Chache konnen media

Chache konnen media Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Chache konnen media, Société de médias/d’actualités, Saint-Marc.

•Valoriser la culture hayitienne:
•Promouvoir les sites historiques:
•Percevoir la politique dans un autre angle.

Yon nouvo Medya pou yon lòt modèl sosyete...

28/03/2026

Mèt Strovensky Jean-Baptiste denonse komisè Roosder OCCÉAN kòm moun ki libere Tilwi ensikoni...

Avoka Strovensky pran mikwo laprès maten vandredi a,pou li denonse komisè Roosder OCCÉAN ki libere Tilwi ensikoni ki fè pati 4 endividi ki vyole yon jèn demwazèl ki genyen selman 19 lane nan dat 23 Fevriye pase a nan Yon baz ki twouvel nan zòn Blòkòs vil Senmak.

Mèt ale pi lwen pou li denonse yon ekip Jen gason ak zam ki pa sispan fè move aksyon sou manb nan popilasyon anba je lapolis ak lajistis, sou kouvèti kowalisyon ki di yap batay pou pèp nan Latibonit dènye ane sa yo.

Nap raple lapolis te rive poze lapat sou Tilwi ensikoni nan dat 21 Mas pase a ki malerezman ta pwal jwen liberasyon li sou lòd komisè Roosder OCCÉAN ayè mèkredi 26 la, san komisè a pa rive tande demwazel la ni paran viktim nan. Pou koulye a manb Fanmi an lage nan mawon, paske yo pa sispan sibi gwo presyon anba men Tilwi,Roody, Djab tèt pa dwat ak Emerson ki se 4 prezime kadejakè ki pran plezi nan vyole jèn fanm ak tifi nan site Nissage SAGET a.

Yon dosye n ap kontinye swiv...

Chache Konnen Medya 2035

12/03/2026

LAPOLIS NAN VIL vil SENMAK DEKLARE TRAVAYÈ LAPRÈS YO LAGÈ.

Men komisè polis Awondisman Senmak ki responsab polisye k ap tòtire jounalis nan sou komisarya fresino a. Se li ki responsab polisye yo, enspektè Makendy, se li ki pase lòd fòmèl depi se jounalis mare yo ak fil sèso, menmjan nou wè polisye yo an prezans enspektè Makendy te mare Carlos Augustin ak fil sèso.

Se an prezans enspektè Makendy polisye nan pòs fresino a yo arete jounalis Carlos Augustin depi nan anviwon 4hr nan aprè midi, epi yo pajanm bali telefòn pou l rele fanmi l. Se jis a 8h30 lè enspektè Makendy k ap travay sou lòd CP Ereste Nestor santi misyon an enposib, li bay jounalis la fè yon apèl aprè yo fin maspinen jounalis la.

Grenn Pwomennen Média

16/02/2026
Chache Konnen Medya 2035 ap swete Bon Rekòt lavi ak  Charlson DORCEUS.
03/02/2026

Chache Konnen Medya 2035 ap swete
Bon Rekòt lavi ak Charlson DORCEUS.

03/02/2026

Jounalis Matiado VILMÉ travèse kite mond jounalis la ayè Dimanche 01 Fevriye a...

Aprè plizyè lane li fè ap batay ak yon maladi kansè, malerezman li rive sikonbe ayè dimanche premye Fevriye a, Lakay li nan petyonvil a sèlman 35 lane.

Jounalis Matiado se te yon senbòl, yon modèl telman li tap ekzèse metye a ak anpil lanmou epi pwofesyonalis. Jodi a li ale se tout mond jounalis la ki pèdi yon etwal, yon manman pou anpil lòt konfrè ak konsè jounalis malgre laj li.

Ekip Chache Konnen Medya 2035 la koubel byen ba douvan depa jen etwal sa ki pati.

12/01/2026

12 Janvye 2010
12 Janvye 2026

16 Lane aprè, ki sa nou wè ki chanje...

Chache Konnen Medya 2035 salye memwa tout frè ak sè nou yo ki te pati kite nou nan gwo katastwòf sa kite pase 12 Janvye 2010 nan peyi Ayiti, kote plis pase 3 mil kretyen vivan te vale batistè yo, plizyè milye lèzòt te nan obligasyon deplase kite Lakay yo.

16 lane aprè ki leson nou tire?

Eske Nou pare pou yon lòt fenomèn nan nivo sa ankò?

Ki prevansyon leta fè pou anpeche plis moun viktim nan jan de katastwòf natirèl sa yo?

Se yon seri kesyon k ap kontinye poze, malerezman repons yo ap pran tan pou yo vini telman sitiyasyon peyi ap degrade chak jou Bondye fè jou.

Nou se

12/01/2026

Bon anniversaire Johnny FERDINAND...

Adresse

Saint-Marc

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Chache konnen media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Chache konnen media:

Partager