Pamsepaw Prod.

Pamsepaw Prod. Promo

06/12/2022

Joyeux anniversaire à Shelove Perrin

23/10/2022

KREYOL

MIKABEN - Michaël Benjamin 27 jen 1981 - 15 oktòb 2022

Se ak yon kè sere, ak ampil chagren ke nap pran lapawòl pou pale de Mikaben ki pati kite nou. Se te yon kokenchenn gason, yon moun karismatik, yon moun pozitif. Li te yon moniman nan endistri mizik la.

MIKABEN se pat sèlman yon chantè ki te gen ampil talan, li te yon pwodiktè ak yon konpozitè mizik, li te ekri mizik, li te yon antrenè vokal, ak yon aktè tou. Sou tèt tout talan sa a yo, Mikaben te yon bon moun, janti, jenere, yon papa ki te gen anpil lanmou pou pitit li yo, yon mari devwe. Li te yon gason djanm ki te renmen fanmi li anpil. Nou vreman gen anpil rekonesans pou tout bèl moman nou pase avèk li e pou tout moman ke mizik li yo ap toujoun pèmèt nou pataje ansanm. Nap toujou sonje l. Mèsi Mikaben pou tout bèl eritaj sa a!

Nou vle di tout fanatik solid Mikaben yo mèsi pou lanmou ak sipò san limit yo. Antan ke reprezantan ofisyèl li, nou rekonesan pou tout sipò nou resevwa nan men moun atravè tout mond lan, ki vle onore memwa Mikaben. Nou wè tout piblikasyon yo, tout chante li yo ke nap pase, moun kap fè desen, kreye miral elatriye, ak tout moun kap fè vijil e kap rasanble nan memwa li. Tout jès sa yo manyen kè nou fò.

Pou onore li, nap kontinye mete enfòmasyon sou platfòm li. Sa pral pèmèt nou toujou sonje li, epi lap pèmèt nou pataje tout jan piblik la ka pote yon sipò bay fanmi li ak tout kòz li tap defann yo.

Pou reponn a tout moun ki te deja mande kijan yo te ka ede, ak aprobasyon nou, fanmi Mika òganize yon paj entènèt pou resevwa tout jès jenerozite anpil moun vle demontre. Don sa yo pral pataje konsa: pi fò pou ede nan depans twa pitit Mika yo, tankou lekòl, inivèsite, ak doktè. Yon lòt pati pral jwenn Ti Souf, ki se yon oganizasyon Mikaben te mete sou pye an 2010 pou pote soutyen li ak pèp Ayisyen.

Antèman Mikaben ap fèt nan Miami Florid, dimanch kap 6 novanm 2022 . Pou zanmi nou ki an Ayiti yo, nap chante yon lamès. Detay yo pral kominike dan pa twò lontan pou pèmèt tout moun ki ta vle vin rann li omaj.

Mèsi tout moun paske nou selebre Mika nou an.

***************************************************
FRANCAIS

MIKABEN - Michaël Benjamin 27 juin 1981 - 15 octobre 2022

C’est avec le cœur lourd que nous adressons le décès de notre très cher Mikaben, un homme extraordinaire doté d'un charisme et d'une positivité formidables. Une véritable icône et un pionnier de l'industrie musicale.

En plus d’être un chanteur talentueux, Mikaben était aussi un producteur/compositeur de musique, un parolier, un coach vocal, et un acteur. Outre ses nombreux talents, Mikaben était avant tout un homme gentil et généreux, un père aimant, un mari dévoué, et un homme de famille équilibré. Nous sommes vraiment reconnaissants pour tous les beaux moments qu'il a partagés avec nous dans la vie et à travers sa musique. Il nous manquera profondément et son héritage vivra pour toujours. Merci pour tout Mikaben.

Nous tenons à remercier particulièrement tous les fans dévoués, pour l’amour et le soutien inébranlables qu’ils continuent de manifester. En tant que représentants officiels de son patrimoine, nous sommes reconnaissants pour toutes les marques d’affection que nous avons reçues de ceux qui, à travers le monde entier, ont honoré Mikaben. Nous sommes touchés par chaque geste, par la publication et la diffusion abondante de ses chansons, par tous les artistes créant des dessins, des peintures murales et autres, et par tous ceux qui organisent des veillées et qui se rassemblent en sa mémoire.

Afin de lui rendre hommage, nous continuerons à mettre à jour sa plateforme pour honorer sa mémoire et partager des moyens de soutenir sa famille et les causes qui lui sont chères.

En réponse à l’abondance de générosité manifestée par le public, et avec notre accord, la famille de Mika a mis en place un canal pour accepter les dons destinés au soutien de son patrimoine. Les dons seront alloués ainsi : la majorité des dons ira à un fond commémoratif pour aider à couvrir les dépenses associées aux trois enfants de Mika : écolage, université, soins médicaux et fonds d’épargne. Ti Souf, l'organisation à but non lucratif créée par Mika pour apporter un soutien au peuple haïtien, en recevra une portion également.

Les funérailles de Mikaben auront lieu à Miami, en Floride, le dimanche 6 novembre. Pour nos amis d'Haïti, une messe sera célébrée. Les détails seront communiqués prochainement pour permettre, à tous ceux qui le souhaitent, de venir lui rendre hommage.

Merci à chacun de vous d'avoir célébré notre bien-aimé Mika.

***************************************************
ENGLISH

MIKABEN - Michaël Benjamin June 27, 1981 - October 15, 2022

It is with a heavy heart that we are addressing the untimely passing of our beloved Mikaben, an incredible human being with tremendous charisma and positivity. A true icon and a pioneer in the music industry.

Mikaben was not only a talented singer, but also a music producer/composer, a songwriter, a vocal coach, and an actor. Along with his many talents, Mika was above all, a kind and generous man, a loving father, a devoted husband and a well-rounded family man. We are truly grateful for all the beautiful moments he shared with us in life and through his music. He will be profoundly missed and his legacy will live on forever. Thank you, Mikaben, for everything.

We’d like to acknowledge Mikaben’s devoted fan base for their endless love and support. As official representatives of his estate, we want to express our gratitude for the support that we have received from everyone around the world who has been honoring Mika. We are touched by each gesture, by the posting and streaming of his songs, by the many artists creating drawings, murals and more, and by everyone holding vigils and gathering in his memory.

In order to honor him, we will continue to update his platform to cherish his memory, and we will share ways to support causes dear to him.

In response to the outpouring of generosity shown by the public, and with our endorsement, Mika’s family has already set up a link to accept donations towards his legacy. Donated funds will be allocated essentially as such: The majority of the funds will go to a memorial fund to help cover expenses that Mika’s three children will incur, which will include primary education, college education, medical expenses, and savings. Ti Souf, the non-profit Mika founded to provide support to the people of Haiti, will also receive a portion.

Mika’s funeral will take place first in Miami, Florida on Sunday november 6th.
As for our friends in Haiti, there will be a mass. The details will be communicated soon to allow all who wish to come and pay tribute to him.

Thank you all for celebrating our beloved Mika.📝

Crédit 📝 📷: Mikaben

RIP MikaBenPic: Robenson Lauvince
16/10/2022

RIP MikaBen
Pic: Robenson Lauvince

25/09/2022

Déus DERONNETH, Depite Marigo 50 Tyèm lejislati

Ayiti nap viv la pa bon… Nou dwe fè yon lòt Ayiti.

11/08/2022
Clyford Charles aka Don FordMix Birthday BashAdm: 500 Goud Lieu: st-marc, Benz Palace
28/06/2022

Clyford Charles aka Don FordMix
Birthday Bash
Adm: 500 Goud
Lieu: st-marc, Benz Palace

Pou kisa KrisPek idantifye l sou non « NÈG BÈF LA » ?Mwen sòti nan yon seksyon kominal ki rele JEAN-DENIS.Avan m te bay ...
22/05/2022

Pou kisa KrisPek idantifye l sou non « NÈG BÈF LA » ?

Mwen sòti nan yon seksyon kominal ki rele JEAN-DENIS.
Avan m te bay tèt mwen non NÈG BÈF LA, nenpòt moun ki sòti nan zòn nan, lè yon moun konnen yo se moun JEAN-DENIS, yo ba yo yon fawouch ki di "moun Jean-Denis fè foto ak bèf".
Se yon fawouch banal, men
te kanmèm gen moun ki fè moun ennmi pou sa.
Gen moun ki joure moun pou sa.
E genyen ki menm goumen ak moun pou sa.

Lè m t ap lanse karyè m an 2014, Mwen te jije bon pou m jwenn on "gimmick" ki asosye m ak orijin mwen, epi m twouve non an.
Gen moun ki te di m pou m chanje l men m te refize.

Lè m t ap sòti pwojè demo "SE MWEN SA" a an 2015, mwen te fè yon mizik ki eksplike rezon ki fè m bay tèt mwen non an.
Yon ti tan aprè, mizik la rive jwenn moun nan zòn nan, yo anbrase mouvman an, yo akonpanye l.

Yon lòt ti tan aprè, yon gwoup sitwayen ki sòti nan zòn nan deside fè de bèf la ANBLÈM zòn nan.
Se yo tou ki mete estati bèf sa a ke w ap gade nan do m nan, nan rantre zòn nan.
Ki vin fè, jounen jodi a, fawouch ki te konn fè yo fache, joure, goumen an, vin yon senbòl fyète pou yo kounya.
Men tou, se pi gwo akonplisman m nan karyè m. Pi gwo e pi bèl batay mwen mennen e genyen ak peyizan m yo.

Tout sa se pou m di ou ke zam yo ap itilize kont ou yo ka toujou san efè si w g on moral ki wo ak yon trè bon strateji pou w defann. 🙌🏿

Credit: KrisPek

Yon moto 3wou kraze epi yonn 110 aprè yon chofè trelè siman t pèdi kontrol li sou wout fresino a, Zòn Maguana hôtel (Sen...
13/03/2022

Yon moto 3wou kraze epi yonn 110 aprè yon chofè trelè siman t pèdi kontrol li sou wout fresino a, Zòn Maguana hôtel (SenMak)....gen yonn nan chofè moto yo kipran gro frap nan pye...... T gen de moun kite pran chofè trelè a metel nan machin pou ale nan pòs Polis fresino a.

25/02/2022

Koman pou defann tèt nan ka yon atak siyo anvayi peyiw
🎬🎬🎬🎬 enkoni

Adresse

Ruelle Brillant
Saint-Marc
4310

Téléphone

+50943157010

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Pamsepaw Prod. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Pamsepaw Prod.:

Partager