yo ki te vote, voye prim pou Ariana?
Abigaelle chanpyon poukont li nan yon konkou elit. Li pa yon aktivite popilè. Eske tout sa yo pa jwe pou Ariana?
Siloé Media