08/02/2018
Eskew te konnen Sen Mak ap gen Kanaval 9 fevriye k'ap vini la?
Ebyen Mwen vinn anonse nou pi Gro e pi Bèl kanaval k'ap gen nan Depatman an e nan tout peyi a ki se *CARNAVAL DES ÉTUDIANTS* k'ap fèt vanrdredi 9 fevriye a nan vil Sen mak.
Yon kanaval k'ap rich ak zèv atistik, Bèl cha algorik, Mas ki fèt ak Papye mache, kote divès Gwoup ap repwodwi divès sèn ki pase nan listwa peyi a. pandan n'ap Danse, chante ak Divès Gwoup lokal k'ap asire yon bon Jan animasyon mizikal, San konte Divès Gwoup kap soti potoprens, pami yo ROODY ROODBOY, KREYOL LA, MASS KONPA, DJAKOUT #1 pou nou site sa yo sèlman...
Sa wap tann pou'm vinn mange bon Jan lalo latibonit, benyen nan lanmè , nan yon vil kote moun konn akeyi moun, yon vil ki konn pran ka moun e ki pote pri vil ki gen plis sekirite nan peyi a.
Randevou a se 9 fevriye, Sen Mak pou vinn swiv Gro aktivite kiltirèl si la a.
Moun SEN MAK di "ANSANM, ANN CHANGE SEN MAK" ebyen ou menm vinn Ede yo fè changman an, Se yon prèv k'ap montre "AYITI SOU WOUT CHANGMAN AN" tout Bon vre !