Radio 9Stereo

Appeler Itinéraire Site Web Contacter l'entreprise

Radio 9Stereo Crée en 2022 Radio 9Stereo est une station de radio qui diffuse actualité sur politique,sport,Culture

11/10/2026

Moun Senmak sinn pa kouri Dèyè Nèg ak zam sayo nan vil la nou gen pounn nan kouri siyo te pisan konsa se pa Senmak yo tap vinn kache bay bandi ap banbile lakay yo

11/10/2026

Blòkos Dènye Nouvèl
Bèto kikonn nan Pòs peyaj Kowalisyon ta tonbe nan afontman gen 3 lòt moun ki pran bal Lapolis deja sou Sòl la

11/10/2026

Ta sanble gen moun ki pran bal nan zòn Blòkòs la. Gen kèk kay yo ta menm kraze anba bal selon info seta 2group ame kap frape anlè a moun senmak sinn pa kouri dèyè nèg ak zam sayo nan vil la pita ka pitris siyo te pisan konsa pouki yap kouri kite lakay yo vinn kache senmak

MANISE MERISIER TA JWENN NAN BIWO KAZÈK ARSÈNE GUILLAUMEManise Merisier, jèn demwazèl fanmi li te kwè ki te kidnape nan ...
10/10/2026

MANISE MERISIER TA JWENN NAN BIWO KAZÈK ARSÈNE GUILLAUME
Manise Merisier, jèn demwazèl fanmi li te kwè ki te kidnape nan zòn Lign Banik ak Charettes, nan komin Senmak, ta prezan kounye a nan biwo kazèk Arsène Guillaume, ki nan Banik.
Kazèk la fè konnen pa gen okenn ka kidnapping ki janm fèt nan seksyon li ap dirije a depi 9 lane pito se Demwazel la ki mete ansanm ak konplotè Parèy liyo pou fè kòb sou fanmi li

Lajistis ayisyen an nan dèy. Jij Mécène Jean-Louis mouri nan lannuit madi 6 pou rive mèkredi 7 oktòb 2026, youn nan piti...
07/10/2026

Lajistis ayisyen an nan dèy. Jij Mécène Jean-Louis mouri nan lannuit madi 6 pou rive mèkredi 7 oktòb 2026, youn nan pitit gason li yo konfime nouvèl la.

Mécène Jean-Louis se te yon gwo figi nan sistèm jidisyè ayisyen an, e li te gen anpil respè nan mitan majistra yo. Li te sitou vin pi konnen nan lane 2021, lè yo te deziyen li pou ranplase Jovenel Moïse kòm prezidan Repiblik la, nan yon kontèks kriz politik ki te genyen nan peyi a.

Jij Mécène Jean-Louis te ansyen prezidan Tribinal Kasasyon an. Li te fèt 6 mas 1949 nan Desalin e li mouri nan laj 77 an.

Pandan plizyè dizèn ane, li te konsakre lavi li nan sèvis lajistis ak nan ansèyman dwa nan peyi Ayiti. Disparisyon li reprezante yon gwo pèt pou fanmi li, pou magistrati ayisyen an ak pou sektè dwa ak jistis la an jeneral.

Delmas 32 : Yo dekouvri twa kò san viLendi 28 la, twa kò san vi ta jwenn nan zòn Delmas 32. Paran viktim yo deja rive so...
28/09/2026

Delmas 32 : Yo dekouvri twa kò san vi

Lendi 28 la, twa kò san vi ta jwenn nan zòn Delmas 32. Paran viktim yo deja rive sou plas pou idantifye ak verifye sitiyasyon an.

Dapre enfòmasyon ki disponib, jèn yo t ap soti nan yon pwogram, malgre paran yo te deja konseye yo pa ale nan zòn nan. Viktim yo ta soti nan zòn Ti Plas Kazo.

Pou kounye a, detay sou sikonstans lanmò yo ak idantite viktim yo poko klè. N ap tann plis enfòmasyon ofisyèl sou ensidan an.

RepostJeudi 24 septembre 2026 la Nou remake yon kadav nan dlo koupalenn nan nan vil machan Dessalines nan lokalite pasa ...
25/09/2026

Repost

Jeudi 24 septembre 2026 la
Nou remake yon kadav nan dlo koupalenn nan nan vil machan Dessalines nan lokalite pasa wòch.
Siw ta gen yon fanmi ki pa entre tcheke pou konnen men se yon dam li ye.

Camera lakay enfo

25/09/2026

Daprè sous nou Bilan operasyon nan Marchand Dessaline jodia 2 ajan FRG pran bal, 1 gang savyen mouri pa bal

Ayiti Eleksyon ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly inskri kom kandida ala Prezidans
23/09/2026

Ayiti Eleksyon ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly inskri kom kandida ala Prezidans

Pwofèt Markinson Dorilas jwenn liberasyon pwovizwa liPwofèt Markinson Dorilas jwenn liberasyon pwovizwa li jodi lendi 21...
21/09/2026

Pwofèt Markinson Dorilas jwenn liberasyon pwovizwa li

Pwofèt Markinson Dorilas jwenn liberasyon pwovizwa li jodi lendi 21 septanm 2026 la, sou lòd jij enstriksyon Étienne Mercier.

Desizyon sa a pèmèt Pwofèt Dorilas kite prizon an pandan pwosedi jidisyè yo ap kontinye, selon lòd jij enstriksyon an.

Dosye a rete sou tab lajistis la, pandan otorite yo ap kontinye pwosesis legal la.

Adresse

Saint-Marc

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio 9Stereo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio 9Stereo:

Raccourcis

Partager

Catégorie