Le Novateur

Le Novateur Bimonthly regional newspaper Desrameaux/Fresnel Jean
Publicité : Fraantzline Moreau
Rubrique Sport : Gabbard E.

Secrétaire Exécutif : Derilien Merizier
Administrateur : Arnel Auguste
Relation Publique : Daniel Loriston
Trésorière : Clermise Clervil
Rédaction : Max G. Saintil
Rubrique Culture : Dieunou Maurice
Photographie : Wilgens Devilas
Graphiste: Ebens Pierre
Technicien-Imprimeur : Raymond Rodrigue
Messager : Daricha Geffrard
Distribution : Toy Shop Plus & DAL Papéterie
59, rue Sténio Vincent, Port-de-Paix, Hayti
E-mail : [email protected]

27/11/2025

Kreyolofoni mwa desanm 2025, #101
Edito #101
VÈTYÈ abouti…Endepandans la kontrarye…
Kalifikasyon pou koup dimond lan yon limyè…
Grenadye yo relimen flanm lespwa a pou manman nou, Ayiti. Yole Derose, youn nan gran atis Ayisyen selebre 18 novanm ak mo sa yo: “VÈTYÈ” pa yon souvni, Vètyè pa yon memwa…Se yon fòs vivan, yon énèji aktif ki pou raple nou kote nou soti, mo “enposib” la pa egziste pou nou! Nou toujou ka kase tout chenn, menm lè tout bagay sanble fini…Nan VÈTYÈ, zansèt nou yo te batay pou lavi, diyite ak libète ».
Men 18 novanm se 222 zyèm anivèsè Vètyè, se menm 18 novanm nan tou, « Les Grenadiers », « seleksyon nasyonal foutbòl la ki gen 39 manm, 28 gen doub sitwayènte oubyen ap jwe nan klib etranje », ekriven Paul Jeremie enfòme nou, gen pou jwe match pou kalifikasyon koup dimond lan. Prezidan chanm komès Nòdwès Jordan Verdule fè konnen anvan match lan sou paj li: « Ce soir, ce n’est pas un match : C’est un message. Un message au monde entier qu’Hayti ne recule jamais ». Zansèt yo tande epi yo reponn.
Èske w te konnen 10 predatè yo ki akapare leta Ayisyen an, pa depanse yon goud pou sipòte ekip nasyonal la nan konpetisyon an? Se byenfetè ayitien Bertrand Lafontaine ki peye antrènman ak preparasyon ekip nasyonal la. M pa tande yon Ayisyen ap mande pou mesye Lafontaine vin prezidan Dayiti. Mèsi enfiniman antreprenè Bertrand Lafontaine pou envetisman an nan peyi nou epi m mande espirityèlman Dye titelè nachon yo tande souwè w la epi akonpaye « Les Grenadiers » yo janbe ak kè kontan premye tou a. Ayiti t ap ajoute yon lòt paj listwa menm jan l fè l 18 novanm 2025 ki pèmèt l ap retounen nan koup dimond 52 lane aprè.
Anpil analis nan mond lan sezi wè Ayiti, manman nou kalifye pou koup dimond. Genyen k menm di pou Ayiti nan kriz sa a pou l kalifye nan koup dimond. Politisyen Ayisyen orijinè komin Senlwi Dinò Wilgems Lafrance reponn pou ranfòse : « Anpil moun pa fè remak sa a, se sèl Ayiti ki jwe tout match li yo deyò san sipò piblik e ki kalifye dirèk san kontestasyon. Ann selebre ». Men Sandra Paulemon ale pi lwen selebrasyon an poul anonse tout mond lan viktwa sa a se limyè : « Cette victoire n’est pas une fin mais une lumière…Elle prouve que même après 51 ans d’attente, un peuple peut surprendre son propre destin et rappeler au monde entier qu’il n’a jamais cessé d’exister ».
Manbo Amelia Ingrid Llera fè nou sonje: « Se premye fwa tout Ayisyen fete 18 novanm ansanm tout kote sou latè. Ayiti triyonfe ». Men Prezidan Trump gache fèt Ayiti a. Administrasyon l’ lan sèmante 7 fwa swansant di sèt fwa pou Ayitien pa vini nan peyi yo konfime: « Seuls les joueurs haytiens, leur famille proche et l’entourage de la sélection seront ainsi autorisés à séjourner aux États-Unis ».
Pi fò nan nou rete bèkèkè, men Prezidan chanm komès nòdwès la Jordan Herard Verdule reponn bosal bosal: « Non mille fois non! On ne bâillonne pas un peuple toujours en lutte. Les vents de l’injustice et de la discrimination, loin d’éteindre la flamme, attisent le feu de notre espérance. Et Hayti, blessée mais débout, poursuit sa route, avec courage et résilience ». E mwen menm Francisque Jean-Charles divòse ak Prezidan Donad Trump, m pa yon Trumpis ankò. Lavilokan konn sa pou l fè avè w ki gen yon layèn kont Ayiti. W engra anpil Prezidan Trump. San Ayiti ki te bay gran gran papa w Johannes Drumptf sitwayènte aytyèn ou te ka pa ekzsite. Ayiti replase sou kat mondyal e tout moun ap pale de li, e sa pote jalouzi bò kote w. Ayiti anlè w fwa sa a e ou pap ka bare l.
Vètyè abouti paske l te fè plas pou pwoklamasyon endepandans lan. Men endepandans lan kontrarye depwi jou asasen tout plim, tout plimay, fè Papa nanchon an, Papa limanite, Papa dwa moun nan tout kwen sou latè Jean Jacques Dessalines, fè vòl pou peyi san chapo. Kalifikasyon Ayiti nan koud dimond gras ak Les Grenadiers se yon opòtinite pou n retounen nan Ideyal dessalinien an ki se « inyon, entegrite, souverènte nasyonal, jistis sosyal ak pwodiksyon richès nasyonal ». Ayiti ap fè l’san wou Prezidan Trump e Lavilokan a va chache jistis li pou Ayiti. Kreyolofoni #101, mwa Desanm 2025

Call now to connect with business.

16/11/2025

L’Honnêteté : Une Force Qui Manque au Monde d’Aujourd’hui

06/11/2025

The Incoherence of President Trump on Some Critical Dossiers

Trump's Newsletter #9Editorial of November 2025The Incoherence of President Trump on Some Critical DossiersThomas Henry ...
06/11/2025

Trump's Newsletter #9
Editorial of November 2025
The Incoherence of President Trump on Some Critical Dossiers
Thomas Henry Huxley, the English biologist and anthropologist, was more than accurate when he wrote: “It is not who is right but what is right that is important.” The 47th President of the United States has fortunately accomplished many important things for America and the world upon his return to the White House. We must give credit where credit is due. However, on a few dossiers, even as a Trumpist, one might ask: Is President Donald J. Trump incoherent on Haiti, the Ukraine-Russia conflict, Venezuela, the Israel-Palestine issue, and the criminal Democrats of the Deep State?
Tucker Carlson acknowledges that the U.S. has lost the war against Russia, though no one will admit it. "We have just lost the war against Russia. The U.S. led this war—our army, the State Department, the CIA, and the Pentagon were all involved. It was never about Ukraine. The reality is that this country will be filled with third-world immigrants. We have simply destroyed Ukraine." Like the Bushes, the Clinton-Obama-Biden administrations have mortally wounded Haiti, the first Black independent nation in the world. Yet you continue to pressure President Vladimir V. Putin to end the war, while you said a few weeks ago, His Excellency, “Zelensky, make the deal—save your country or it will be no country at all.” Furthermore, "Nobody can influence Putin." According to Oleg Soskin, a former advisor to former Ukrainian President Leonid Kuchma, “Only the Russian leader will decide the outcome of the Ukrainian conflict.”
President Trump, your administration is wrong about President Nicolás Maduro; he is not a drug dealer. You simply want regime change so the U.S. can control Venezuela’s oil and mineral resources. The late President Hugo Chávez led a Bolivarian revolution to free his homeland from the corrupt Western leaders who controlled Venezuelan resources until 2009. This is unfair, Mr. President.
Trump claims that Israel could lose the support of the United States if it proceeds with the annexation of the West Bank. Yet you signed a peace plan in Egypt, and the world—including Palestinians and Jews—was in ebullition. Prime Minister Benjamin Netanyahu should be delivered to the International Criminal Court (ICC) if he attempts, for any reason, to sabotage the peace plan.
According to the United Nations, 500,000 illegal weapons are circulating in Haiti. These weapons, ranging from simple handguns to assault rifles, fuel the violence perpetrated by gangs and self-defense groups, particularly in Port-au-Prince—despite an arms embargo imposed in 2022.
China has called on the United States, the main country of origin of weapons and ammunition in Haiti, to take concrete measures to enforce the arms embargo and strengthen arms regulations, thereby stopping the flow of illicit weapons and ammunition into Haiti.
Regarding Haiti, Russia once again defends its position on sanctions: "We continue to observe attempts by external actors to reshape the country's political landscape to their advantage." It affirms that it will not allow the use of United Nations Security Council sanctions.
President Trump, as a populist nationalist, could you imagine for a second the United States without its sovereignty? Our homeland, Haiti, has been under siege since 2003, when the U.S., Canada, France, the Organization of American States, and the European Union decided “to stop Haiti’s independence” and placed it under the Core Group—an international entity with embassies accredited in Haiti—based on the false, racist premise that Haitians are incapable of governing themselves. Paultre Pierre Desrosiers summarizes it well: "Sovereignty is not simply a legal act or a declaration of independence; it is a collective state of mind, an inner discipline."
Haitians, both abroad and at home, vehemently reject yet another Multinational United Nations Mission called the “Gang Suppression Force” and instead plead for a Haitian Task Force composed of Haitian veterans to definitively resolve the insecurity pinned and maintained by the criminal Democrats of the Deep State.
On the Deep State, His Excellency, when will you drain the swamp in Washington, D.C.? When will Barack H. Obama and Hillary R. Clinton be indicted by a grand jury for the Russia hoax, and Bill Gates for $1.3 million in fraud related to his COVID cure? What is preventing W. J. Clinton from being charged with embezzlement and fraud? FBI Director Kash Patel says: “He’s been funneling taxpayer money through the bogus Clinton Foundation for 20 years.”
Thank you, President Trump, for presiding over the signing of a peace declaration between Thailand and Cambodia. The site www.truthconquer.com reminds us that America’s system is rigged: “A nation cannot thrive with a drugged, distracted population—only an educated, awake public can reclaim its power.” MAGA has mandated you to solve America’s problems and bring peace to the world.
Trump’s Newsletter, October 2025 #9

TRUTH CONQUER™

03/11/2025

Le Novateur #498 du 31 octobre 2025
Hayti-Politique : Que le Président Trump Laisse Hayti tracer ses propres voies !
La communauté internationale, en particulier les États-Unis d’Amérique, semble interpellée par la situation difficile que traverse Hayti qui a conquis de hautes luttes son indépendance mise en berne depuis l’historique et inique accord d’Ottawa de 2003. Le pays depuis bascule dans une insécurité et une instabilité socio politique, chronique annoncée d’un État failli prédisposé à appeler à son secours d’autres frères ennemis auxquels la première République noire du Nouveau Monde avait grandement contribué à leur ascension. La victoire du Président Donald J. TRUMP a fait naître tant d’espoir en Hayti.
En effet, Steve Foster, de l’Institution pour la Justice et la Démocratie en Hayti, a publié une vidéo dans laquelle on voit Trump décider de libérer Haïti des terroristes. Le président américain n’hésite pas à déclarer : « Il est absolument nécessaire d’aider Hayti à se libérer des gangs terroristes, car ils représentent une réelle menace pour le pays. »
D’ici décembre, les 5500 membres de la force antiterroriste seront déployés. Des élections auront lieu en 2026 avec le Conseil Présidentiel de Transition afin de doter le pays d’un gouvernement légitime. »
Le Premier Ministre haïtien doit démissionner car nous avons des preuves de ses contacts récents avec des membres de gangs et des cartels de drogue. Le CPT doit désigner un autre Premier ministre avant le déploiement de la force antiterroriste. »
Pourquoi la presse haytienne n’a pipé mot sur une telle déclaration intransigeante et interventionniste engageant l’avenir d’Hayti ? Serait-ce l’effet de l’Intelligence Artificielle ?
En tout cas, l’on se rappelle que tout récemment les États-Unis et le Panama ont présenté une résolution au Conseil de sécurité des Nations Unies sur Hayti, visant à autoriser une force de sécurité internationale pour aider à stabiliser le pays confronté à une violence accrue des gangs terroristes. Cette Résolution 2793 envisage d’envoyer au plus vite une Force de Suppression des Gangs (FSG) en Hayti pour révoquer la mission multinationale de soutien à la sécurité (MMAS), d’octobre 2024, dirigée par 1000 policiers kenyans comme un moyen de soutenir Hayti dans la restauration de la sécurité. Pour justifier le quid pro quo, le président kenyan William Ruto avait déclaré au Bureau Ovale à la Maison Blanche assis sur la chaise du sénile Joseph R. Biden qu’on allait « massacrer les gangs » en Hayti. La montagne n’a accouché d’une souris.
Et les États-Unis, manu militari, débarquent déjà des armes et des militaires sur le sol sacré de la première nation n***e du nouveau-monde qui ne sont malheureusement pas des casques bleus de l’ONU. Quel scandale ! Quel irrespect pour cette « terre paradisiaque habitée par des anges » (Chavez, 2010) ! Les élites nationales n’ont pipé mot sur cette intrusion.
Et, ouvertement, le Président américain s’immisce dans les affaires internes d’Hayti. Il se croit tout permis parce qu’il vient justement de légitimer les autorités du CEP s’adressant aux neufs truands « d’organiser des élections en 2026 afin de doter le pays d’un gouvernement légitime ». P*s est, il appelle to de go à la révocation du Premier Ministre Alix Didier Fils-Aimé avouant que son administration détient des preuves de ses contacts récents avec des membres de gangs et des cartels de drogue. Gang ou trafiquant de drogue, de quel droit M. Trump appelle-t-il à la démission du Premier Ministre Haytien? Pourquoi son administration apporte-t-elle son soutien au Conseil Présidentiel de Transition rejeté avec véhémence par la population ?
Du même coup, le Core Group (un groupe de pays et d’organisations internationales), la Communauté des Caraïbes (CARICOM) et l’Organisation des États américains (OEA) se coordonnent pour préparer un retrait ordonné du Conseil Présidentiel de Transition (CPT) en Haïti. Cette coordination vise à assurer une transition en douceur et un départ structuré du Conseil, en s’appuyant sur les structures régionales et internationales pour faciliter ce processus.
Et le Miami Herald, sous la plume du journaliste Jacqueline Charles annonce le dernier coup de massue : « Alors qu’il reste 3 mois à Hayti, pays en pleine transition politique, les membres du Conseil de Sécurité de l’ONU appellent les dirigeants et des responsables politiques du pays à mettre de côté leurs différends au plus vite afin d’éviter un vide politique ».
Tout fils digne des Héros de Vertières et des Pères fondateurs de la première nation n***e du monde devrait se poser une seule question : Pourquoi un tel intérêt pour une Hayti appauvrie ? Et pourquoi les nations malveillantes persistent-elles à contrarier le seul pays qui a changé au prix du sang l’ordre mondial esclavagiste, raciste et colonialiste ?
L’ex représentant de l’Organisation des États Américains répond sans ambages : « Le péché originel d’Haïti, sur la scène mondiale, c’est sa libération. Les Haïtiens commettent l’inacceptable en 1804 : un crime de lèse-majesté pour un monde inquiet. L’Occident est alors un monde colonialiste, esclavagiste et raciste qui base sa richesse sur l’exploitation des terres conquises. Donc, le modèle révolutionnaire haïtien fait peur aux grandes puissances. Les Etats-Unis ne reconnaissent l’indépendance d’Haïti qu’en 1865. Et la France exige le paiement d’une rançon pour accepter cette libération. »
Dr Jean Sénat Fleury, Dr Pierre Richard Osias, Jamesky Jeanty, Vercideu Ductan, Odner Noélien, Dr Jean Fils-Aimé, Dr Rod Joseph, Me Fresnel Jean, Savannah Savary, Herad Louis, Nody Guerrier, Geraud Charles, Amos Cinsir, Jordany Fortuné, Kerlens Tilus, Darlène Duplan, Valery Numa, Tina Lorquet, Hugue Célestin, Norluck Dorange, JafrikAyti Jean Eliassaint Saint-Vil, Bernard Monprévil, Martine Théodore, Ralph Moreau, Me Allangue Valbrun, Dr Jean L. Théagène, Max Addy, Yvon Magny, Rodrigue Sanon, et tous les autres patriotes conséquents du dedans et du dehors qui « sont des génies égarées sur terre. Comme les premiers ancêtres, ils possèdent un don particulier pour accomplir des choses extraordinaires » (Fleury, 2021).
Les nations malveillantes ont peur de nous à cause de notre Dieussalines avec son idéal axé sur l’Union, l’Intégrité et la Souveraineté Nationales, la Justice Sociale et la Production de Richesses Nationales et de notre spiritualité vodoun – laquelle Osoro Faro’ Imeni Tulendo atteste : « Seul un retour vers le Mvundu (=vodou) pourra libérer le peuple noir d’Ayiti Toma (=Hayti) ». Surtout que le docteur anthropologue Wade David dans son livre ‘L’empire des ténèbres’ a défini le vodoun comme « une science différemment de la science occidentale où 1+1 font 2, mais 1+1 peuvent faire 5, 15, 25, dépendamment dans l’univers alterne où le vodouisant se trouve ».
Confrères et consoeurs, faisons nôtre l’Idéal Dessalinien et reprenons notre terre de liberté et de l’égalité aux mains des nations malveillantes et des apatrides des élites nationales répugnantes. Une fois notre souveraineté recouvrée et le pouvoir politique entre nos mains, nous procèderons, in fine, à une transition de rupture axée sur la restauration de l’autorité de l’État avec des dirigeants serviteurs avec « du sang neuf, mains propres et savoir-faire » (Osias, 2014) lesquels pourraient arrêter tous les voyous qui ont pillé le trésor public au cours des 30 dernières années et confisqué tous les biens de ceux vivant à l’étranger et les faire déporter ensuite vers Hayti. Formons une Commission de Vérité, de Justice et de Réconciliation pour un procès pénal contre les présumés coupables des 5 Présidents Nordistes assassinés et un nouveau procès de consolidation visant à juger des hauts fonctionnaires de l’État et des personnalités impliquées dans de vastes scandales de corruption de détournement de fonds publics tels le Petro-Caribe, la Commission Intérimaire pour la Reconstruction d’Hayti (CIRH) et des vols du Trésor Public allant de 1991 à 2025 alors qu’Hayti expérimente la démocratie.
Lançons le grand projet national de Dieussalines en évoquant sa mémoire immortelle axé sur l’empire d’Hayti et la Constitution Impériale de 1805 parce qu’on n’a jamais exécuté son plan pour le développement de la mère-patrie. L’écrivain Jordany Fortuné rappelle que « son projet portait une véritable vision socio-économique pour un État fort, juste, souverain et prospère ». On sait barbouiller dans une République adoptée en 1806 laquelle est incompatible avec nos traditions ancestrales et ensuite dans une démocratie libérale et représentative imposée en 1987 par Washington laquelle n’est qu’une farce.
L’équipe de LAVILOKAN rejette d’un revers de main l’ingérence de M. Trump et ses alliés internationaux dans nos affaires internes ; en fait, son pays ne peut pas être en même temps le pyromane et le sapeur-pompier. Les experts des Nations-Unies confirment que les 5000 armes en circulation illégale en Hayti proviennent des États-Unis en violation flagrante de l’embargo imposé en 2022 par l’ONU. En plus, on dit aussi mille fois non à une énième mission onusienne laquelle ne pourra jamais résoudre cette problématique d’insécurité, de corruption et d’impunité en Hayti. L’envoyé spécial américain Daniel Foote en Hayti après l’assassinat du président Jovenel Moise confirme avec justesse : « Ce que nos amis Haytiens veulent vraiment, et ce dont ils ont besoin, c’est l’opportunité de tracer leur propre voie, sans que l’étranger ne tire les ficelles ».
Son Excellence, M. Donald J TRUMP, qu’on le veuille ou non, vous devez en partie votre deuxième mandat à LAVILOKAN ; ainsi, son équipe vous conseille de nommer Daniel Foote, le Sonthonax haytien comme chargé d’affaires en Hayti pour remplacer ipso facto le proconsul Henri Wooster et d’adopter la proposition du Docteur Rod Joseph de monter un Task Force de Vétérans haytiens au niveau de l’Amérique du Nord pour qu’ils viennent résoudre le problème de l’insécurité sans violence dans leur pays. Une lettre vous est envoyée de l’équipe de LAVILOKAN et sa lecture vous dira exactement quoi faire pour votre accompagnement dans le recouvrement de notre souveraineté. Agissez, Monsieur le Président et Hayti, la mère-Patrie, vous sera toujours reconnaissant ! Francisque Jean-Charles, Le Novateur #498, 31 octobre 2025

Call now to connect with business.

03/11/2025

Edito #498 (31 octobre 2025)
Une nouvelle élite nationale pour restaurer l’Idéal dessalinien
La constitution du 3 juillet 1801 promulguée par le général français Toussaint Louverture fut une « constitution autonomiste » de la colonie de Saint-Domingue faisant partie de l’Empire français, donc, un « Commonwealth ». Son article 4 stipule « Tous les hommes y naissent, vivent et meurent libres et Français ». Grosso modo, Louverture, le précurseur de l’Indépendance d’Hayti est mort citoyen français ; en aucun cas, il ne saurait être le père de la Révolution Haytienne. Le titre de père de la Révolution haytienne est accrédité avec exactitude à Jean-Jacques Dessalines qui est lui aussi l’un des pères fondateurs de l’Indépendance d’Hayti parmi les trente-sept qui ont signé l’acte de l’Indépendance d’Hayti le 1e janvier 1804.
La tendance fallacieuse de certains chrétiens évangélistes, des faux juifs errants ou des jésulates en Hayti visant d’effacer la mémoire de Dessalines de notre histoire est belle et bien en vogue. C’est en 2024, rappelle l’écrivain Stanley E. Augustin qu’Hayti avait consacré le 20 septembre journée nationale de la commémoration de la vie et du souvenir de Jean-Jacques Dessalines. Ce n’est qu’en 1995 que Vertières a été officiellement déclaré patrimoine national. » Libre à vous fossoyeurs de la patrie de vociférer ce que vous voulez à l’égard de Dieussalines mais c’est une perte de temps ; car, « Dessalines est toujours notre présent et notre modèle » (Fortuné, 2025).
« Hayti se mesure au courage de Jean Jaques Dessalines, à la vision d’Alexandre Sabés Pétion, à la grandeur de Henry Christophe, à la ténacité de Faustin Soulouque, et à la persévérance de Dumarsais Estimé. Le reste ? Du bavardage inutile, de l’arrogance déguisée et de la servitude intellectuelle », a écrit l’ambassadeur du Royaume Amos Cincir, serviteur de l’Empire d’Hayti en guise de réponse au « colon moderne » et au « boursier occidental », l’économiste Etzer Emile qui a récemment déclaré to de go au micro du journaliste Guywewe : « En 2025, nous ne pouvons plus prendre Dessalines, Cappoix et Christophe comme références. Nous ne pouvons plus, en 2025, nous vanter de la bataille de Vertières livrée en 1803. Quel genre de bataille menons-nous aujourd’hui ? Nous n’allons pas nous reposer éternellement sur les lauriers de Dessalines. »
Emmanuel Brice répond avec justesse : « Aucun grand projet de réforme sociale, économique ou politique visant le progrès de la nation ne peut s’accomplir sans l’évocation sincère de la mémoire vivante de nos héros nationaux. Les ignorer, c’est effacer nos racines. Les honorer, c’est nourrir l’élan du renouveau ».
L’écrivain Savannah Savary contredit avec tact et brio : « Certains propos et analyses historiques tenus par des professionnels ou commentateurs, n’ont pas leur place dans le débat national. Par leur déformation des faits ou leur ignorance du contexte haytien, ils risquent d’empoisonner la conscience collective et de nuire gravement à la jeunesse, en l’éloignant de la vérité, de la fierté, et de la responsabilité historique qui devraient la guider ».
L’ex-ministre de l’éducation nationale, enseignant et écrivain Pierre Josué Agénor Cadet certifie : « L’histoire n’est pas un fardeau, elle est un levier. Elle n’est pas une nostalgie, elle est une conscience. Elle n’est pas une illusion du passé, mais la clé du présent. C’est à travers elle que se comprend l’identité d’un peuple, que se dessinent les contours de sa souveraineté et que se construit la légitimité de son avenir…Une telle déclaration ne relève pas seulement d’une méconnaissance historique ; elle témoigne d’une pauvreté de pensée et d’un mépris dangereux pour la mémoire nationale…Oublier Dessalines c’est trahir la dignité. Oublier Vertières, c’est nier notre mission d’exister… »
Et le dessaliniste Geraud Charles de conclure : « Renier nos ancêtres, nos héros, c’est renier l’âme de la patrie. Car, sans Dessalines, nous ne sommes qu’un territoire ! Avec Dessalines, nous sommes une nation. »
Des filles et fils d’Hayti profanent nos héros comme leurs patrons occidentaux ; pourtant, le leader révolutionnaire Fidel Castro déclarait fièrement que : « Je suis un Dessalinien ». Alain Foka, journaliste et producteur africain évoque : « Nul n’a le droit d’effacer une page de l’histoire d’un peuple car un peuple sans histoire est un monde sans âme. Il est aussi nécessaire voire indispensable que chaque peuple prenne conscience qu’il faut reconstituer sa propre histoire ».
Le journaliste Ricot Dupuy est-il dans son bon droit lorsqu’il affirme : « Etzer Emile tente d'attirer l'attention des personnes qui donnent le pouvoir en Haïti. » Il trouve le support inconditionnel de Tinat Lorquet qui atteste : « Lorsqu’un candidat à la présidence ose bafouer leurs noms, il se révèle être une autre marionnette des mêmes forces que nos ancêtres ont anéanties à Vertières. Hayti n’a pas besoin de lâches et d’intellectuels creux se cachant derrière de beaux discours ; elle a besoin de guerriers de la vérité, fils et filles de Dessalines, prêts à se lever, le feu au cœur. Le jour où nous cesserons d’honorer Vertières, nous cracherons sur les tombes de nos ancêtres et enterrerons le dernier souffle de la liberté d’Hayti ».
Le docteur Jean Sénat Fleury (2021) confesse : « Savez-vous que tous les haytiens sont des génies égarés sur terre ? Comme leurs premiers ancêtres, ils possèdent un don particulier pour accomplir des choses extraordinaires. Je vous demande de trouver le génie caché en vous, fils et filles de Toussaint, de Dessalines, Christophe, Marie Jeanne Lamartinière...Vous êtes tous et toutes des héros et des héroïnes ».
L’empereur Amos Cincir conclut : « Hayti, cette grande nation, ce volcan de la Caraïbe, renaîtra en une puissance irréversible, phare des peuples libres du monde et la prochaine destruction du monde mondiale ». Tout cela nécessite une nouvelle élite nationale de laquelle l’Idéal dessalinien sera restaurée. Edito #498, Le Novateur, 31 octobre 2025

Call now to connect with business.

03/11/2025

Une nouvelle élite nationale pour restaurer l’Idéal dessalinien

31/10/2025

Anpa Mapoun a: Le candidat Etzer Emile

31/10/2025

Kreyolofoni Mwa novanm 2025
Edito #100
Ayiti antrave....majorite diplome yo dwe aprann listwa yo...
Mesye pitit pastèa, bousye ameriken an, ekonomis lan ki ekri liv li titre: « Haïti a choisi d'être pauvre » di nou depi 2017, lise pitit prezidan George Washington. Nan liv la li akize elit nasyonal la, avèk rezon, nan kraze Ayiti, men an menmtan, l dedwane nachon malveyan yo (Lafrans depwi 1825 nan fè Ayiti peye doub dèt endepandans jous an 1947); (Etazini depwi 1806 nan mete yon anbago ki kanpe an 1862, ki vòlè $500.000 bon trezò nan BRH nan lane 1914 epi anvayi Ayiti an 1915 epi okipe l jiskaske 1934, lage yon dezyèm anbago an 1991 prèske tout ekonomis siyale Ayiti kraze pou pase 30 lane, envazyon ameriken an 1994 epi an 2004); (Kanada ki siyen ak de lòt nachon malveyan sa yo an 2003: « suspendre l'indépendance d'Hayti » ak kreye yon antite entènasyonal yo rele Core Group ak tout anbasad akredite anndan peyi a pou dirije Ayiti paske Ayitien pa ka dirije.
Sa se listwa, si w pa konn listwa ou pa ka dirije ni ou pa ka ekri nenpòt kwa menm si w gen gwo diplòm. Se George Santayana ki ekri: « Ceux qui ne connaissent pas l'histoire sont condamnés à la revivre ». E Marcus Garvey ajoute: « Un peuple sans connaissance de son histoire est comme un arbre sans racines ».
Mesye a ka ekri sa l vle, lè l vle, se dwa l’ men lè lap ekri sou peyi Dieussalines nan, fòk li fè anpil atansyon paske listwa nachon « haut-lieu sacré » inik. Bosal Afriken yo ak kreyòl ki fèt sou tè sendomeng lan se yo sèl ki fè yon revolisyon nan uit èdtan epi ki reyisi nan Vètyè 18 novanm 1803 e ki bose boudapi gwo pwisans militè sou latè. Mesye a tou di nou, bliye sa.
Se nou ki premye kreye yon nachon nèg lib sou latè premye janvye 1804 gras ak pè fondatè yo. Diplome a wouvè bouch li byen gran pou l di nou : « Nou paka an 2025 pou Dessalines, Cappoix, Christophe ap itilize kòm referans. Nou pa ka an 2025 pou n ap bat lestomak pou batay de Vètyè ke nou te fè an 1803. Mentnan c ki batay ke nou fè nou menm jodia. Nou pa k ap pran woulib Dessalines nan toujou ». Ou jwenn moun k ap defann mesye a. K ap mande vagman sa nou regle depi Dieussalines.
Revolisyon an pa abouti paske Anpi Dayiti antere ak Dieussalines 17 oktòb 1806 epi kontwòl ekonomi an nan men Lafrans depwi 1825, nan men Etazini depi 1915 ki andikape devlopman manman nou. Libète a doubout depi prezidan Geffrard siyen Konkòda 1860 lan ki remèt enstriksyon, edikasyon ak kilti peyi-a nan men Frères de l'Instruction Chrétienne (FIC). Ayiti sou kontwòl legliz ak de gwo lènmi l yo, Lafrans ak Etazini.
M reponn ekonomis lan men san joure l janm wè pi fò nan nou fè l. Se pa fòt mesye a ki se yon viktim tankou pa kèt lòt ki kore l yo nan banalize gwo kouraj san pri ewo yo. Diplome yo k ap joure yon diplome pwouve m yon lòt fwa ankò poko gen inivèsite lakay, menm sila yo ki etidye deyò pa diferan paske etid sa yo chita sou etnosid, lengwisid, espirityalisid, epistemisid.
Banm pi klè, m etidye Etazini, an Florid, nan St Thomas University, katolik ak nan University of Miami, prive, men etid yo chita sou sosyoloji ak antwopoloji amerikèn. Etid an frans sou antwopo-sosyoloji fransè, Kanada sou antwopo-sosyoloji britanik. Absans total antwopo-sosyoloji peyi papa Dieussalines ki chita sou Taïnos-afrikèn.
Konsa diplome yo plis fè « répétition du savoir » olye de « production du savoir ». M konprann sa vit kòm gid-anseyan ou fasilitatè nan opòtinite M Enex Jean-Charles te ofri m pou m fè yon gwo eksperyans nan fòme edikatè nan « Université Valparaiso ». M tounen lekòl kote m aprann entegre sosyoloji ak antwopoloji peyi a anndan konesans yo. E m pa janm bliye 95% bagay sou latè se matyè kriz e 5% m metrize a m eseye mete m ajou sou li tanzantan.
Nou ki rekadre pitit George Washington nan, tifrè Jezi a, nou gen tout rezon nou, men nan fason nou lapide mesye a, kolon modèn nan, nou mechan anpil. Mesye a pa yon malandren, yon avadra, yon salopri men yon viktim legliz ak lekòl kolonyal yo tankou pi fò nan nou.
M te yon viktim tou ki menm te konn ekri « Je n'ai aucune connection avec l'Afrique ». Erezman m te jwenn mentor tankou Maye Élizée ak Norluck Dorange ki te rale zòrèy mwen, men ki pat eseye imilye m jan nou fè « colon moderne » nan.
Dorange, youn nan pwofesè m e m kontinye ap aprann nan men l e nou konn pa dakò, te voye sitasyon Cheik Anta Diop sa a sou bwat mwen an 2007, britsoukou revèy mwen te kòmanse: « Le n***e oublie que ses ancêtres qui se sont adaptés aux conditions matérielles de la Valée du Nil sont les premiers guides de l'humanité dans la voie de la civilisation (...) où le reste de la terre était plongé dans la barbarie ». M te ka pi mal pase ekonomis lan.
Lènmi mòtèl manman nou Ayiti se elit nasyonal kòwonpi san wont lan k ap piye, detwi peyi nou an, se nachon malveyan yo k ap chwazi dirijan nou yo pou anpeche n rekouvre souverènte nou, pou n eksplwate resous natirèl nou yo, Etazini di: « Se rezèv estratejik li ». Resous nou yo pou n devlope nachon an pou nou tout pitit li jwi l. Lèmi an se pa frè nou an Etzer Émile, se blan malveyan yo ki dèyè l yo, patwon l yo. Posib li bay diskou sa a se paske li ka se chwa a patwon l, pou enpoze l prezidan Dayti nan maskarad eleksyon yo anvi fè anvan 2005 lan fini paske yo bezwen ranplase 9 gang yo te plase nan tèt peyi anba paravan CARICOM an 2023.
Antouka Ricot Dupuy dakò ak refleksyon m nan, li di li menm: « Etzer Emile ap chache atire atansyon moun ki bay pouvwa an Ayiti ». Ekomomis Etzer Emile, ou jwe jwèt patwon w lan byen depi nan piblikasyon liv la men se Dieussalines ki pouse w vomi pawòl sa yo nan moman sa a menm pou montre tout moun ki sanse, ki konnen e konprann listwa, jan ansyen minis edikasyon an Pierre Josué Agénor Cadet ekri l la: « Oublier Dessalines, c'est trahir la dignité. Oublier Vertières, c'est nier notre raison d'exister ». E Miché de Payen fè sonje: « Les mots imprudents font parfois plus de dégâts qu’un cyclone ». Edito Mwa Novanm 2025 #100

Call now to connect with business.

Adresse

Port-de-Paix

Téléphone

(509) 3848-5890

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Le Novateur publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Le Novateur:

Partager