14/10/2020
Remèd lota
Jodi a remed lakay vle pale nou de LOTA ki se yon maladi po ke anpil nan nou konnen, yon maladi pwobableman anpil nan nou genyen déjà.
Lota c yon maladi ki leve sou po nou. Nan lang franse yo rele li Pityriasis Verticolor, se nan zòn zantiy yo yo rele li lota, an afrik yo rele li loto. C yon maladi ki koze pa yon chanpiyon (levure) ki rele Malassezia ki viv sou po moun depi nan laj bebe. Chanpiyon sa a renmen devlope kote ki gen grès sou po nou, se sa ki fè li fasil poul devlope nan sebòm po a sekrete epi c nan rasin pwal nou chanpiyon an plis viv.
Maladi Lota pa kontajye. Ka kote moun k bay moun li ra anpil. Se yon maladi ki devlope lèl jwenn faktè ki favorize li.
Kèk faktè ki k favorize’l yo se:
• Po gra
Paske chanpiyon an renmen grès ki nan sebòm nan. Nan sans sila a, lota ap fi fasil devlope sou po moun ki gen laj 18 a 40 lane, paske c nan laj sa yo po moun sekrete plis sebòm.
• Laswè
Tout sa ki lakòz moun swe oubyen tout rad sentetik oubyen plastik ki kenbe swè epi kifè anpil tan sou moun lan kapab fovorize Lota sou po.
• Jenetik
Pafwa yo konn remake gen moun menm fanmi ki pap viv menm kote ki genyen Lota.
KOMAN POU EVITE GEN LOTA
• Evite reyini faktè ak kondisyon ki ka favorize devlopman chanpiyon an tankou:
- Evite Itilize pwodwi kosmetik ki gen anpil lwil;
- Lite kont grès sou po'w si'w gen po gra;
- Evite mete rad ki fèt ak twal sentetik epi two ki two fèmen, siw konnen'w pral pase anpil tan ak rad la sou ou epi'w pral swe ladan tou;
- Mete rad koton sitou lè nou konnen nou pral transpire anpil;
- Seche kò nou byen chak fwa nou fin benyen avan nou mete rad sou nou ;
• TRETMAN
- wap bezwen vinèg avek bitabonat melanje yo pase sou yo chak lew fin benyen
Chak swa pase poud kafe sou yo
Epi 2 u 3 semaine yo tout mprale
Mgarantiw u pap jnm gn bgy sa yo anko😒