
07/21/2025
Timesye Festi Color yo avèk Paryaj Pam reyalize samdi 19 jiyè 2025 la nan lakou lekòl Nasyonal Sen Jozèf (Kay Frè A) Pòdepè pwemye edisyon . Festival la ki te dwe kòmanse 10è nan maten avèk jwèt domino, kat, foutbòl, kous ak sak, marèl pou nou site sa yo sèlman pat rive fèt.
Dezyèm pati festival la ki se pèfòmans gwoup ak atis yo pa rive kòmanse nan lè ki te pwevwa akoz yon pwoblèm son. Sa ki ta pwal fè festival la kòmanse a 6:47 PM avèk Ander Mix. Anviwon 700 rive 800 moun te reponn prezan pou make prezans yo nan pwemye edisyon la samdi 19 jiyè a, nan lakou Kay Frè A.
Malerezman, festival la pwal kanpe a 11:17 PM avèk yon gwo lapli, sa ki te mete òganizatè yo nan gwo difikilte pou te kontinye avèk pwogramasyon pwemye edisyon la.
Ekip FrantzHits Show a te sou plas pou pote imaj yo pou ou. N ap fè w viv oswa reviv pwemye edisyon la avèk imaj sa yo.
Photo : Kenno Shoot
Festi Color HT | Eugene Schurchy Shervensky