31/07/2026
Avèk sèlman 1 500 goud, yon jèn agronòm bati yon antrepriz epi kreye djòb nan Bonbadopolis
Gen moun ki wè difikilte kòm yon fren pou avni yo, tandiske gen lòt ki fè l tounen yon sous motivasyon. Se egzakteman sa Nick-Enley Timothée demontre.
Pou premye epizòd ribrik "Yon Sitwayen, Yon Istwa, Yon Vizyon" an, ekip Le Frantz lan te pran direksyon lokalite Krèv, nan twazyèm seksyon kominal Bonbadopolis, pou al rankontre jèn antreprenè sa a ki deside envesti lakay li epi kreye opòtinite pou kominote li.
Nick-Enley Timothée fèt nan sant vil Mòl Sen Nikola. Lavi pa t fasil pou li. Depi byen bonè, li pèdi youn nan moun ki te pi chè pou li: manman li. Apre trajedi sa a, li te oblije kite vil natal li pou l al viv ak granparan li nan Krèv. Malgre gwo chòk sa a, li pa t janm kite difikilte kraze rèv li. Li fè tout etid klasik li nan Salem, youn nan pi gwo lekòl ki genyen nan kanton an.
Apre NS4, li ale Pòtoprens pou kontinye etid siperyè li nan UNASMOH. Se la li chwazi etidye agwonomi, yon domèn ki te toujou pasyone l, paske li te toujou kwè agrikilti kapab jwe yon gwo wòl nan devlopman peyi a.
Avèk sèlman 1 500 goud, li lanse yon ti antrepriz pou transfòme grenn maskreti an lwil. Kòmansman an pa t fasil, men grasa disiplin, detèminasyon ak bon jesyon, antrepriz la grandi piti piti.
Jodi a, biznis li a pa sèlman mete an valè yon resous lokal, men li kreye travay tou pou kat (4) moun, yon reyalizasyon ki montre antreprenarya kapab pote chanjman menm nan zòn riral yo.
Nan entèvyou li ak Le Frantz, Nick-Enley rakonte tout etap li te pase yo, depi nan moman ki te pi difisil yo rive nan premye viktwa li yo. Li pataje tou vizyon li pou devlope antrepriz li, kreye plis djòb epi ankouraje lòt jèn kwè nan kapasite yo.
Si ou vle dekouvri istwa li an detay, gade entèvyou konplè a atravè lyen ki nan premye kòmantè a.
Pa bliye abòne ak paj la, pataje atik la epi kite yon kòmantè pou ankouraje inisyativ ki mete jèn ayisyen yo an valè.
Si ou se yon jèn ki gen yon pakou ekstraòdinè oswa yon pwojè ki merite plis vizibilite, oubyen ou konnen yon moun ki merite rakonte istwa li, kontakte ekip Le Frantz lan sou +509 4475-0953. Petèt se istwa pa li k ap pwochen nan ribrik "Yon Sitwayen, Yon Istwa, Yon Vizyon".