30/05/2025
ATIK ISTORIK
Desina Jonas
Jounalis endepandan
SA PA T GEN LONTAN, DEPI YON EKIP ZANMI AYITI TE DI: YON GOUVÈNMAN TRANZISYON PAKA RANPLASE YON LÒT GOUVÈNMAN TRANZISYON.
Kisa pawòl sa a devni sou tè peyi Dayiti?
Lide tranzisyon pa konn chanje a, se prensipal koz ki te bay ansyen premye minis Ayisyen an lajwa pou yon dènye sòti pou 2 misyon spesyal nan finisman mwa Fevriye 2024 la.
Apèn li fin siyen yon akò ak kominote entènasyonal la pou òganize eleksyon an 2025, Ariel Henry pran vòl pou peyi Kenya nan objektif pou rive bay dènye kout plim li sou kontra li ak prezidan gouvènman peyi Kenya a pou finalize pwosesis ki fè kwè yon fòs lame etranje dwe debake sou sòl papa Desalin nan pi vit pase mache prese.
Dèyè do mesye minis la, pandan pèp Ayisyen an pran plezi pase nan rizib enkapasite pou li te byen delivre yon diskou nan lang ameriken yo, yon lòt bò gwoup gang yo te rive fè yon sèl kò ki rele "viv ansanm" pou simen latwoublay nan tout nivo leta a, sa ki lakoz plis tèritwa te rive pèdi nan mwens pase yon semèn, pi gwo sant penitansye yo kraze, kote tout mond lan te oblije asiste pouvwa gang yo nan piba nivo feblès leta ak tout enstitisyon li yo.
Yon sitiyasyon ki pat nan dimansyon fòs legal yo, ki te rive koz pòt penitansye nasyonal la louvri, prizon sivil Kwadèboukè kraze, polisye ak sivil mouri anba bal, divès komisarya nan kapital la pase anba flanm dife san konte lòt biwo leta ak biznis prive ki devaste.
Alòske li te gen pou antre lendi 4 Mas, sa pat pran anpil tan pou popilasyon an nan divès depatman te leve kanpe pou mande Ariel Henry rete deyò peyi a.
Malgre tout mannèv ki te fèt pou li antre, malerezman jouk jodi a Ariel Henry pa konn ki koulè yo pentire Pòtoprens nan dènye jou sa yo. Premye minis fòs miltinasyonal la ki tap prepare pou fè eleksyon 2025 revoke tèt nwè.
Jouk jodi a, divès kesyon kap poze plane gwo dout sou ki gwoup ki ta vrèman responsab rezilta sa a:
Èske se pèp la?
Èske se gang yo vre ak senp volonte yo?
Èske se pa yon konplo entènasyonal ?
Aprè 3 jou depi li t ap gade peyi a nan gri lantouray, PM Ariel finalman pa t konte pami chèf kap dirije peyi a depi jounen 6 Mas 2024 la.
Èske nouvo gouvènman an pral yon desizyon Ayisyen san blan?
Pi lwen tout sa majorite a te atann, yon lòt fwa ankò politisyen nou yo te montre yo pa kwè nan souverènte, yo te montre byen klè yo gen mèt epi rapidman sede bay caricom fè tankou se li ki mèt sitiyasyon an.
Yo te rive pran plis pase yon mwa pou enstale yon konsèy nan tèt peyi ki pote non Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon ki fòme ak diferan sektè lavi nasyonal la an majorite sektè politik la, ki te gen majorite reprezantan yo ki te nan pati opozisyon kèk jou avan deblozay yo.
Libètinay ki vin genyen nan okazyon konsèy 9 manm sa a, ki pa konstitisyonèl, ki sèlman fonksyonèl san defann enterè siperyè nasyon an montre a klè selon kèk moun, fèmen Ariel deyò a pat yon aza, se te yon plan byen monte, yon lòt epizòd nan feyton kominote entènasyonal la sou Ayiti.
Moun ki mete tranzisyon an, se li ki ka ranplase li pa tranzisyon li vle a. Se lavi Ayiti depi aprè asasina prezidan Jovenel Moïse.
Jonas Desina
Koze Ayiti