ARTIK MÉDIA

ARTIK MÉDIA Artik Média est un espace numérique dédié à la promotion et à la diffusion des richesses culturelles d'ici et d'ailleurs

12/05/2026
11/05/2026

🟡 AKTYALITE |

Yon konfli tè ki egziste depi 2021 nan senmak zòn tisitron fanmi ki gen Altenord Frantzeen kòm pale nan mikwo laprè vendredi 08 Me 2026 la, aprè anpil menas fanmi ap fè sou fanmi ak Pierre Louis.
Selon mèt Altenord ensikoni kise pitit LAURENT Joseph fe konnen lap voye dron ak anviron 150 polisye fe masak(bain de sang) sou tout fanmi sayo ki Eritye espas la.

Met Altenord pa sispann mande AK otorite lajistis yo pran responsablite yo pou fanmi LAURENT pa mete vil la KO parapò ak gwo malè pandye ki sou tet senmak..

Ann swiv Met Altenord Frantzeen 👇🏻
ARTIK MÉDIA
[email protected]

08/05/2026

🟡 AKTYALITE ||

Rishkard Salomon se Jenn gason sa ki gen imaj li kap sikile sou tout rezo Sosyal yo depi kek Jou, ki fè konprann li se manb kowalisyon Kap simen latroublay nan mitan popilasyon senmakwaz la.
Rishkard deside pran chemen laprès pou Di AK popilasyon an li pa li pa manb kowalisyon pito se Joseph ak tout pitit li ensikoni Kap sal imaj li pou dosye TÈ nan zon tisitron.

Selon plizyè fanmi Eritye fè konnen fanmi LAURENT pagen tè nan espas la anko paske gran paran yo te gentan vann tè yo. Se rezon sa ki lakoz Dimansyon ap sal imaj fanmi Salomon sou rezo Sosyal yo.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

plis detay nan video sa👇🏻👇🏻

12/04/2026

🔴 AKTYALITE | POLITIK

Vendredi kite 10 avril 2026 la anviron 10h nan Maten nan pou lapè nan vil Senmak gwo seremoni prete sèman, te oganize nan tribinal Sila pou mete an fonksyon plizyè nouvo chef ministè afè Sosyal nan site nisaj sajè a pami chef sa yo,
🔸JOSEPH Duquene se Nouvo Direktè depatmantal a.i afè AK travay senmak(MAST)
Akonpanye
🔸MALVOISIN Maxo Direktè depatmantal annapre a.i ministè afè Sosyal ak travay.
🔸JEAN Jeannot Chèf sèvis jiridik a.i depatmantal Ak
🔸MAXI Gordons Profesyonèl senyò 3 a.i depatmantal Senmak. Gwo seremoni Sila te dewoule an prezans kek otorite tankou komisè Gauthier kise Nouvo chef polis la nan vil Senmak.

ARTIK MÉDIA

🔴 Aktyalite|Blot Tonia, se non Jenn  polisyè sa  ki deye bawo depi plizyè mwa, fèk akouche yon ti fi pandan li nan gadav...
23/01/2026

🔴 Aktyalite|
Blot Tonia, se non Jenn polisyè sa ki deye bawo depi plizyè mwa, fèk akouche yon ti fi pandan li nan gadavi.
Lajistis metel an kestyon nan dosye ki gen rapò ak lanmò mari li. Enfomasyon yo fe kwe ki te tire mari li nan yon sèn jalouzi,Pandan lajistis ap pou swiv pwosesis li, gen anpil vwa k ap leve pou mande plis imilite ak konpasyon pou Tonia pami yo Sendika polis la SPNH-17.
Chèf pakè potoprens la mèt Fritz Patterson Dorval te rann yon vizit espesyal ak Jèn polisyè Blot Tonia nan komisarya Delmas 33.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Sekirite|Aktyalite madi 20 janvye 2026 Direktè Jeneral pwovizwa Polis Nasyonal Ayiti (PNH), André Jonas Vladimir Parai...
23/01/2026

🔴 Sekirite|Aktyalite

madi 20 janvye 2026 Direktè Jeneral pwovizwa Polis Nasyonal Ayiti (PNH), André Jonas Vladimir Paraison, lanse yon apèl pou gang ame yo rann tèt yo volontèman, pou diminye pèt lavi moun. Li fè konnen PNH gen kounye a mwayen ki nesesè pou pouswiv gwoup kriminèl yo epi retabli lòd sou tout teritwa a.

🔹 Selon DG PNH la, Tout gang ki vle rann tèt yo ka kontakte lapolis oswa prezante yon kote tankou legliz oswa tanp vodou, apre yap remèt yo bay lajistis.

Pandan chèf PNH la pa sispann mete aksan sou ranfòsman kapasite operasyonèl lapolis la epi kontinye batay kont ensekirite a AP toujou rete yon priyorite nasyonal.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Aktyalite | entenasyonal Mesaj Anbasad ameriken an sou platfòm x, pou mete limyè sou rime Kap sikile sou tiktok via yo...
22/01/2026

🔴 Aktyalite | entenasyonal

Mesaj Anbasad ameriken an sou platfòm x, pou mete limyè sou rime Kap sikile sou tiktok via yon video IA ki fe konprann prezidan Donald Trump anile Operasyon imigrasyon yo ozetazini.

Tout ayisyen Kap viv USA pridan ak mesaj ak video nap gade sou rezo yo.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Aktyalite | entenasyonal Nan dat 20 janvye 2026,anviwon 10è nan aswè, Apèn avyon prezidansyèl ameriken an (Air Force O...
22/01/2026

🔴 Aktyalite | entenasyonal

Nan dat 20 janvye 2026,anviwon 10è nan aswè, Apèn avyon prezidansyèl ameriken an (Air Force One) te fin dekole pou pran direksyon Davos,peyi Laswis 🇨🇭, li te oblije vire tounen apre yo te detekte yon pwoblèm teknik. Prezidan Donald Trump te sou wout pou al patisipe nan (World Economic Forum.)
Daprè jounal ameriken an

🔴 Politik | Aktyalite 21 janvye 2026 la , Premye Minis   kondane barikad ak kawotchou kap boule ki bloke plizyè granwout...
22/01/2026

🔴 Politik | Aktyalite

21 janvye 2026 la , Premye Minis kondane barikad ak kawotchou kap boule ki bloke plizyè granwout nan Pòtoprens, Premye minis la souliye konsekans yo sou libète sikilasyon, ekonomi an ak inite nasyonal la. Li lanse apèl bay sitwayen yo pou yo eksprime revandikasyon yo nan respè lalwa ak lòd piblik.

ARTIK MÉDIA
[email protected]

🔴 Politik | Aktyalite Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ( ) lanse dimanch 18 janvye 2026 dyalòg politik nasyonal la, nan...
19/01/2026

🔴 Politik | Aktyalite

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ( ) lanse dimanch 18 janvye 2026 dyalòg politik nasyonal la, nan objektif pou jwenn yon konsansis ayisyen sou yon mekanis gouvènans ki kapab asire estabilite peyi a apre 7 fevriye 2026, dat ki make fen manda li, pandan y ap garanti kontinite pwosesis elektoral la ak retablisman sekirite nan peyi a.

ARTIK MÉDIA

[email protected]

Adresse

Pivert
Saint-Marc
HT4310

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ARTIK MÉDIA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à ARTIK MÉDIA:

Raccourcis

Partager

Type