30/10/2021
Aprè lanmò jovnel,nèg ki te touyel pran pouvwaa et revoke tout moun pou mete moun pa yo.
Jodia tout nèg ki nan pouvwaa ap byen pase,BMW anba mouda lajan letaa ap gagote.
Men nou satisfè tèt nou mesye fòk o mwen nou satifè fanmiy moun sa yo nou te konn di se jovnel ki touye yo a wi.
Nou revoke minis jistis nou mete pa nou,nou revoke komisè gouvènman nou mete pa nou,nou revoke diretè polis nou mete pa nou et jij ki nan sistèm nan se jij pa nou yo ye.tanpri di nasyon an nan ki nivo dosye mèt Dorval la ye,tanpri di nou nan ki nivo dosye Antoinette Duclair la ye.
Malerezman mwn wè gen avèg ki kontinye ap defann nou,men map di yo se fizib yo ye yap toujou mouri pou nou ka ekziste sou sèn politik la.
Mwn mete foto Antoinette Duclair nan pòs la jis pou moun kap reflechi ka konprann nan ki nivo nèg SDP sa yo kriminel,menm yo menm ap manje inosan kap bat bravo pou yo san konprann pou yo ka ekziste....
Donn kato Antoinette Duclair se te bon kolabotatèw,jodia ou nan pouvwa,minis jistis ou pou ou,kòmisèw G ou pou ou,nou apèn sot mete direktè polis nou.
Nan ki nivo dosye Antoinette Duclair bon zanmiw,kolaboratèw la ye??
Mwn pa pale de mèt Dorval paske nou te touyel poun te voye yon mesaj bay jovnel,menl pat konprann mesaj la,men nou te itilize lanmòl la anpil kòm kwa se te matine ki te touyel, ebyen jodia men matine nan tout peyia ap mache lib e libè,pouvwaa nan men nou ede fanmi mèt Dorval jwnn jistis tanpri Bondye a beni nou.
Like
Kòmante
Pataje