23/09/2025
Mesaj pou paran Ayisyen
Lekòl pral ouvri, mwen vle bay paran yo kèk konsèy, paske paran yo se premye profesè timoun yo.pataje tèks sa pou plis paran ayisyen jwenn konesans
1➡le maten , pa reveye timoun nan avek britalite, ou ka jis grate anba pye li, manyen tèt li. Reveye timoun nan avèk britalite ka ba li mal tèt pou tout jounen an.
2➡lè timoun nan fin reveye , ba li yon ti tan pou' l ka detire kò'l sou kabann nan. Jès sa ap pèmèt li reprann bon sans li.
3➡poze li kesyon tankou:èske ou te byen dòmi? Ki rèv ou fè?
4➡ede'l byen brose dan' l ak benyen.
5➡pa janm kite li ale lekòl san li pa manje anyen, menmsi se yon moso pen fòk ou bali.
6➡nan moman li pral separe avek ou ,di'l ke ou renmen'l e ke ou kwè nan li.
7➡lè li vini nan aprèmidi toujou poze li kesyon tankou: kòman jounen an te ye? Kisa ou aprann jodi a?
8➡fè li benyen avan li manje.
9➡etidye avek li, ede li fè devwa li yo, poze li kesyon pou wè si li konprann tout bagay.
10➡a 8h, 9h fè li al kouche e priye avek li avan li domi.
Pa bliye priye avèk li le maten tou.
Si nou fè tout bagay sa yo timoun yo ap pase yon bòn ane skolè. E y'ap pami timoun ki travay pi byen yo.
Like & Pataje mesaj sa ak tout moun ki nan kontak ou poun ede paran yo ak timoun yo.