13/10/2025
Rete nou 3 pòtay pou n kraze, pou n ka rive sou tèt mòn nan ! Rete nou 3 konba, 3 janbe dife, pou solèy leve sou nasyon an san l pa janm kouche ankò ! Rete nou 3 kous bourik, 3 pas dlo, pou n rive kote nou prale a ! Rete n 3 so kabrit pou n bay advèsè yo, avan n frape lestomak nou pou n gade mond lan nan je, e fè yo sonje kilès nou ye ! Rete nou 3 konba pou n livre, avan n reviv yon lòt 1974.
Depi anvan n te fòme yon nasyon, nou te deja yon ras moun rebèl. Lame Rochanmbo a pa t rive jwenn bout nou, se pa ti blakawout, lapli, loray ak pa dòmi, ki pral anpeche n pase bouldozè a sou yo.
Nou se yon pèp ki fyè. Yo pa janm fè n kado. Tout sa nou posede, se fòs kouray nou ki ban nou l ! Alòs, nou pral refè sa n konn abitye fè : kase chenn, kraze miray, rache libète, e mete tèt nou kote n merite ye !
Nou tout swete yon sèl bagay : Wè Dikendz Nazon ak chapo pay li, Jozye Kazimi ak chemiz karabela l ! Jan Jak Danle, an bon ti frè Jan Jak Desalin, k ap ranje kanson l nan tay li ! Belgad k ap pase djakout li anwo do l, Rikado Ade ak sandal atizanal li, ki pral defile sou kapèt wouj ki mennen nan wonn sant mondyal la. Pou n di lemonn antye : Wi, AYITI la !
Si se rasanble n ap rasanble pou n gad match yo ansanm, rasanble ! Si se yon ti mo nou ka di nan yon komantè, dil ! Si se dife nou ka mete anba pòs yo pou ankouraje Grenadye yo, mete l… Nou tout dwe mete men pou n bay Grenadye yo bourad, pou rèv la reyalize pandan je n kale ap gade yo !
Ayiti, NOU NAN BATAYYYY 💙❤️🇭🇹💙❤️🇭🇹💙❤️🇭🇹