
09/06/2025
> Mwen se Ayisyen, e mwen fyè de sa ! 🇭🇹🔥
Yo ka kritike, yo ka meprize, men yo pap janm ka efase istwa nou.
Nou se premye pèp nwa ki te pran libète pa fòs, nou se senbòl kouraj ak rezistans.
Ayiti, se plis pase sa w tande nan nouvèl. Se kreyativite, talan, pasyon, eritaj, ak lanmou.
Chak jou m'ap leve ak fyète pou mwen reprezante ble ak wouj la.
Bay respe pou Ayiti. Bay lanmou pou pèp mwen.
✊ Si w fyè de orijin ou, mete yon drapo anba komantè a.